samedi 18 mars 2017
Sa gen plis ke 15 lane...(Lyankou)
Si ou sonje, lè w retounen, w ap wè se kòmsi anyen pa chanje. Si w al fè yon ti gade, w ap tande bri tout ti zanmi w ki tap plonje, naje, ramase sab ak grenn kakonn, fè kous travèse.
W ap wè imaj ou lè w te manke neye, lè w te konn bwè plizyè gòje dlo avanw jwenn pye oswa pou yo vin sove w.
Pita, timoun, nou pral nan Tchèk. Nou pral manje mango nan Makay avan, epi nan retounen, n ap benyen kont nou. Nou pa di manman nou fè manje, nou pa dil pa fè manje, depi n jwenn bannannout, dlo a te mèt pa klè, nap pran plezi nou.
Demen maten, vwazin nan pral pike diri. Konbit o! Konbit o! Nou pral plen vant nou ak diri legim lalo. M sonje Timatant, Terèz, Tiyèt, Timanbo, Madan Jènjan...se kèk non ki raplem bon moman nou te pase nan Makay, Anba Larivyè, Anba Jaden, Tou Joze, Dèyè Soukri, Kastra...Nèg te konn pike diri, ramase zèb, voye wòch dèyè mango, plante pwa ak patat.
Gen jaden w pat fouti antre paske yo te toujou di zonbi ap marew, kalew ak très bannann. Nan moman fen mwa mas ak mwa davril, siw tap chache kèk nèg nan katrè apremidi, ou pa wè yo, jis janbe Pon Ewa. La, tou prè Nan Baskou, se lam kap boukannen, mayi kap pètpèt, mango kap desann.
Jodi a, anpil nan nou ki sonje sa se medsen, enjenyè, agwonòm, minis, depite, jij, avoka, pwofesè e direktè. Anpil nan nou vwayaje, fè gwo eksplwa nan peyi letranje. Kisa nou fè pou lakay? Ki pwojè nou pou wout jaden yo ki se sòl edikasyon nou, inivèsite e maryaj nou?
Chak jou kap pase, nap gade, nap panse, nap travay, nap etidye, nap depanse, nou reyisi men figi lakay pa janm chanje.
Jodi a, sa fè plis ke 15 lane depi m sonje mwen te la. Lyankou, sou Do Kannal Bannannout. Ane yo pase vit, men nou pa chanje, sinon vizyon nou ki pèdi nan mitan gran chemen.
Mèsi memwa. Mèsi zanfans. Mèsi lavi.
Jérôme Dorsonne Emerson
S'abonner à :
Messages (Atom)