AVAN
NOU PALE
Tout sa ou fè, panse e di gen yon rezon.
Rezon
an ka yon lojik, yon prèv, yon konfizyon oubyen yon chwa. Si lòm ka deside pa
sèvi Bondye, se pa paske li pi entèlijan ni paske li pa depann de Bondye men se
gras ak volonte Bondye ba li pou l deside. Yo rele sa nan lang fransè a “libre
arbitre” ki se kapasite yon moun genyen pou l deside san pwoblèm. Se Bondye ki pèmèt li paske se li ki te fè lòm e pou jis mond
sa a fini, tout moun ap toujou fèt konsa. Bondye bezwen glwa men li pap fòse
pèsonn paske li diy, li merite sa pou tout tan. Jezi pitit li pat fòse pèsonn
kwè nan li, okontrè, li te vin bay vi l pou l montre kòman Bondye renmen
limanite. Malgre tout verite li te di, li te viv san peche, yo tiye li, antere
li e sou twa jou li te leve soti vivan nan lanmò. Pami tout moun ki te mouri
depi nan tan lontan ki te gen misyon pou fè konnen sali a, se sèl Jezi ki
toujou vivan e se nan li sèlman gen lavi.
Men kèk rezon ki fè tiliv sa a te
prepare :
1.
Fè
moun ki pa kretyen yo konprann sans konvèsyon an paske n
reyalize mo sa a pèdi sans li menm pami kretyen legliz.
2.
Fè
konnen Bondye bezwen sove tout moun men li pap fòse yo fè sa. Poutan
li gen anpil pasyans pou ret tann tout moun tounen vin jwenn li.
3.
Fè
konnen konvèti pa depann de jan moun k ap preche a men de jan pechè a dwe viv
selon pawòl Bondye a.
4.
Fè
konnen pa konvèti pou kèlkeswa rezon an (valab ou pa valab) pap ka sèvi eskiz
nan jou jijman an.
5.
Montre
enpòtans konvèsyon an nan dis rezon.
Moun ki pote mesaj la pa responsab
kondanasyon moun ki resevwa l la, men l ap jwenn rekonpans pou travay li. Depi
w fin tande verite a, ou responsab paske w konnen chemen an. Verite a pa nan
patipri, li pa gen moun li pa jije. Moun ki konn sa ki bon epi ki pa fè l la
gen pou jije. Konsa tou, moun ki pa fè byen an poutèt lòt moun pa fè l, gen pou
jije tou. Tout moun ki pa konvèti t ap gen rezon si
sèlman Jezikri te di li pa bezwen yo ankò, men de bra li louvri ap tann tout
pechè paske se pou sa li te vin mouri. Se sa ki fè gen gwo kè kontan nan syèl
la chak fwa yon moun kite peche pou vin jwenn Jezi. Avan ou fè sa, tiliv sa a
trè enpòtan pouw li. Mwen swete ou konprann !
Jérôme Dorsonne Emerson
KISA KONVETI VLE DI ?
Premye rezon ki ka fè w pa konvèti se lè
w pa konnen sa l vle di. E se youn nan pi gran pwoblèm ki genyen menm pami kèk
moun ki konvèti deja. N ap eseye ba w kèk move lide sou konvesyon avan nou
defini li.
1.
Mete jenou pou
lapriyè
Mete ajenou pou yo lapriyè pou ou pa
yon move bagay men sa pa vle di ou konvèti pou sa, paske konvèti a pa depann de
yon moman lapriyè ni de pouvwa moun k ap lapriyè pou ou a. Si se te sa, anpil
moun pa t ap chite aprè yo fin konvèti, e gen moun ki di yo konvèti plizyè fwa
paske yo te priye sou tèt yo plizyè fwa. Si w
kwè konvèsyon an konsa, ou poko konprann sa l vle di.
2.
Vin manb yon legliz
Vin
manb yon legliz, se pa yon pwoblèm men li pa defini yon moun ki konvèti. Lè w konvèti, ou vin pitit Bondye,
kidonk frè tout moun k ap sèvi Bondye. Se pousa ou reyini avèk yo nan yon lye
chak moman done. Pou pi fò legliz, yo reyini dimanch, pou lòt yo reyini samdi. Kit
dimanch, kit samdi, se de jou ki egziste. Chwazi yon jou pou w adore oubyen
rekonèt Bondye egziste pa sifi pou fè w kretyen paske Bondye la chak jou. Men
kòm nou travay nan semèn, nou pa gen gen menm orè, nou chwazi yon jou pou n
adore Bondye ansanm. Sonje ! Jida tap mache ak Jezi, poutan se li ki ta
pral vann li. Sa vle di, manb legliz pa vle di konvèti. Anplis de sa, gen
legliz lokal ki se kay kote kretyen yo reyini yon
jou espesyal e gen legliz inivèsèl la ki se rasanbleman tout vrè kretyen,
kèlkeswa nan legliz yo ta mache. Jezi se pastè legliz sa a ki reyini tout moun
k ap sèvi l tout bon yo, men se nan syèl la nou pral rekonèt yo finalman.
3.
Chanje
rad, konpòtman ak fason pale
Lè ou konvèti, gen anpil chanjman ki fèt
nan ou. Gen chanjman rapid e genyen ki pran tan tou, sa depan de nivo lafwa ou
ak janw kite Bondye envesti gras li nan ou. Kèk nan sa ki rapid yo se chanje
rad, konpòtman, fason pale. Kèk moun konn kouri di yo p ap janm fè sesi ni
sela, yo se yon lòt moun. Pafwa, gen moun ki konn fè gwo sèman, pran gwo
desizyon yo pral regrèt aprè. Tout sa yo fè pati konvèsyon an men se pa yo ki
demontre moun ki konvèti a vre. Si se ta chanje rad ak fason pale ki montre
konvèsyon, moun ki konn abiye ak moun ki gen pawòl dous t ap pi gwo kretyen ki
egziste. Erezman, konvèsyon an ale pi lwen ke sa. Byen pale, pa janm derespekte
moun, kenbe kò w pwòp e gen yon bon renome nan zòn ou pa ka fè w vin kretyen
pou sa. Se sèl Jezi ki ka fè chanjman nan moun gras ak Levanjil la.
