vendredi 30 décembre 2016

Enstalasyon komisyon minisipal nan komin Lyankou (E. Blerkenson)

Enstalasyon komisyon minisipal nan komin Lyankou

E. Blerkenson


Jan sa te prevwa nan rankont ki te fèt palè Nasyonal ant Prezidan repiblik la Jocelerme Privert, Minis interyè a Anick François Joseph ak reprezantan 5 nouvèl yo nan dat 14 out 2016 la, ebyen jodia gouvènman Privert a atravè Harry Voltaire ki se sekretè dEta kolektivite tèritoryal yo arive 1stale yon komisyon 7 manb nan tèt komin Lyankou.

 Manb komisyon an ak yon ti 2tay sou yo

1. Yvier Auguste: Militan politik e pèsonaj 1fliyan nan zòn mowo.

2. Marie Melisena Robert: Militan feminis, Koòdonatè yon òganizasyon kibay kredi, Ansyen kandida majistra pou Komin vèrèt ane dènyè.

3. Philippe Eddy Daniel: Pwofesè Lopedevega youn nan pigwo Institi espanyòl ki gen an Ayiti, li se neve regrete memwa pwofesè Jean Daniel yon pèsonalite ki pase de prezansyon e ki te akonpanye depite Dieutel Toussaint.

3. Madsen Luzincourt: Koòdonatè Koliko, lise Youn nan pi ansyen Militan politik kigen nan Lyankou e li sanse patisipe nan tout gwo mouvman pou Lyankou komin soti depi Nan "Unjedeli" avèk Dieulerme Jn Baptiste rive sou Koliko.

4. Mimy Abdallah: Antreprenè nan zòn Mowo dwè ak  Ponsonde, lise yon Militan politik nan komin nan.

5. Ritchelson Morinvil: Antreprenè e li se youn pami pèsonalite ki bay plis anplwa nan depatman latibonit la, lite fini an 2e pozisyon nan eleksyon majistra ane dènyè nan komin Vèrèt la.

6. Luc Wans Duvalsaint: Reprezantan agzekitif la atravè ministè 1teryè.

Wòl komisyon an selon rankont ki te fèt ak Egzekitif la nan palè ?

1- Idantifye sous de revni ki ka pèmèt ke komin nan fonksyone.

2- Inisye demach pou pèmèt gen yon aparèy administratif ak sèvis pou kapab reponn ak bezwen sitwayen yo.

3- Idantifye resous imèn ki gen nan komin nan

4- Travay sou delimitasyon tèritoryal komin nan.

5- Prepare komin nan pou pèmèt ke eleksyon ka òganizasyon.

Emetyl Blerkenson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire