mercredi 15 mars 2017

Yon ti koze sou konvesyon (Teks konple)

AVAN NOU PALE

Tout sa ou fè, panse e di gen yon rezon. Rezon an ka yon lojik, yon prèv, yon konfizyon oubyen yon chwa. Si lòm ka deside pa sèvi Bondye, se pa paske li pi entèlijan ni paske li pa depann de Bondye men se gras ak volonte Bondye ba li pou l deside. Yo rele sa nan lang fransè a “libre arbitre” ki se kapasite yon moun genyen pou l deside san pwoblèm. Se Bondye ki pèmèt li paske se li ki te fè lòm e pou jis mond sa a fini, tout moun ap toujou fèt konsa. Bondye bezwen glwa men li pap fòse pèsonn paske li diy, li merite sa pou tout tan. Jezi pitit li pat fòse pèsonn kwè nan li, okontrè, li te vin bay vi l pou l montre kòman Bondye renmen limanite. Malgre tout verite li te di, li te viv san peche, yo tiye li, antere li e sou twa jou li te leve soti vivan nan lanmò. Pami tout moun ki te mouri depi nan tan lontan ki te gen misyon pou fè konnen sali a, se sèl Jezi ki toujou vivan e se nan li sèlman gen lavi.

Men kèk rezon ki fè tiliv sa a te prepare :
1.       Fè moun ki pa kretyen yo konprann sans konvèsyon an paske n reyalize mo sa a pèdi sans li menm pami kretyen legliz.
2.       Fè konnen Bondye bezwen sove tout moun men li pap fòse yo fè sa. Poutan li gen anpil pasyans pou ret tann tout moun tounen vin jwenn li.
3.       Fè konnen konvèti pa depann de jan moun k ap preche a men de jan pechè a dwe viv selon pawòl Bondye a.
4.       Fè konnen pa konvèti pou kèlkeswa rezon an (valab ou pa valab) pap ka sèvi eskiz nan jou jijman an.
5.       Montre enpòtans konvèsyon an nan dis rezon.

Moun ki pote mesaj la pa responsab kondanasyon moun ki resevwa l la, men l ap jwenn rekonpans pou travay li. Depi w fin tande verite a, ou responsab paske w konnen chemen an. Verite a pa nan patipri, li pa gen moun li pa jije. Moun ki konn sa ki bon epi ki pa fè l la gen pou jije. Konsa tou, moun ki pa fè byen an poutèt lòt moun pa fè l, gen pou jije tou.   Tout moun ki pa konvèti t ap gen rezon si sèlman Jezikri te di li pa bezwen yo ankò, men de bra li louvri ap tann tout pechè paske se pou sa li te vin mouri. Se sa ki fè gen gwo kè kontan nan syèl la chak fwa yon moun kite peche pou vin jwenn Jezi. Avan ou fè sa, tiliv sa a trè enpòtan pouw li. Mwen swete ou konprann !
Jérôme Dorsonne Emerson
KISA KONVETI VLE DI ?

Premye rezon ki ka fè w pa konvèti se lè w pa konnen sa l vle di. E se youn nan pi gran pwoblèm ki genyen menm pami kèk moun ki konvèti deja. N ap eseye ba w kèk move lide sou konvesyon avan nou defini li.

1.                   Mete jenou pou lapriyè

Mete ajenou pou yo lapriyè pou ou pa yon move bagay men sa pa vle di ou konvèti pou sa, paske konvèti a pa depann de yon moman lapriyè ni de pouvwa moun k ap lapriyè pou ou a. Si se te sa, anpil moun pa t ap chite aprè yo fin konvèti, e gen moun ki di yo konvèti plizyè fwa paske yo te priye sou tèt yo plizyè fwa. Si w kwè konvèsyon an konsa, ou poko konprann sa l vle di.

2.                   Vin manb yon legliz

Vin manb yon legliz, se pa yon pwoblèm men li pa defini yon moun ki konvèti. Lè w konvèti, ou vin pitit Bondye, kidonk frè tout moun k ap sèvi Bondye. Se pousa ou reyini avèk yo nan yon lye chak moman done. Pou pi fò legliz, yo reyini dimanch, pou lòt yo reyini samdi. Kit dimanch, kit samdi, se de jou ki egziste. Chwazi yon jou pou w adore oubyen rekonèt Bondye egziste pa sifi pou fè w kretyen paske Bondye la chak jou. Men kòm nou travay nan semèn, nou pa gen gen menm orè, nou chwazi yon jou pou n adore Bondye ansanm. Sonje ! Jida tap mache ak Jezi, poutan se li ki ta pral vann li. Sa vle di, manb legliz pa vle di konvèti. Anplis de sa, gen legliz lokal ki se kay kote kretyen yo reyini yon jou espesyal e gen legliz inivèsèl la ki se rasanbleman tout vrè kretyen, kèlkeswa nan legliz yo ta mache. Jezi se pastè legliz sa a ki reyini tout moun k ap sèvi l tout bon yo, men se nan syèl la nou pral rekonèt yo finalman.

3.                   Chanje rad, konpòtman ak fason pale

Lè ou konvèti, gen anpil chanjman ki fèt nan ou. Gen chanjman rapid e genyen ki pran tan tou, sa depan de nivo lafwa ou ak janw kite Bondye envesti gras li nan ou. Kèk nan sa ki rapid yo se chanje rad, konpòtman, fason pale. Kèk moun konn kouri di yo p ap janm fè sesi ni sela, yo se yon lòt moun. Pafwa, gen moun ki konn fè gwo sèman, pran gwo desizyon yo pral regrèt aprè. Tout sa yo fè pati konvèsyon an men se pa yo ki demontre moun ki konvèti a vre. Si se ta chanje rad ak fason pale ki montre konvèsyon, moun ki konn abiye ak moun ki gen pawòl dous t ap pi gwo kretyen ki egziste. Erezman, konvèsyon an ale pi lwen ke sa. Byen pale, pa janm derespekte moun, kenbe kò w pwòp e gen yon bon renome nan zòn ou pa ka fè w vin kretyen pou sa. Se sèl Jezi ki ka fè chanjman nan moun gras ak Levanjil la.
4.                   Swiv yon kouran relijye

Yon kouran se yon tandans ki baze sou yon seri opinyon oubyen santiman. Yon gwoup kwayan di men kisa pou w fè pou w sove san sa yo di a pa fòseman manche kòrèkteman ak sa ki ekri nan Bib la. Jan sa toujou fèt, kouran an gen defansè li e atakan k ap chache fanatik pou mache dèyè yo. Yo trè solidè men Jezi te di se li menm ki verite a, vrè chemen an, lavi a. Pèsonn p ap ka al jwenn Papa li san li pa pase pa li menm (Jan 14.6). Sa vle di, si se yon kouran w ap swiv san w pa gade kilès k ap dirije li, ou ka konvèti men se pa nan Levanjil Kris la ou pran (Galat 1.6-7). Li fasil pou w detèmine si w nan bon ou move kouran. Youn nan pi gran mwayen an se lè doktrin w ap swiv la pa fè w rayi lòt moun, paske Jezi te di pou tout disip yo renmen youn lòt (Matye 22.36-38). Si yon moun ap swiv Kris, li pa renmen w, ou mèt sèten li pran nan yon move kouran, paske Jezi menm mande pou kretyen an renmen moun ki rayi l (Matye 5.44), alewè pou w ta rayi yon moun ki pa enmiw, se pi mal.

5.                   Ale legliz chak dimanch/samdi

Mennen machin ou nan garaj chak lè machin ou anpàn pa fè w mekanisyen pou sa ni tounen yon machin. Menm jan an, ale legliz chak dimanch pa fè moun konvèti. Ou ka pwofite fè sa pandan ou prale, e prefere ou ale ke w rete deyò, men se pa abitid la ki fè yon moun konveti, se lè lavi l chanje. Paske si w toujou ap viv nan peche, mache legliz ak nan tout sèvis pap fè w sove. Se Jezi menm ki se chemen ki mennen nan syèl la. Li konn kè tout moun e li pa nan patipri. Nou gen egzanp de moun kap mennen movèz vi epi ki toujou ale legliz. Konsa tou, gen bon. Si nou di tout moun ki ale legliz se kretyen, nou nan manti paske genyen ki ale men ki pa sa. E si nou di tou, tout moun ki ale legliz pa kretyen, se manti ankò paske gen vrè kretyen ki toujou pèsevere legliz. Nan sans sa a, nou pa ka defini yon kretyen sou pèseverans li legliz. Si nou ale pi lwen toujou, n ap wè chak legliz sanse gen yon prensip diferan. Genyen ki dakò bijou e lòt ki pa dakò, gen lòt ki dakò pantalon ak fo cheve e lòt ki pa dakò. Eske nou ka di kilès ki pi bon oubyen ki pa bon ? Sa difisil.

Annou wè koulye a, kisa konvèsyon an ye:

§     Konvèsyon an se chanjman ki fèt nan kè ak nan panse yon moun. Chanjman sa a fè l tounen vin jwenn Kris. Li retounen, li kite wout peche ki ta pral mennen li nan lanfè a, li vire nan sans kontrè. (Matye 18.3 ; Travay 3.19 ; 1 Tesalonisyen 1.9).

§     Nan Matye 7.13-14, Jezi prezante konvèsyon an tankou lè yon moun kite wout laj la ki mennen nan pèdisyon pou l pran wout jis la ki bay lavi ki pap janm fini an.
§     Konvèsyon an gen de pati, youn negatif, lòt la pozitif. Pati negatif la se repantans e pati pozitif la se lafwa.

A.                  Kisa repantans la ye ?

Repantans la se pati negatif ki nan konvèsyon an. Wòl li se fè pechè kite wout peche l yo, konfese yo e rekonèt Kris kòm Sovè e Mèt li (Women 10.9-10). Gen twa bagay ki ka pèmèt nou verifye si yon moun repanti vre.

1.                   Konesans peche a (Som 51.3-5)
2.                   Emosyon oubyen tristès ki soti nan Bondye (Matye 27.3 ; Lik 18.12, 2 Korent 7.9-10)
3.                   Volonte: pechè a chanje wout, li vle viv selon volonte Bondye (Som 51.10, Matye 7.21 ; Efezyen 5.10 1 Tesalonisyen 1.9)

Kèk bagay ou ka wè oubyen yon moun ka santi ki pa vle di li repanti :

1.                   Di bon pawòl (Matye 21.31-32)
2.                   Senserite nan yon relijyon, nan yon gwoup relijye (Women 10.2-3)
3.                   Pè lanmò: Gen anpil moun ki te konvèti aprè 12 janvye 2010 paske yo te pè mouri, men yo pat pè Bondye vre paske anpil nan yo te tounen viv nan peche ankò (Lik 19.21).
4.                   Santiman koupab oubyen remò: rekonèt peche, kriye, malad, tris pa vle di ou repanti (2 Korent 7.10)

Repantans la se desizyon ou pran pou w chanje (Ezekyèl 33.11), grandi nan pawòl la.