4.
Swiv yon kouran relijye
Yon kouran se yon tandans ki baze sou
yon seri opinyon oubyen santiman. Yon gwoup kwayan di men kisa pou w fè pou w
sove san sa yo di a pa fòseman manche kòrèkteman ak sa ki ekri nan Bib la. Jan sa toujou fèt, kouran an gen defansè li e atakan k ap
chache fanatik pou mache dèyè yo. Yo trè solidè men Jezi te di se li menm ki
verite a, vrè chemen an, lavi a. Pèsonn p ap ka al jwenn Papa li san li pa pase
pa li menm (Jan 14.6). Sa vle di, si se yon kouran w ap swiv san w pa gade
kilès k ap dirije li, ou ka konvèti men se pa nan Levanjil Kris la ou pran
(Galat 1.6-7). Li fasil pou w detèmine si w nan bon ou move kouran. Youn nan pi
gran mwayen an se lè doktrin w ap swiv la pa fè w rayi lòt moun, paske Jezi te
di pou tout disip yo renmen youn lòt (Matye 22.36-38). Si yon moun ap swiv
Kris, li pa renmen w, ou mèt sèten li pran nan yon move kouran, paske Jezi menm
mande pou kretyen an renmen moun ki rayi l (Matye 5.44), alewè pou w ta rayi
yon moun ki pa enmiw, se pi mal.
5.
Ale
legliz chak dimanch/samdi
Mennen machin ou nan garaj chak lè
machin ou anpàn pa fè w mekanisyen pou sa ni tounen yon machin. Menm jan an,
ale legliz chak dimanch pa fè moun konvèti. Ou ka pwofite fè sa pandan ou prale, e prefere ou ale ke w rete deyò, men
se pa abitid la ki fè yon moun konveti, se lè lavi l chanje. Paske si w toujou
ap viv nan peche, mache legliz ak nan tout sèvis pap fè w sove. Se Jezi menm ki
se chemen ki mennen nan syèl la. Li konn kè tout moun e li pa nan patipri. Nou gen egzanp de moun kap mennen movèz
vi epi ki toujou ale legliz. Konsa tou, gen bon. Si nou di tout moun ki ale
legliz se kretyen, nou nan manti paske genyen ki ale men ki pa sa. E si nou di
tou, tout moun ki ale legliz pa kretyen, se manti ankò paske gen vrè kretyen ki
toujou pèsevere legliz. Nan sans sa a, nou pa ka defini yon kretyen sou
pèseverans li legliz. Si nou ale pi lwen toujou, n ap wè chak legliz sanse gen
yon prensip diferan. Genyen ki dakò bijou e lòt ki pa dakò, gen lòt ki dakò
pantalon ak fo cheve e lòt ki pa dakò. Eske nou ka di kilès ki pi bon oubyen ki
pa bon ? Sa difisil.
Annou
wè koulye a, kisa konvèsyon an ye:
§ Konvèsyon
an se chanjman ki fèt nan kè ak nan panse yon moun. Chanjman sa a fè l tounen
vin jwenn Kris. Li retounen, li kite wout peche ki ta pral mennen li nan
lanfè a, li vire nan sans kontrè. (Matye 18.3 ; Travay 3.19 ; 1
Tesalonisyen 1.9).
§
Nan Matye 7.13-14, Jezi prezante konvèsyon an tankou lè
yon moun kite wout laj la ki mennen nan pèdisyon pou l pran wout jis la ki bay
lavi ki pap janm fini an.
§
Konvèsyon an gen de pati, youn negatif, lòt la pozitif. Pati
negatif la se repantans e
pati pozitif la se lafwa.
A.
Kisa
repantans la ye ?
Repantans la se pati negatif ki nan
konvèsyon an. Wòl li se fè pechè kite wout peche l yo, konfese yo e rekonèt
Kris kòm Sovè e Mèt li (Women 10.9-10). Gen twa bagay ki ka pèmèt nou verifye
si yon moun repanti vre.
1.
Konesans peche a (Som
51.3-5)
2.
Emosyon oubyen tristès ki
soti nan Bondye (Matye 27.3 ; Lik 18.12, 2 Korent 7.9-10)
3.
Volonte:
pechè a chanje wout, li vle viv selon volonte Bondye (Som 51.10, Matye
7.21 ; Efezyen 5.10 1 Tesalonisyen 1.9)
Kèk bagay ou ka wè oubyen yon moun ka
santi ki pa vle di li repanti :
1.
Di bon pawòl (Matye 21.31-32)
2.
Senserite nan yon relijyon, nan yon gwoup relijye
(Women 10.2-3)
3.
Pè lanmò: Gen anpil moun ki te konvèti aprè 12 janvye 2010
paske yo te pè mouri, men yo pat pè Bondye vre paske anpil nan yo te tounen viv
nan peche ankò (Lik 19.21).
4.
Santiman koupab oubyen remò: rekonèt peche, kriye, malad,
tris pa vle di ou repanti (2 Korent 7.10)
Repantans la se desizyon ou pran pou w
chanje (Ezekyèl 33.11), grandi nan pawòl la.
B.
Kisa
lafwa a ye ?
§
Lafwa se pati pozitif konvèsyon an ki fè moun ki konvèti
a vin jwenn Kris lè l kite wout peche a. Li fè fè l mete konfyans nan Bondye, e
non nan fòs li.
§
Plis moun konnen lafwa tankou asirans yo gen nan Kris pou
tann delivrans ak benediksyon (Ebre 11.1), men se pa sa sèlman. Se lafwa ki fè
w sove (Efezyen 2.8-9) ki fè w ap mache ak Kris san dezespere (2 Korent
5.7 ; 1 Korent 15.19).
§
Gen moun ki pa vle konvèti paske li santi li pa ka fè
levanjil. Si se fòs ak entelijans lòm ki t ap fè l vin kretyen, Jezi pat bezwen
vin mouri (Filipyen 2.13 ; 4.13).
§
Si yon moun repanti epi li pa chache vrè chemen an, se
lave men siye atè. Pa gen vrè konvèsyon si repantans la pa gen swivi, tankou al
legliz, patisipe nan etid biblik, lapriyè, li labib…Anpil kwayan chite paske yo
pa kontinye pran lòt etap yo. Si w konvèti[1]
epi w pa gen tan pou aktivite kretyen, se prèv ou pat ko prè pou swiv Kris
(Matye 10.38).
Menm jan ak repantans la, lafwa a gen
twa eleman ki ka pèmèt ou egzamine lafwa ou.
1.
Konesans :
pechè a konnen kilès Bondye ak Jezikri ye (Jan 3.2 ; 17.3 ; 1 Timote
2.4)
2.
Emosyon: kè w
pale (Women 10.9-10)
3.
Volonte: lafwa
se yon aksyon ki soti nan volonte w gras ak konfyans ou gen nan Bondye e
obeyisans ou ak pawòl ou. (Jan 14.15 ; Women 2.13 ; Jak
1.22-25 )
SA W DWE
KONNEN
1.
Konvèti se chanje lavi w pou w sèvi Bondye. Se pa pou
sèvi pastè oubyen yon moun. Si ou pa vle konvèti poutèt yon moun, ou chwazi
kondane tèt ou pou li tou, e li ka menm sove paske sali a depann de chak moun. Sa
se yon krim e Bondye pap padone w pou sa. Ou dwe renmen tèt ou.
2.
An reyalite, yon kretyen, yon pastè ta dwe yon modèl pou
tout kretyen ak payen yo (1 Timote 4.12) men si sa rive ou pa wè yo se modèl,
se pa rezon pou w pa konvèti oubyen kite legliz paske chak moun pral peye pou
sa l te fè (2 Korent 5.10). Montre chanjman ou vle wè a, pa egzije nan moun sa
w pa vle fè.
3.
Gen
moun ki pa konvèti paske yo di yo pa wè nan ki legliz yo pral mache. Se yon
eskiz ki lakoz konplèks e ak gade moun sou aparans. Pa jije yon legliz sou sa w
tande nan lari paske sa pap ede w chape poul ou devan jijman Bondye. Anplis, pa
gen legliz sou latè ki san peche, san pwoblèm. Premyeman, se moun k ap dirije
yo. Dezyèman, legliz nan konba ak fè nwa, ap toujou gen atak, konfli ki pa vle
di li pa bon. Pastè Marcello te di: “Legliz la ka gen pwoblèm men Bib la pa gen
pyès pwoblèm”.
4.
Depi w konvèti tout bon vre, ou sove. Prèv la se lè
Sentespri a vin rete nan ou. Ou ka egzamine sa gras ak fwi lespri yo (Galat
5.22). Etidye zèv lachè yo pou w ka sèten w pap pratike yo tou (Galat 5.19-21).
5.
Pa defann legliz ou pou w pa kontribye nan rann travay
move lespri yo pi fasil. Avan ou defann yon verite oubyen yon doktrin, asire w
ke li fonde sou Labib. Pa
kite yo fè w kwè yon ansèyman san w pa aksepte ni konprann li. Se
vre, gen verite ou pap konprann touswit, e kèk ki se mistè men tout sa w kwè pa
dwe kont Bib la. Konsa tou, pa aksepte yon doktrin pa vle di ou dwe kite legliz
ou. Sa ki esansyèl se viv anpè ak tout manb epi toujou kenbe relasyon ou sere
ak Bondye k ap revele w tout verite. Ou pa janm konnen si se pa ou ki pral
dirije demen paske Bondye pa gade pèsonn sou figi pou l fè gras.
6.
Pa gen rankin pou manb lòt legliz kèlkeswa rezon an. Travay
ou se sèvi Bondye, eklere moun ki nan fè nwa, viv ak frè w, renmen pwochen jan
w renmen tèt pa w (Matye 22.39). Pa antre nan konfli legliz ou ak lòt legliz,
ni nan pwoblèm lidè ak lòt lidè. Enmiw sou latè se Satan ak tout akolit li yo,
se pa pèsonn (Efezyen 6.12). Evite fè yon konba kont moun ou dwe mennen bay
Kris la.
7.
Pa janm bliye antanke kretyen tout moun ki sou wout ou,
tout moun ou ka pale, enfliyanse se moun ki bezwen sove. Konsa, paran ou, frè
w, sè w, zanmi w, fiyanse w, mari w/madanm ou, moun k ap travay lakay ou,
patwon ou, anplwaye ou…..ou se mesaje yo tout.
10 REZON POU YON MOUN KONVÈTI
Premye rezon : OU
SE KREYATI BONDYE
Men sa nou li nan Bib la : « Lè sa a, Senyè a, Bondye, pran pousyè
tè, li fè yon moun. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm
lan vin vivan » (Jenèz 2.7). Dezyèm wa peyi Izrayèl la
ki te rele David te di Bondye : « Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen
ranje nan vant manman m. » (Som 139.23) Yon lòt sèvitè Bondye te
di ankò: « Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout
bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou
menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. » (Ebre 4.13).
Gen yon doktrin yo rele « evolisyonis » ki fè konprann ke lòm ta
soti nan bèt, se pat Bondye ki te kreye li. Pawòl Bondye a voye teori sa jete
byen lwen paske bèt toujou rete bèt, moun toujou rete moun. Pyès nan yo pa ka lòt ke sa yo te ye depi lè yo te
kreye. Anplis, Bib la temwanye ke bèt te fèt
anvan moun. E lè Bondye te fin kreye Adan, se li ki te bay tout bèt non (Jenèz
2.19-20) epi resevwa pouvwa pou domine sou yo (Jenèz 1.28). Alò, kòman pou bèt ta fè tounen
moun ?
Ki papa k ap dakò pou pitit li pa obeyi
li jis li kite kay li pou l'al viv kay zanmi oubyen nan lari? Se menm jan an pou Bondye ki te kreye ou. Li
renmen ou, men sa fè lontan l'ap rele ou, ou pa vle tounen vin jwenn li. Si ou
kwè vrèman ou pa sot nan bèt, ou se kreyati Bondye, se Bondye sa a pou w adore
paske se pou sa li te kreye w. Youn nan pi gwo erè moun konn fè, se lè yo kwè
se pou pastè a y’ap konvèti, kòmsi se yo menm yo pral sèvi. Poutan, pastè yo la
pou bay pawòl la. Lè ou konvèti, ou kwè nan sa yo di’w la, men se pa nan yo. Si
ou poko konvèti, se pa paske Bondye pa renmen'w, men se paske'w poko deside fè
sa. Ou poko rekonèt li se kreyatè ou.
Gen moun ki konn di : « Wi, mwen kwè se Bondye ki te kreye
tout bagay », poutan yo pa vle konvèti. Rekonèt
Bondye se kreyatè a pa sifi si ou pa aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou paske se
li menm Bondye te voye mouri pou li te ka fè l vin zanmi avè'w: « Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a
mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyea, nou se zanmi Bondye, nou pa
bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. » (Women 5.10)
Lè ou konvèti, ou vin plis ke yon
kreyati. Ou se pitit Bondye, frè Jezikri e eritye wayòm syèl la. Lè w konvèti,
se pa moun ou fè plezi, se Bondye ou bay glwa paske w rekonèt li se Papa w,
kreyatè w. Pa gen pi bèl desizyon konsa nan lavi yon moun k ap viv.
Dezyèm rezon: KONSEKANS
PECHE
Aprè Bondye te fin kreye Adan e Èv, li
te ba yo yon lòd ke yo pat respekte: « Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, pinga
ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou
ou manje l, w'ap mouri. » (Jenèz 2.16-17). Yo te dwe respekte lòd sa a paske yo te konenn
konsekans dezobeyisans la ki se lanmò. Malerezman, youn nan bèt ki te pi
rize Bondye te kreye te rive tante yo epi fè yo dezobeyi. Adan te lage chay la
sou do Èv: « Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a
pou m manje, epi mwen manje l. » (Jenèz
3.12). Èv menm te lage l sou do sèpan an: « Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran
tèt mwen ki fè m manje l » (Jenèz 3.13).
Se akoz dezobeyisans sa a ki fè lanmò pral
vin nan kreyasyon an ak anpil soufrans tankou: doulè nan fè pitit, dominasyon
lòm sou fanm, tè a madichonnen, travay di (Jenèz 3.14-19). Dezobeyisans sa a
rele “peche”. Se pa lè yon moun fè adiltè, tiye moun sèlman li fè peche. Tout
sa Bondye di fè ou pa fè, ou fèl, li rele peche. Si jodi a gen lopital pou
maladi, prizon pou mechan, mòg e simityè
pou mò, se paske Adan e Èv te dezobeyi lòd Bondye. Se premye peche lòm te fè e
se li menm tou ki lakoz lemond boulvèse. Gen moun ki di Bondye pa renmen yo poutèt
li kite yo ap soufri. Ebyen, se pa fòt Bondye, se konsekans premye paran nou yo
nap peye sou latè paske nou eritye yo. « Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a
louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.» (Women 5.12)
Si jodi a ou konnen pou'w konvèti ou pa
fè sa, konsekans refize ou se « kondanasyon» (Mak 16.16). Si w kondane, kilès
ki mechan e kilès ki jis ? Konsekans peche a pa sèlman lanmò fizik sou
latè, men aprè lanmò fizik sa a, mò yo gen pou jije. Se sa Bib la di : « Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri
yo, gran kou piti, kanpe devan fotèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo
louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo daprè sa
yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. » (Revelasyon 20.12). “Tout moun ki pat gen non yo ekri nan
liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.” (Revelasyon 20.15).
Lè w konvèti, se sèten ou gen pou'w
mouri, men yo pap jete ou nan letan dife a paske moun Kris yo ap nan Wayòm
Bondye a (Matye 7.21). Pwiske ou se yon pechè, ou pa ka evite
jijman peche a. Erezman, Jezi te vini pou l sove w anba peche. Kwè nan li se
aksepte sakrifis li a pou w ka benefisye gras li ki p ap janm fini. Se vre w ap
mouri menmsi w konvèti, men aprè lanmò ou pral reviv ankò (Jan 5.29). Konsekans
peche se lanmò, men gras Bondye se lavi ki pap janm fini an (Women 6.23).
