Ki swè m ta fè!
Chak ane kap komanse, tout moun ap swete ak fanmi e zanmi " bonne année " . E poutan , ane yo ap vin pi mal chak jou pu plis. Pouki pou m ta fè swè?
An reyalite, se pa swè ak bel fraz Nap bay semenn saa kap fè ane a bon pou nou. Chak ane ki vini, se jou yo kap vin pi di. Sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik la ap vin pi di nan mond lan. Frè ak sêm yo, pa gen ane kap pi bon tande!
Si se nan mond sa nou espere, Paul di nou se moun ki pi pòv ki egziste sou latè . Chak ane anplis, konsa lavi a ap vi n pi di. Sa nou dwe sonje , se pou nou mande bondye pou l ede nou byen konte jou nou yo e aplike kè nou ak sajes Bondye!
Se poun sonje, Chak ane ki rive , se yon pa nou fê vè lanmo! Réfléchi byen fre ak sè m ! Se pa selman ane yo ki pou chanje, se pou tout vi nou chanje ane saa nan sans pozitif ! Plis ke anyen pap pi bon, se pou nou mande bondye fos, sante ak kouraj poun goumen ak lavi pandan 2017 la. Bon konnba! Pa bliye se sel ak Bondye , sa ka pi bon!
Redouadel Hyppolite