B.                  Kisa lafwa a ye ?

§     Lafwa se pati pozitif konvèsyon an ki fè moun ki konvèti a vin jwenn Kris lè l kite wout peche a. Li fè fè l mete konfyans nan Bondye, e non nan fòs li.

§     Plis moun konnen lafwa tankou asirans yo gen nan Kris pou tann delivrans ak benediksyon (Ebre 11.1), men se pa sa sèlman. Se lafwa ki fè w sove (Efezyen 2.8-9) ki fè w ap mache ak Kris san dezespere (2 Korent 5.7 ; 1 Korent 15.19).  

§     Gen moun ki pa vle konvèti paske li santi li pa ka fè levanjil. Si se fòs ak entelijans lòm ki t ap fè l vin kretyen, Jezi pat bezwen vin mouri (Filipyen 2.13 ; 4.13).

§     Si yon moun repanti epi li pa chache vrè chemen an, se lave men siye atè. Pa gen vrè konvèsyon si repantans la pa gen swivi, tankou al legliz, patisipe nan etid biblik, lapriyè, li labib…Anpil kwayan chite paske yo pa kontinye pran lòt etap yo. Si w konvèti[1] epi w pa gen tan pou aktivite kretyen, se prèv ou pat ko prè pou swiv Kris (Matye 10.38).

Menm jan ak repantans la, lafwa a gen twa eleman ki ka pèmèt ou egzamine lafwa ou.
1.                   Konesans : pechè a konnen kilès Bondye ak Jezikri ye (Jan 3.2 ; 17.3 ; 1 Timote 2.4)
2.                   Emosyon: kè w pale (Women 10.9-10)
3.                   Volonte: lafwa se yon aksyon ki soti nan volonte w gras ak konfyans ou gen nan Bondye e obeyisans ou ak pawòl ou. (Jan 14.15 ; Women 2.13 ; Jak 1.22-25 )

SA W DWE KONNEN

1.                   Konvèti se chanje lavi w pou w sèvi Bondye. Se pa pou sèvi pastè oubyen yon moun. Si ou pa vle konvèti poutèt yon moun, ou chwazi kondane tèt ou pou li tou, e li ka menm sove paske sali a depann de chak moun. Sa se yon krim e Bondye pap padone w pou sa. Ou dwe renmen tèt ou.
2.                   An reyalite, yon kretyen, yon pastè ta dwe yon modèl pou tout kretyen ak payen yo (1 Timote 4.12) men si sa rive ou pa wè yo se modèl, se pa rezon pou w pa konvèti oubyen kite legliz paske chak moun pral peye pou sa l te fè (2 Korent 5.10). Montre chanjman ou vle wè a, pa egzije nan moun sa w pa vle fè.
3.                   Gen moun ki pa konvèti paske yo di yo pa wè nan ki legliz yo pral mache. Se yon eskiz ki lakoz konplèks e ak gade moun sou aparans. Pa jije yon legliz sou sa w tande nan lari paske sa pap ede w chape poul ou devan jijman Bondye. Anplis, pa gen legliz sou latè ki san peche, san pwoblèm. Premyeman, se moun k ap dirije yo. Dezyèman, legliz nan konba ak fè nwa, ap toujou gen atak, konfli ki pa vle di li pa bon. Pastè Marcello te di: “Legliz la ka gen pwoblèm men Bib la pa gen pyès pwoblèm”.
4.                   Depi w konvèti tout bon vre, ou sove. Prèv la se lè Sentespri a vin rete nan ou. Ou ka egzamine sa gras ak fwi lespri yo (Galat 5.22). Etidye zèv lachè yo pou w ka sèten w pap pratike yo tou (Galat 5.19-21).

5.                   Pa defann legliz ou pou w pa kontribye nan rann travay move lespri yo pi fasil. Avan ou defann yon verite oubyen yon doktrin, asire w ke li fonde sou Labib. Pa kite yo fè w kwè yon ansèyman san w pa aksepte ni konprann li. Se vre, gen verite ou pap konprann touswit, e kèk ki se mistè men tout sa w kwè pa dwe kont Bib la. Konsa tou, pa aksepte yon doktrin pa vle di ou dwe kite legliz ou. Sa ki esansyèl se viv anpè ak tout manb epi toujou kenbe relasyon ou sere ak Bondye k ap revele w tout verite. Ou pa janm konnen si se pa ou ki pral dirije demen paske Bondye pa gade pèsonn sou figi pou l fè gras.
6.                   Pa gen rankin pou manb lòt legliz kèlkeswa rezon an. Travay ou se sèvi Bondye, eklere moun ki nan fè nwa, viv ak frè w, renmen pwochen jan w renmen tèt pa w (Matye 22.39). Pa antre nan konfli legliz ou ak lòt legliz, ni nan pwoblèm lidè ak lòt lidè. Enmiw sou latè se Satan ak tout akolit li yo, se pa pèsonn (Efezyen 6.12). Evite fè yon konba kont moun ou dwe mennen bay Kris la.
7.                   Pa janm bliye antanke kretyen tout moun ki sou wout ou, tout moun ou ka pale, enfliyanse se moun ki bezwen sove. Konsa, paran ou, frè w, sè w, zanmi w, fiyanse w, mari w/madanm ou, moun k ap travay lakay ou, patwon ou, anplwaye ou…..ou se mesaje yo tout.



