Twazyèm rezon: GRAS
BONDYE
Daprè sa nou sot wè nan dezyèm rezon an,
konsekans peche pote malè pou lòm ni nan tan sa a ni nan tan k ap vini yo, jan
sa ekri nan Revelasyon 20.12-15. Nou fè diferans ant de kalite lanmò nan sans
sa a. Premyeman, lè yon moun mouri fizikman, yo mete li nan mòg epi yo antere
li. Se sa nou li nan Jenèz 3.19 : « …se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. » Dezyèman, yo pale de yon lòt lanmò nan Revelasyon 20.13 : « Lanmè a remèt tout moun mouri ki te
nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo
jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.»
Deja, nan tan nou ye la a, Bondye
gentan fè nou wè kisa ki gen pou rive tout moun ki pa kwè nan Jezikri yo. Se sa
nou rele akonplisman pwofesi yo. Fòk yo akonpli paske Bondye p ap bay manti. Sa
ki bèl, ekstraòdinè menm nan pwofesi sa a, sèke li posib pou yon moun evite
kondane paske men sa Jezi ki se Sovè a di: “ Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay
sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi
yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3.16)
Lanmò Jezi fizikman se te pou
manifeste gras Papa li anvè limanite. Si Bondye chwazi sove nanm nou anba
kondanasyon, se yon gras paske akoz peche Adan e Èv yo, nou pa merite sa. Nou
tout te dwe peri depi nou mouri, men Bondye ki pa menm jan ak lòm, pa jije menm
jan ak li tou, te deside nan li menm pwiske li se lanmou an menm (1 Jan 4.8),
pou padone peche tout moun si sèlman yo kwè nan sakrifis Jezikri, sèl Pitit li
a. Nou jwenn pwomès sa a nan Bib la: “Peche peye nou kach: li ban nou
lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Senyè nou
an, yon lavi ki p'ap janm fini. » (Women
6.23).
Tout moun ki kwè nan Jezikri yo ap
resevwa gras Bondye kap pèmèt yo gen lavi ki pap janm fini an. Ou p ap peye pyès kòb paske san Jezi te koule deja pou tout
peche w te ka lave (1 Pyè 1.18-19). Sove a se yon gras e se ak lafwa ou ka
resevwa li sèlman (Efezyen 2.8-9). Gen moun ki pran gras la pou yon piyay, yon
mwayen pou pwofite viv nan peche, fè koripsyon. Bib la pa aprann nou gras la
konsa. Lè nou li nan Tit 2.10-12, nou wè gras la se yon lekòl, yon lòt fason
nou dwe viv nan Jezikri ki se limyè mond lan. Fè yon moun gras pa vle di ba l
libète fè sa l vle, okontrè moun sa a ta dwe mache dwat pou libète li jwenn
nan.
Katriyèm rezon : TOUT
MOUN PA PITIT BONDYE
Ou pa tap dakò fasil si yon jou yon moun
ta di pou w sove, fòk ou fèt yon dezyèm fwa. Ou te ka di moun sa a pa konnen sa
l ap di paske li enposib pou yon moun fin fèt, menm si li te fèk soti nan vant
manman li, pou li retounen ladan ankò, alewè lè li fin grandi epi vin
granmoun ; sa vin enposib nèt. Ebyen, yon bagay konsa te rive ant Jezi ak
yon mesye ki te pote non Nikodèm. Se te yon
nonm ki te gen anpil konesans nan lalwa peyi Izrayèl nan epòk la. Yon jou aswè, li te al jwenn Jezi pou pale ak li. Li t’ap
felisite li pou mirak li tap fè. Sepandan, malgre konesans sa a, li pat ko prè
pou antre nan Wayòm Bondye a ki se peyi kote tout moun ki sove yo pral viv
ansanm nan. Jezi te di li fòk li fèt yon lòt fwa pou li antre nan Wayòm sa a.
Li te wè sa enposib, poutan sa te endispansab menm. Sa vle di, si yon moun pa
fèt yon lòt (dezyèm) fwa, li pap ka antre nan wayòm Bondye a (Jan 3.1-10).
Lè ou fèt yon premye fwa, se lè ou te
soti nan vant manman ou, sa vle di ou se pitit manman ou ak papa ou, de moun, men
ou poko pitit Bondye. Ou se kreyati Bondye, jan nou te sot wè li nan premye
rezon an. Ou vin pitit Bondye lè ou fèt yon dezyèm fwa. Lè sa a ou resevwa
Sentespri l nan lavi ou, li make ou kòm zafè pa li (Efezyen 4.30 ; Women
8.14,16). Atò, gras ak prezans Sentespri a nan lavi ou, ou se pitit Bondye, ou
vin ka fè l plezi nèt ale (1 Jan 3.10).
Gen anpil moun ki pa vle dakò yo pa
pitit Bondye. Nan yon sans, yo gen rezon paske se
Bondye ki te kreye yo. Men si tout moun te pitit Bondye, sa tap
vle di tout moun se kretyen, tout moun sove e pa tap gen nesesite pou Jezi te
vin mouri. Si jodi a, ou bezwen pou yo toujou ankouraje w pou w konvèti se
paske ou bezwen fèt yon dezyèm fwa pou w ka vin pitit Bondye.
Pou w resevwa Sentespri sa a, ou bezwen
tande pawòl la epi kwè nan sa li anseye yo (Jan 1.11-13 ; Travay 10.44-45).
Anplis, si Bib la pale de lavi ki pap janm fini an, se paske lavi nou genyen
depi nou te fèt premye fwa a gen pou fini tandike lavi nou jwenn lè nou fèt
dezyèm fwa a pap janm fini. Ou ka vin pitit Bondye lè ou aksepte Jezikri nan
lavi ou !
Analize byen sa Jezi te di nan Jan 3.16,
vèsè ki pi popilè nan Bib la : « Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a
pou yo.. » Li
pat di « renmen pitit li yo… » paske lemond ak legliz se de bagay
diferan.