10 REZON POU YON MOUN KONVÈTI

Premye rezon : OU SE KREYATI BONDYE

Men sa nou li nan Bib la : « Lè sa a, Senyè a, Bondye, pran pousyè tè, li fè yon moun. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan » (Jenèz 2.7). Dezyèm wa peyi Izrayèl la ki te rele David te di Bondye : « Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. » (Som 139.23) Yon lòt sèvitè Bondye te di ankò: « Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. » (Ebre 4.13).

Gen yon doktrin yo rele « evolisyonis » ki fè konprann ke lòm ta soti nan bèt, se pat Bondye ki te kreye li. Pawòl Bondye a voye teori sa jete byen lwen paske bèt toujou rete bèt, moun toujou rete moun. Pyès nan yo pa ka lòt ke sa yo te ye depi lè yo te kreye. Anplis, Bib la temwanye ke bèt te fèt anvan moun. E lè Bondye te fin kreye Adan, se li ki te bay tout bèt non (Jenèz 2.19-20) epi resevwa pouvwa pou domine sou yo (Jenèz 1.28).  Alò, kòman pou bèt ta fè tounen moun ? 

Ki papa k ap dakò pou pitit li pa obeyi li jis li kite kay li pou l'al viv kay zanmi oubyen nan lari?  Se menm jan an pou Bondye ki te kreye ou. Li renmen ou, men sa fè lontan l'ap rele ou, ou pa vle tounen vin jwenn li. Si ou kwè vrèman ou pa sot nan bèt, ou se kreyati Bondye, se Bondye sa a pou w adore paske se pou sa li te kreye w. Youn nan pi gwo erè moun konn fè, se lè yo kwè se pou pastè a y’ap konvèti, kòmsi se yo menm yo pral sèvi. Poutan, pastè yo la pou bay pawòl la. Lè ou konvèti, ou kwè nan sa yo di’w la, men se pa nan yo. Si ou poko konvèti, se pa paske Bondye pa renmen'w, men se paske'w poko deside fè sa. Ou poko rekonèt li se kreyatè ou.

Gen moun ki konn di : « Wi, mwen kwè se Bondye ki te kreye tout bagay », poutan yo pa vle konvèti. Rekonèt Bondye se kreyatè a pa sifi si ou pa aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou paske se li menm Bondye te voye mouri pou li te ka fè l vin zanmi avè'w: « Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyea, nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. » (Women 5.10)

Lè ou konvèti, ou vin plis ke yon kreyati. Ou se pitit Bondye, frè Jezikri e eritye wayòm syèl la. Lè w konvèti, se pa moun ou fè plezi, se Bondye ou bay glwa paske w rekonèt li se Papa w, kreyatè w. Pa gen pi bèl desizyon konsa nan lavi yon moun k ap viv.
Dezyèm rezon: KONSEKANS PECHE

Aprè Bondye te fin kreye Adan e Èv, li te ba yo yon lòd ke yo pat respekte: « Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, pinga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w'ap mouri. » (Jenèz 2.16-17). Yo te dwe respekte lòd sa a paske yo te konenn konsekans dezobeyisans la ki se lanmò. Malerezman, youn nan bèt ki te pi rize Bondye te kreye te rive tante yo epi fè yo dezobeyi. Adan te lage chay la sou do Èv: « Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje l. » (Jenèz 3.12). Èv menm te lage l sou do sèpan an: « Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l » (Jenèz 3.13).

Se akoz dezobeyisans sa a ki fè lanmò pral vin nan kreyasyon an ak anpil soufrans tankou: doulè nan fè pitit, dominasyon lòm sou fanm, tè a madichonnen, travay di (Jenèz 3.14-19). Dezobeyisans sa a rele “peche”. Se pa lè yon moun fè adiltè, tiye moun sèlman li fè peche. Tout sa Bondye di fè ou pa fè, ou fèl, li rele peche. Si jodi a gen lopital pou maladi, prizon pou mechan, mòg  e simityè pou mò, se paske Adan e Èv te dezobeyi lòd Bondye. Se premye peche lòm te fè e se li menm tou ki lakoz lemond boulvèse. Gen moun ki di Bondye pa renmen yo poutèt li kite yo ap soufri. Ebyen, se pa fòt Bondye, se konsekans premye paran nou yo nap peye sou latè paske nou eritye yo. « Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.» (Women 5.12)

Si jodi a ou konnen pou'w konvèti ou pa fè sa, konsekans refize ou se « kondanasyon» (Mak 16.16). Si w kondane, kilès ki mechan e kilès ki jis ?   Konsekans peche a pa sèlman lanmò fizik sou latè, men aprè lanmò fizik sa a, mò yo gen pou jije. Se sa Bib la di : « Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fotèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo daprè sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. » (Revelasyon 20.12). “Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.” (Revelasyon 20.15).

Lè w konvèti, se sèten ou gen pou'w mouri, men yo pap jete ou nan letan dife a paske moun Kris yo ap nan Wayòm Bondye a (Matye 7.21). Pwiske ou se yon pechè, ou pa ka evite jijman peche a. Erezman, Jezi te vini pou l sove w anba peche. Kwè nan li se aksepte sakrifis li a pou w ka benefisye gras li ki p ap janm fini. Se vre w ap mouri menmsi w konvèti, men aprè lanmò ou pral reviv ankò (Jan 5.29). Konsekans peche se lanmò, men gras Bondye se lavi ki pap janm fini an (Women 6.23).
Twazyèm rezon: GRAS BONDYE

Daprè sa nou sot wè nan dezyèm rezon an, konsekans peche pote malè pou lòm ni nan tan sa a ni nan tan k ap vini yo, jan sa ekri nan Revelasyon 20.12-15. Nou fè diferans ant de kalite lanmò nan sans sa a. Premyeman, lè yon moun mouri fizikman, yo mete li nan mòg epi yo antere li. Se sa nou li nan Jenèz 3.19 : « …se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. » Dezyèman, yo pale de yon lòt lanmò nan Revelasyon 20.13 : « Lanmè a remèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.»

Deja, nan tan nou ye la a, Bondye gentan fè nou wè kisa ki gen pou rive tout moun ki pa kwè nan Jezikri yo. Se sa nou rele akonplisman pwofesi yo. Fòk yo akonpli paske Bondye p ap bay manti. Sa ki bèl, ekstraòdinè menm nan pwofesi sa a, sèke li posib pou yon moun evite kondane paske men sa Jezi ki se Sovè a di: “ Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3.16)

Lanmò Jezi fizikman se te pou manifeste gras Papa li anvè limanite. Si Bondye chwazi sove nanm nou anba kondanasyon, se yon gras paske akoz peche Adan e Èv yo, nou pa merite sa. Nou tout te dwe peri depi nou mouri, men Bondye ki pa menm jan ak lòm, pa jije menm jan ak li tou, te deside nan li menm pwiske li se lanmou an menm (1 Jan 4.8), pou padone peche tout moun si sèlman yo kwè nan sakrifis Jezikri, sèl Pitit li a. Nou jwenn pwomès sa a nan Bib la: “Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini. » (Women 6.23).

Tout moun ki kwè nan Jezikri yo ap resevwa gras Bondye kap pèmèt yo gen lavi ki pap janm fini an. Ou p ap peye pyès kòb paske san Jezi te koule deja pou tout peche w te ka lave (1 Pyè 1.18-19). Sove a se yon gras e se ak lafwa ou ka resevwa li sèlman (Efezyen 2.8-9). Gen moun ki pran gras la pou yon piyay, yon mwayen pou pwofite viv nan peche, fè koripsyon. Bib la pa aprann nou gras la konsa. Lè nou li nan Tit 2.10-12, nou wè gras la se yon lekòl, yon lòt fason nou dwe viv nan Jezikri ki se limyè mond lan. Fè yon moun gras pa vle di ba l libète fè sa l vle, okontrè moun sa a ta dwe mache dwat pou libète li jwenn nan.
Katriyèm rezon : TOUT MOUN PA PITIT BONDYE

Ou pa tap dakò fasil si yon jou yon moun ta di pou w sove, fòk ou fèt yon dezyèm fwa. Ou te ka di moun sa a pa konnen sa l ap di paske li enposib pou yon moun fin fèt, menm si li te fèk soti nan vant manman li, pou li retounen ladan ankò, alewè lè li fin grandi epi vin granmoun ; sa vin enposib nèt. Ebyen, yon bagay konsa te rive ant Jezi ak yon mesye ki te pote non Nikodèm. Se te yon nonm ki te gen anpil konesans nan lalwa peyi Izrayèl nan epòk la. Yon jou aswè, li te al jwenn Jezi pou pale ak li. Li t’ap felisite li pou mirak li tap fè. Sepandan, malgre konesans sa a, li pat ko prè pou antre nan Wayòm Bondye a ki se peyi kote tout moun ki sove yo pral viv ansanm nan. Jezi te di li fòk li fèt yon lòt fwa pou li antre nan Wayòm sa a. Li te wè sa enposib, poutan sa te endispansab menm. Sa vle di, si yon moun pa fèt yon lòt (dezyèm) fwa, li pap ka antre nan wayòm Bondye a (Jan 3.1-10).

Lè ou fèt yon premye fwa, se lè ou te soti nan vant manman ou, sa vle di ou se pitit manman ou ak papa ou, de moun, men ou poko pitit Bondye. Ou se kreyati Bondye, jan nou te sot wè li nan premye rezon an. Ou vin pitit Bondye lè ou fèt yon dezyèm fwa. Lè sa a ou resevwa Sentespri l nan lavi ou, li make ou kòm zafè pa li (Efezyen 4.30 ; Women 8.14,16). Atò, gras ak prezans Sentespri a nan lavi ou, ou se pitit Bondye, ou vin ka fè l plezi nèt ale (1 Jan 3.10).

Gen anpil moun ki pa vle dakò yo pa pitit Bondye. Nan yon sans, yo gen rezon paske se Bondye ki te kreye yo. Men si tout moun te pitit Bondye, sa tap vle di tout moun se kretyen, tout moun sove e pa tap gen nesesite pou Jezi te vin mouri. Si jodi a, ou bezwen pou yo toujou ankouraje w pou w konvèti se paske ou bezwen fèt yon dezyèm fwa pou w ka vin pitit Bondye.  

Pou w resevwa Sentespri sa a, ou bezwen tande pawòl la epi kwè nan sa li anseye yo (Jan 1.11-13 ; Travay 10.44-45). Anplis, si Bib la pale de lavi ki pap janm fini an, se paske lavi nou genyen depi nou te fèt premye fwa a gen pou fini tandike lavi nou jwenn lè nou fèt dezyèm fwa a pap janm fini. Ou ka vin pitit Bondye lè ou aksepte Jezikri nan lavi ou !