Senkyèm rezon : OU
P AP KA EVITE JIJMAN BONDYE A
Si ou dakò se Bondye ki te kreye ou, ou
dakò se swa ou yon gason oubyen yon fanm. Konsa, jan nou te li nan liv Jenèz
la, tout moun, sa vle di, tout kreyati Bondye yo, gen pou tounen pousyè paske
se la yo te soti (Jenèz 3.19). Anplis de sa, gen mouri pou ale nan simityè e
gen resisite pou ale nan jijman (Revelasyon 20.11-15).
Depi ou se yon moun, gason oubyen fanm,
ou se kreyati Bondye e ou gen pouw mouri. Men sa Bib la di sou sa ki gen pou
rive aprè lanmò : « Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo» (Ebre 9.27). Ke ou te mouri ou resisite, ke se nan mistik yo
tiye ou, ke se nan maladi oubyen nan lasante, ke ou se jèn oubyen granmoun depi
souf ou pa la ankò, ou mouri, e sa ki rezève pou ou se jijman. Menm jan ou pa t
ka deside vini nan lemond, se yon gason ak yon fanm ki te deside pou ou, se
konsa tou, ou pap ka deside pa patisipe nan jijman an paske se Bondye kap fè l.
Yo toujou di, pito w pat fèt menm pou w ta epanye jijman Bondye. Depi w fèt, ou
responsab lavi w sou latè e ou pral jije pou jan w te mennen lavi w sou latè,
nan vi sa a.
Tout moun ki mouri yo, konvèti ou pa,
gen pou resisite. Annou li sa nan Bib la : « Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm
yo pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou
resevwa lavi ki pap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou
resevwa kondanasyon yo.» (Jan 5.28-29).
Depi ou fèt zanmi mwen, wap mouri
kanmèm, e depi ou mouri, ou pa ka evite jijman Bondye. Jijman Bondye a chita
sou misyon li te bay Jezi: «Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan
li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.» (Jan 3.16)
Se sa ki fè, lè ou tande yon moun ap
preche w levanjil, fòk ou prete atansyon ak deklarasyon sa a: « Ale toupatou sou latè, anonse Bòn
Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun
ki pa kwè va kondane.» (Mak 16.15-16). Ou ka evite kondanasyon nan jijman Bondye a si sèlman ou
konvèti avan ou mouri. Pa janm bliye sa.
Sizyèm rezon : ESKIZ
OU YO P AP VALAB
Eskiz se yon rezon ou bay pouw pa fè
oubyen di yon bagay. Konsa, tout moun ki pa vle konvèti gen pou pi piti youn
nan rezon sa yo: m pa gen tan, priye pou mwen, m ap gentan, m poko prè, nan sa m ye a m pa
ka kretyen, Bondye ap fè m konvèti avan m mouri, m ap konvèti lè m fin lekòl,
gen twòp plezi deyò a, moun legliz twò fèzè, yo preche moun reziyasyon nan
legliz, pastè yo twò raketè, pa gen legliz nan zòn nan ki bon, m te la men m ap
gentan tounen.... Youn ladan yo
pap valab nan jou jijman an.
Konvèti se desizyon ou pran pouw kwè nan
Jezikri lè ou fin tande pale de li : nan lari, nan lekòl la, nan travay,
nan mache, nan jaden, nan legliz, nan machin, nan kwazad, nan sèvis plenè, nan
kennenpòt sikonstans ak kote a. Depi ou fin tande pale de Levanjil la, ou pa inosan
ankò, ou pa inyoran ankò, ou responsab. Angwo, ou pap gen pyès pawòl pouw bay
nan jou jijman an pou jistifye rebelyon ou te fè lè ou te tande Levanjil ki tap
anonse sa ki gen pou rive moun ki pa kwè nan Jezikri yo.
Konvèti ou pa depann de jan yon kretyen
ap viv, byenke jan yon kretyen ap viv ka ede ou kwè pi fasil (1 Jan 4.20-21).
Sa depann de ou menm menm, de volonte ou, konpreyansyon ou, akò ou lè ou fin
tande Levanjil la. Tout sa ou genyen kòm rezon ki fèw pa vle konvèti se yon eskiz, yon pretèks. Gen moun ki di Bondye ap pran yo lè li vle : eskiz.
Lòt di, Bondye wè tout bagay : eskiz. Anfen, gen moun ki temwanye pou di
Bondye pwoteje yo ak pitit yo depi lontan, malè pa rive yo e gen anpil mirak
Bondye fè nan lavi yo, men yo pa deside konvèti : eskiz. Bondye renmen
tout moun, li pwoteje tout moun e li rele tout moun vin jwenn li. Li pa gade
pèsonn sou figi, li jije tout moun menm jan an. Ke Bondye te fè anpil mirak nan
lavi ou pa gen anyen pou wè ak konvèsyon ou si malgre tout sa li fè yo, ou pa
konvèti jis ou mouri. Sa vle di ou pa rekonèt byenfè li yo vre.
Sonje sa ! Bondye pa fè anyen pou bay
lòm libète fè sa ki mal. Se pa paske ou te chape nan yon danje oubyen nan yon
aksidan ki fè si ou mouri demen, ou pap jije. Ou pral jije sou sa ou te fè e
non sou sa Bondye te fè pou ou. Dayè, depi lè ou fèt, wap viv, Bondye fè ase
pou w ta konvèti. Ti tan ou te pase nan vant manman w lan sifi pou'w ta chwazi
sèvi Bondye, malerezman sa pat posib, paske ou te inosan. Si jodi a, ou gran, ou
gen ase nanm pou’w deside konvèti. Moman an rive pou w konvèti paske eskiz ou
yo pap valab nan jou jijman an.