Analize byen sa Jezi te di nan Jan 3.16, vèsè ki pi popilè nan Bib la : « Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo.. » Li pat di « renmen pitit li yo… » paske lemond ak legliz se de bagay diferan.
Senkyèm rezon : OU P AP KA EVITE JIJMAN BONDYE A

Si ou dakò se Bondye ki te kreye ou, ou dakò se swa ou yon gason oubyen yon fanm. Konsa, jan nou te li nan liv Jenèz la, tout moun, sa vle di, tout kreyati Bondye yo, gen pou tounen pousyè paske se la yo te soti (Jenèz 3.19). Anplis de sa, gen mouri pou ale nan simityè e gen resisite pou ale nan jijman (Revelasyon 20.11-15).

Depi ou se yon moun, gason oubyen fanm, ou se kreyati Bondye e ou gen pouw mouri. Men sa Bib la di sou sa ki gen pou rive aprè lanmò : « Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo» (Ebre 9.27). Ke ou te mouri ou resisite, ke se nan mistik yo tiye ou, ke se nan maladi oubyen nan lasante, ke ou se jèn oubyen granmoun depi souf ou pa la ankò, ou mouri, e sa ki rezève pou ou se jijman. Menm jan ou pa t ka deside vini nan lemond, se yon gason ak yon fanm ki te deside pou ou, se konsa tou, ou pap ka deside pa patisipe nan jijman an paske se Bondye kap fè l. Yo toujou di, pito w pat fèt menm pou w ta epanye jijman Bondye. Depi w fèt, ou responsab lavi w sou latè e ou pral jije pou jan w te mennen lavi w sou latè, nan vi sa a.

Tout moun ki mouri yo, konvèti ou pa, gen pou resisite. Annou li sa nan Bib la : « Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki pap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondanasyon yo.» (Jan 5.28-29).

Depi ou fèt zanmi mwen, wap mouri kanmèm, e depi ou mouri, ou pa ka evite jijman Bondye. Jijman Bondye a chita sou misyon li te bay Jezi: «Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.» (Jan 3.16)

Se sa ki fè, lè ou tande yon moun ap preche w levanjil, fòk ou prete atansyon ak deklarasyon sa a: « Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondane.» (Mak 16.15-16). Ou ka evite kondanasyon nan jijman Bondye a si sèlman ou konvèti avan ou mouri. Pa janm bliye sa.

Sizyèm rezon : ESKIZ OU YO P AP VALAB

Eskiz se yon rezon ou bay pouw pa fè oubyen di yon bagay. Konsa, tout moun ki pa vle konvèti gen pou pi piti youn nan rezon sa yo: m pa gen tan, priye pou mwen, m ap gentan, m poko prè, nan sa m ye a m pa ka kretyen, Bondye ap fè m konvèti avan m mouri, m ap konvèti lè m fin lekòl, gen twòp plezi deyò a, moun legliz twò fèzè, yo preche moun reziyasyon nan legliz, pastè yo twò raketè, pa gen legliz nan zòn nan ki bon, m te la men m ap gentan tounen.... Youn ladan yo pap valab nan jou jijman an.

Konvèti se desizyon ou pran pouw kwè nan Jezikri lè ou fin tande pale de li : nan lari, nan lekòl la, nan travay, nan mache, nan jaden, nan legliz, nan machin, nan kwazad, nan sèvis plenè, nan kennenpòt sikonstans ak kote a. Depi ou fin tande pale de Levanjil la, ou pa inosan ankò, ou pa inyoran ankò, ou responsab. Angwo, ou pap gen pyès pawòl pouw bay nan jou jijman an pou jistifye rebelyon ou te fè lè ou te tande Levanjil ki tap anonse sa ki gen pou rive moun ki pa kwè nan Jezikri yo.

Konvèti ou pa depann de jan yon kretyen ap viv, byenke jan yon kretyen ap viv ka ede ou kwè pi fasil (1 Jan 4.20-21). Sa depann de ou menm menm, de volonte ou, konpreyansyon ou, akò ou lè ou fin tande Levanjil la. Tout sa ou genyen kòm rezon ki fèw pa vle konvèti se yon eskiz, yon pretèks. Gen moun ki di Bondye ap pran yo lè li vle : eskiz. Lòt di, Bondye wè tout bagay : eskiz. Anfen, gen moun ki temwanye pou di Bondye pwoteje yo ak pitit yo depi lontan, malè pa rive yo e gen anpil mirak Bondye fè nan lavi yo, men yo pa deside konvèti : eskiz. Bondye renmen tout moun, li pwoteje tout moun e li rele tout moun vin jwenn li. Li pa gade pèsonn sou figi, li jije tout moun menm jan an. Ke Bondye te fè anpil mirak nan lavi ou pa gen anyen pou wè ak konvèsyon ou si malgre tout sa li fè yo, ou pa konvèti jis ou mouri. Sa vle di ou pa rekonèt byenfè li yo vre.

Sonje sa ! Bondye pa fè anyen pou bay lòm libète fè sa ki mal. Se pa paske ou te chape nan yon danje oubyen nan yon aksidan ki fè si ou mouri demen, ou pap jije. Ou pral jije sou sa ou te fè e non sou sa Bondye te fè pou ou. Dayè, depi lè ou fèt, wap viv, Bondye fè ase pou w ta konvèti. Ti tan ou te pase nan vant manman w lan sifi pou'w ta chwazi sèvi Bondye, malerezman sa pat posib, paske ou te inosan. Si jodi a, ou gran, ou gen ase nanm pou’w deside konvèti. Moman an rive pou w konvèti paske eskiz ou yo pap valab nan jou jijman an.
Setyèm rezon: SALI A PESONEL

Si nap kontinye analize kèk eskiz moun ap bay pou yo pa konvèti, nap konprann yo kwè se lòt moun ki dwe ka fè yo sove, alòske se Jezikri ki te vin mouri pou te fè sa. Predikatè a pa di « Aksepte pastè a » men li di « aksepte Kris». Lè yon moun ekri w yon lèt, yon mesaje pote l ba ou, si ou fè mesaje sa a malonèt oswa ou pa resevwa lèt la, se pa mesaje a ou fè malonèt, se moun ki ekriw lèt la menm. Konsa, Levanjil la se yon lèt tou louvri Bondye voye ba ou. Premye mesaje a ki se Kris te bay li ak moun nan tan pa li a. Pou koulye a, se sèvitè li yo nan lemondantye ki responsab fè travay sa a (Jan 17.18). Lè ou refize kwè nan Levanjil sou pretèks moun kap prechew la pa bon, se pa moun sa a ou pa refize vre, men se Jezi ki te voye li a. Koute sa Jezi te di yo : «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon » (Matye 28.19). Plizyè fwa, ou tande Levanjil men nan tout fwa sa yo, toujou gen yon rezon ki anpeche ou.

Sali a pèsonèl, paske se ou sèl ki pou deside aksepte l. Menmsi manman ou ta kretyen, papa ou ta jwe gwo wòl nan Legliz, tout frè ak sè ou ta kretyen, pi fò zanmi ou se kretyen, sa pa pi enpòtan pase desizyon paw pou w aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou. Konsa tou, sali a pèsonèl pa vle di ou ka pran Levanjil la jan w vle jan w pito. Pa bliye gen moun ki la pou ba w li (Matye 28.19, Travay 2.42). Si Bondye pat voye Jezi, pa tap gen sali sa a. Oubyen si li te dezobeyi, nou tout tap kondane. Se menm jan an, si premye disip Jezi yo pat obeyi ak misyon Jezi sa a, Levanjil la pa tap vin nan peyi nou, e nou pa tap ka jwenn lavi ki pap janm fini an.

Nou chak gen vi pa nou, kè pa nou, souf pa nou, san pa nou, libète pa nou, konsyans pa nou. Nou chak gen chwa pou n aksepte oubyen rejte mesaj delivrans nanm nou nan peche gras ak mesaj kretyen yo ap preche. Ou ka chwazi delivre oubyen kondane nan peche.

Men sa Jezi te di : « Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondane. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondane, paske yo pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. » (Jan 3.18). Sove depann de ou, pèdi, kondane oubyen peri a depann de ou tou, se pa ni Bondye ni pèsonn ki anpeche ou fè youn oubyen lòt. Si w pa chwazi sove, pa gen lòt moun k ap ka fè sa pou ou, menmsi li ta konn priye ak preche. Ou dwe bay Kris laviw .

Uityèm rezon: PWOFESI YO AP AKONPLI

Pwofesi yo se yon seri evenman pwofèt yo te wè avan yo rive gras ak pouvwa Bondye ba yo. Pwofèt sa yo se te sèvitè Bondye ki te jwenn misyon pou pale nan non li. Yo te la pou di moun sa Bondye te di, sa li te vle e sa ki ta pral rive paske se sèl Bondye ki konnen tout bagay (Travay 2.14-21). Anplis, Bondye pa pale ak tout moun dirèk. Nan tan lontan, li te chwazi moun pou pale pou li men te rive yon tan, se te Jezi menm Pitit li a ki te sèvi bouch li pou pale ak tout moun sou bagay ki ta pral rive nan dènye tan an (Ebre 1.1-2). Kèk nan sa li te di ekri nan vèsè sa a : «Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote » (Matye 24.7).

Youn nan sèvitè li yo li te kite pou kontinye pale te di: « Mete sa byen nan tèt ou : nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde antrèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'a pito plezi pase sèvis Bondye. » (2 Timote 3.1-4).

Si ou wè bagay sa yo ap rive nan tan w ap viv la, se pa aza yo ye pou Bondye ni pou pyès moun ki konnen pwofesi yo. Si yo rive, se pa paske Bondye rayi lèzòm men se paske sa te ekri pou rive. Devwalman yo se pou byen ou paske Bondye fèw konnen yo. Lèzòm ka chache fè tout sa yo vle men yo p ap ka anpeche pwofesi yo akonpli. Se sèlman nanm ou ou ka sove lè ou aksepte Kris kòm Sovè e Mèt ou. Si ou wè kèk sa ki te di nan Bib la kòmanse rive vre, ou pa bezwen mande lòt prèv pou konnen si aprè lanmò w ap chape anba jijman Bondye lè'w mouri san Kris. Se menm Bondye a ki te prevwa tout.

Anpil moun ki konnen bagay sa yo, toujou refize konvèti pansan y ap gen tan, alòske Jezi te di klèman: “Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.” (Matye 24.36). Se li menm ki vle pou'w konvèti avan li twò ta pou ou. Yon moun ki kwè Bondye egziste e ki kwè li pa konn bay manti ta dwe gen 7 lane depi l konvèti paske de rezon sa yo montre aklè levanjil la se verite. Pa gen moun kap dakò mache rankontre lanmò. Menm jan an, ou pa dwe mache rankontre jijman Bondye si ou konnen li egziste tout bon. Bondye ap kenbe pawòl li, li pap bay manti. Ou dwe konprann e aplike sa nan lavi w. Di w ap gen tan an pap bòw tan. W ap toujou okipe e plezi mond sa a ap toujou la pandan ou vivan, se yon jou pou w chwazi kite l.
Nevyèm rezon : OU P AP KA REPANTI APRE LANMO

Lanmò se lè yon moun pa egziste ankò nan lavi sou latè a. Sa vle di, aktivite li e kò li pa la ankò byenke foto ak imaj li nan lespri moun ka fè sonje li, men sa rete la. Depi ou mouri, tout bagay fini pou ou nan vi sou tè a paske se Bondye ki vle li konsa. Tout sa w ka fè posib avan ou mouri, se sa ki fè ou bezwen aksepte Kris avan paske aprè ou p ap ka fè sa.