Setyèm rezon: SALI A
PESONEL
Si nap kontinye analize kèk eskiz moun
ap bay pou yo pa konvèti, nap konprann yo kwè se lòt moun ki dwe ka fè yo sove,
alòske se Jezikri ki te vin mouri pou te fè sa. Predikatè a pa di « Aksepte
pastè a » men li di « aksepte Kris». Lè yon moun ekri w yon lèt, yon mesaje
pote l ba ou, si ou fè mesaje sa a malonèt oswa ou pa resevwa lèt la, se pa
mesaje a ou fè malonèt, se moun ki ekriw lèt la menm. Konsa, Levanjil la se yon
lèt tou louvri Bondye voye ba ou. Premye
mesaje a ki se Kris te bay li ak moun nan tan pa li a. Pou koulye a, se sèvitè
li yo nan lemondantye ki responsab fè travay sa a (Jan 17.18). Lè ou refize kwè nan Levanjil sou pretèks moun kap prechew la
pa bon, se pa moun sa a ou pa refize vre, men se Jezi ki te voye li a. Koute sa
Jezi te di yo : «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon » (Matye 28.19). Plizyè fwa, ou
tande Levanjil men nan tout fwa sa yo, toujou gen yon rezon ki anpeche ou.
Sali a pèsonèl, paske se ou sèl ki pou
deside aksepte l. Menmsi manman ou ta kretyen, papa ou ta jwe gwo wòl nan
Legliz, tout frè ak sè ou ta kretyen, pi fò zanmi ou se kretyen, sa pa pi
enpòtan pase desizyon paw pou w aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou. Konsa tou,
sali a pèsonèl pa vle di ou ka pran Levanjil la jan w vle jan w pito. Pa bliye
gen moun ki la pou ba w li (Matye 28.19, Travay 2.42). Si Bondye pat voye Jezi,
pa tap gen sali sa a. Oubyen si li te dezobeyi, nou tout tap kondane. Se menm
jan an, si premye disip Jezi yo pat obeyi ak misyon Jezi sa a, Levanjil la pa
tap vin nan peyi nou, e nou pa tap ka jwenn lavi ki pap janm fini an.
Nou chak gen vi pa nou, kè pa nou, souf
pa nou, san pa nou, libète pa nou, konsyans pa nou. Nou chak gen chwa pou n
aksepte oubyen rejte mesaj delivrans nanm nou nan peche gras ak mesaj kretyen
yo ap preche. Ou ka chwazi delivre oubyen kondane nan peche.
Men sa Jezi te di : « Moun ki mete konfyans yo nan Pitit
Bondye a p'ap kondane. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondane, paske yo
pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. » (Jan 3.18). Sove depann de ou, pèdi, kondane oubyen peri a depann de ou
tou, se pa ni Bondye ni pèsonn ki anpeche ou fè youn oubyen lòt. Si w pa chwazi
sove, pa gen lòt moun k ap ka fè sa pou ou, menmsi li ta konn priye ak preche.
Ou dwe bay Kris laviw .
Uityèm rezon: PWOFESI
YO AP AKONPLI
Pwofesi yo se yon seri evenman pwofèt
yo te wè avan yo rive gras ak pouvwa Bondye ba yo. Pwofèt sa yo se te sèvitè Bondye ki te jwenn misyon pou pale nan non li. Yo
te la pou di moun sa Bondye te di, sa li te vle e sa ki ta pral rive paske se
sèl Bondye ki konnen tout bagay (Travay 2.14-21). Anplis, Bondye pa pale ak
tout moun dirèk. Nan tan lontan, li te chwazi moun pou pale pou li men te rive
yon tan, se te Jezi menm Pitit li a ki te sèvi bouch li pou pale ak tout moun
sou bagay ki ta pral rive nan dènye tan an (Ebre 1.1-2). Kèk nan sa li te di
ekri nan vèsè sa a : «Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake
yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote » (Matye 24.7).
Youn nan sèvitè li yo li te kite pou
kontinye pale te di: « Mete sa byen nan tèt ou : nan dènye jou yo, tan an
pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè,
lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo,
y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye,
y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen
menm. Y'a mòde antrèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'a pito
plezi pase sèvis Bondye. » (2 Timote
3.1-4).
Si ou wè bagay sa yo ap rive nan tan w ap
viv la, se pa aza yo ye pou Bondye ni pou pyès moun ki konnen pwofesi yo. Si yo
rive, se pa paske Bondye rayi lèzòm men se paske sa te ekri pou rive. Devwalman
yo se pou byen ou paske Bondye fèw konnen yo. Lèzòm ka chache fè tout sa yo vle
men yo p ap ka anpeche pwofesi yo akonpli. Se sèlman nanm ou ou ka sove lè ou
aksepte Kris kòm Sovè e Mèt ou. Si ou wè kèk sa ki te di nan Bib la kòmanse
rive vre, ou pa bezwen mande lòt prèv pou konnen si aprè lanmò w ap chape anba
jijman Bondye lè'w mouri san Kris. Se menm Bondye a ki te prevwa tout.
Anpil moun ki konnen bagay sa yo, toujou
refize konvèti pansan y ap gen tan, alòske Jezi te di klèman: “Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki
lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a
konn sa.” (Matye 24.36). Se li menm ki vle pou'w
konvèti avan li twò ta pou ou. Yon moun ki kwè Bondye egziste e ki kwè li pa
konn bay manti ta dwe gen 7 lane depi l konvèti paske de rezon sa yo montre
aklè levanjil la se verite. Pa gen moun kap dakò mache rankontre lanmò. Menm
jan an, ou pa dwe mache rankontre jijman Bondye si ou konnen li egziste tout
bon. Bondye ap kenbe pawòl li, li pap bay manti. Ou dwe konprann e aplike sa
nan lavi w. Di w ap gen tan an pap bòw tan. W ap toujou okipe e plezi mond sa a
ap toujou la pandan ou vivan, se yon jou pou w chwazi kite l.