Gen moun ki di pa gen anyen aprè lanmò. Pa gen moun mouri ki janm tounen vin di kisa yo te wè. Pou koze sa a, Jezi te montre aklè sa ki ka rive yon moun ki mouri avan li te kwè nan verite a. Nonm rich la ki te nan reyalite a te bezwen pou Abraram voye Laza sou latè pou 5 frè li yo te ka evite chatiman li tap pran, men Abraram te di li:“ Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.” (Lik 16.31).

Sa rive plizyè fwa gen moun ki te mouri ki leve ki vin di men sa yo wè nan lanfè ak paradi. Moun ki te bezwen yon prèv konsa souvan rejte l paske pou yo menm sa moun resisite sa a ap di a pa vre, oubyen li pat mouri vre. Li sanble tap pi bon menm si li ta jwenn chans mouri e resisite pou l ta kwè vrèman, men lè sa a se tout moun ki tap bezwen mouri de fwa pou yo ta konvèti. Lè ou mouri, pap gen lafwa ankò paske w ap nan reyalite a.

Se sa ki fè, pou ou sove, ou bezwen gen konfyans (lafwa) nan Bondye. Konfyans sa a pa chita sou inyorans, medyokrite ak manti men li chita sou kapasite ak fidelite Bondye. Nou fè chofè konfyans, nou dòmi malgre l ap kouri machin nan atout vitès. Nou pa janm wè sa ki nan vant nou men nou fè doktè konfyans nan bwè konprime li preskri nou. Yon moun ki gen 100 lane se yon moun ki pase 100 lane ak kè li ki pa janm rete, san li pa janm met gaz ladan. Eske tout sa se pa travay Bondye? Kisa w’ap tann pou w kwè nan Jezikri avan ou mouri ? Repantans la se avan lanmò li ye. Lè ou rive kote mò yo, w ap nan reyalite a e ou p ap ka fè anyen paske l ap two ta.





Dizyèm rezon : OU KA KÒMANSE JODI A

Si ou vòlè yon bagay, ou tiye yon moun oubyen ou fè yon mal kèlkonk, lalwa pap kite sa san pini. Moun ou fè tò a gendwa swete malè pou ou, e sil ta jwenn ou, li ka menm tire revanj sou ou. Gen moun ki ènmi ou pou jis yo ale anba tè. Anfen, gen de bagay ou fè nan sosyete a, ou tou pèdi plas ou jiskaske w mouri. Se pa konsa sa ye pou Bondye. Men sa youn nan sèvitè li ki t'ap preche moun pou tounen vin jwenn li te di :

« Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.” (Travay 17.30)

Ou ka kòmanse jodi a zanmi mwen si ou santi ou nan nesesite pou'w konvèti paske Bondye ap tann ou depi lontan.  Ou fè twòp lojik. Si Bondye ta chwazi fè lojik avè w tou, ou pat dwe la ankò paske se li ki te kreye’w. Li pwoteje’w e siveye w lè w ap dòmi. Dat kè w ap bat, san ap koule nan venn ou, w ap respire, ou mache, ou travay, ou pran kont plezi ou gras ak lasante ou genyen. Atout privilèj sa yo, w ap viv e ou toujou pa vle sèvi li. Chak kòmansman lane, moun pasi pala nan lemondantye ap di Bondye mèsi pou ane yo te pase byen. Imajine si Bondye t ap fè lojik avè w kilès ki tap egziste sou latè sinon moun ki tap sèvi l ?

Sispann bay eskiz, sispann gade sou sa moun ap fè e di, paske jijman Bondye a pa chita sou sa lòt moun di oubyen fè ki mal. Li chita sou misyon Jezikri a ki te vini pou te delivre ou nan esklavaj peche, yon fason pou epanye w de kondanasyon nan jou jijman an.

« Se poutèt sa, jan Sentespri te di l la : Si nou tande vwa Bondye jodi a, pa kenbe tèt ak li… » (Ebre 3.7-8b)

Mwen te kontan pase timoman sa a avèk ou e mwen kwè ou pa regrèt paske nou pat nan joure ni nan di sa nou pap viv. Ou ka toujou pa deside konvèti aprè w fin aprann bagay sa yo men pa bliye chwa ou fè a gen konsekans li. Mwen swete ou pran yon desizyon koulye a menm pou w remèt lavi ou bay Kris, paske pa gen pi bèl desizyon ke sa. Bondye beniw !
Frè Jérôme Dorsonne Emerson



[1] An reyalite, pa gen konvèti e dekonvèti. Pwiske li difisil pou w konn lè yon moun sove vre, konvèsyon an vin yon deklarasyon men se aksyon w ki pral montre li.

3 commentaires:

  1. mwen pa konprann tout bagay pasque m ap aprann kreyol ayisyen, men mwen kontan sa

    RépondreEffacer
  2. Mèsi anpil Sèvitè pou ensèyman sa yo, li ede m anpil paske m'ap fè yon devwa la epi nan fè rechèch mwen jwenn sa m t'ap chèche yo. Ke Bondye kontinye beni w e ba w plis konesans.

    RépondreEffacer