Nevyèm rezon : OU
P AP KA REPANTI APRE LANMO
Lanmò se lè yon moun pa egziste ankò nan
lavi sou latè a. Sa vle di, aktivite li e kò li pa la ankò byenke foto ak imaj
li nan lespri moun ka fè sonje li, men sa rete la. Depi ou mouri, tout bagay
fini pou ou nan vi sou tè a paske se Bondye ki vle li konsa. Tout sa w ka fè
posib avan ou mouri, se sa ki fè ou bezwen aksepte Kris avan paske aprè ou p ap
ka fè sa.
Gen moun ki di pa gen anyen aprè lanmò. Pa
gen moun mouri ki janm tounen vin di kisa yo te wè. Pou koze sa a, Jezi te
montre aklè sa ki ka rive yon moun ki mouri avan li te kwè nan verite a. Nonm
rich la ki te nan reyalite a te bezwen pou Abraram voye Laza sou latè pou 5 frè
li yo te ka evite chatiman li tap pran, men Abraram te di li:“ Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo
p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò,
yo p'ap koute li.” (Lik 16.31).
Sa rive plizyè fwa gen moun ki te mouri
ki leve ki vin di men sa yo wè nan lanfè ak paradi. Moun ki te bezwen yon prèv
konsa souvan rejte l paske pou yo menm sa moun resisite sa a ap di a pa vre,
oubyen li pat mouri vre. Li sanble tap pi bon menm si li ta jwenn chans mouri e
resisite pou l ta kwè vrèman, men lè sa a se tout moun ki tap bezwen mouri de
fwa pou yo ta konvèti. Lè ou mouri, pap gen lafwa ankò paske w ap nan reyalite
a.
Se sa ki fè, pou ou sove, ou bezwen gen
konfyans (lafwa) nan Bondye. Konfyans sa a pa chita sou inyorans, medyokrite ak
manti men li chita sou kapasite ak fidelite Bondye. Nou fè chofè konfyans, nou
dòmi malgre l ap kouri machin nan atout vitès. Nou pa janm wè sa ki nan vant
nou men nou fè doktè konfyans nan bwè konprime li preskri nou. Yon moun ki gen 100 lane se yon moun ki pase 100 lane
ak kè li ki pa janm rete, san li pa janm met gaz ladan. Eske tout sa se pa travay Bondye? Kisa w’ap tann pou w kwè nan Jezikri
avan ou mouri ? Repantans la se avan lanmò li ye. Lè ou rive kote mò yo, w ap
nan reyalite a e ou p ap ka fè anyen paske l ap two ta.
Dizyèm rezon : OU
KA KÒMANSE JODI A
Si ou vòlè yon bagay, ou tiye yon moun
oubyen ou fè yon mal kèlkonk, lalwa pap kite sa san pini. Moun ou fè tò a
gendwa swete malè pou ou, e sil ta jwenn ou, li ka menm tire revanj sou ou. Gen
moun ki ènmi ou pou jis yo ale anba tè. Anfen, gen de bagay ou fè nan sosyete
a, ou tou pèdi plas ou jiskaske w mouri. Se pa konsa sa ye pou Bondye. Men sa
youn nan sèvitè li ki t'ap preche moun pou tounen vin jwenn li te di :
« Bondye fèmen
je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye,
pou yo tounen vin jwenn li.” (Travay 17.30)
Ou ka kòmanse jodi a zanmi mwen si ou
santi ou nan nesesite pou'w konvèti paske Bondye ap tann ou depi lontan. Ou fè twòp lojik. Si Bondye ta chwazi fè lojik
avè w tou, ou pat dwe la ankò paske se li ki te kreye’w. Li pwoteje’w e siveye
w lè w ap dòmi. Dat kè w ap bat, san ap koule nan venn ou, w ap respire, ou
mache, ou travay, ou pran kont plezi ou gras ak lasante ou genyen. Atout
privilèj sa yo, w ap viv e ou toujou pa vle sèvi li. Chak kòmansman lane, moun
pasi pala nan lemondantye ap di Bondye mèsi pou ane yo te pase byen. Imajine si
Bondye t ap fè lojik avè w kilès ki tap egziste sou latè sinon moun ki tap sèvi
l ?
Sispann bay eskiz, sispann gade sou sa
moun ap fè e di, paske jijman Bondye a pa chita sou sa lòt moun di oubyen fè ki
mal. Li chita sou misyon Jezikri a ki te vini pou te delivre ou nan esklavaj
peche, yon fason pou epanye w de kondanasyon nan jou jijman an.
« Se poutèt
sa, jan Sentespri te di l la : Si nou tande vwa Bondye jodi a, pa kenbe tèt ak
li… » (Ebre 3.7-8b)
Mwen te kontan pase timoman sa a avèk ou
e mwen kwè ou pa regrèt paske nou pat nan joure ni nan di sa nou pap viv. Ou ka
toujou pa deside konvèti aprè w fin aprann bagay sa yo men pa bliye chwa ou fè
a gen konsekans li. Mwen swete ou pran yon desizyon koulye a menm pou w remèt
lavi ou bay Kris, paske pa gen pi bèl desizyon ke sa. Bondye beniw !
Frè Jérôme Dorsonne Emerson
[1]
An reyalite, pa gen konvèti e dekonvèti. Pwiske li difisil pou w konn lè yon
moun sove vre, konvèsyon an vin yon deklarasyon men se aksyon w ki pral montre
li.