Yo toujou di depi yon moun renmen w tout
bon vre, lap fè jalouzi pou ou. Konsa, jalouzi ta sanble yon prèv ke menaj ou
renmen w. Eske se vre?
Dabò, kisa jalouzi a ye? Gen de fason yo defini jalouzi.
1. Santiman ki fè yon moun regrèt sa yon
lòt posede, tankou richès, siksè, laglwa. ..
2. Santiman ki fè yon moun pè pou moun li renmen an pa prefere
yon lòt moun, oswa twonpe l ak moun sa.
Sijè nou an chita sou dezyèm nan.
Yon vrè renmen se rezilta konfyans.
Konfyans se rezilta konesans.
Konesans se rezilta dyalòg.
Dapre François La Rochefoucauld (1613-1680) : La jalousie se nourrit dans les
doutes et elle devient fureur, ou elle finit, sitôt qu'on passe du doute à la
certitude.
Trè souvan, se mank konfyans ki fè yon moun
fè jalouzi. Li toujou panse menaj li ka twonpe l. Se sak fè gen moun ki pa dakò
menaj li soti san l pa konnen oswa al viv lwen. Kay nèg ki jalou se prizon pou
madanm li. Li ta prefere met lemond anndan an poul pa soti.
Konsa tou, gen jalouzi ki byen fonde. Pa
egzanp, eskew gade fim Proposition indécente lan, kote yon nèg rich lwe yon
fanm nan men mari l pou 1 milyon dola. Misye te fin dakò men apre l te vle
mouri. Dèfwa, gason an fè jalouzi lè l konnen zanmi menaj li se jilèt. Fi a ka
fè l tou, lè l konnen fi ki anfas menaj li a ka pran l.
Gen anviwon 5 fason yon jalouzi ka
manifeste:
1. Nan silans
Moun sa a jalou men li pap diw sa. Gen
plizyè danje ak tip de jalouzi sa a. Premyeman, silans la konn fèl soufri jis
li vin malad, lap megri e sil pa kapab ankò, li ka kraze relasyon an oswa fè
mechanste. Pou evite dega sa yo, ou dwe chache konnen rezon silans sa a. Sinon,
ou ka viktim lèw pa kwè.
2. Nan fè zen
Bon, lè yon fi kabrouya, tèktèk, cholin,
epi l jalou, se tèt chaje. Zen ka met pye fasil. Se pa tout gason kap fè zen
men li pi fasil pou fi a kite gason ki renmen zen ke gason an kite fi ki renmen
zen. Rezon an senp: fi pa renmen gason kap fè jalou sòt. Gen gason tou ki pè fi
zenyèz, yo lage cha depi jalouzi mete pye. Marcel Proust(1871-1922) te di: On
trouve innocent de désirer et atroce que l'autre désire. Siw jalou paske yon
lòt moun ap koutize menaj ou, gad pouw wè siw pa konn fèl tou. Pase m tap
pase....
3. Kite detanzantan
Chak fwa gen yon sèn jalouzi, gen fache e
fache souvan mennen kite. Men depi gen bon renmen, ap gen rekonsilyasyon. Konsa
tou, sa konn serye epi relasyon kraze nèt.
4. Li ka rann resipwosite
Gen moun ki konn fè menaj li fè jalouzi pou
l remèt kou, men se pa janm yon bon lide. Imajinew moun ou sèvi a te renmen w e
menaj ou a te sispèk li avèw. Ebyen w tou montre sa l te panse a se verite.
Answit, gen posiblite pou moun sa a pwofite fè w bagay ou ka regrèt aprè, sitou
siw te fè yon jalouzi san rezon. Siw oblije remèt yon moun kou jalouzi, konnen
w pi pa reflechi paske tout moun pa reyaji menm jan. Li tap pi bon pou w mete l
atè tou dousman.
5. Nan mechanste
Wiliam Shakespeare, yon powèt e dramatij
anglè (1564-1616) ki se otè youn nan pi gran èv literati inivèsèl, te di sou
jalouzi: C'est un monstre engendré de lui-même, né de lui-même. Vrèman, jalouzi
se yon santiman ki ka rann yon moun mechan paske menm jan gen moun kap tiye lòt
pou sa l posede, gen menaj ki ka fè krim pou moun li renmen, men sa toujou fini
mal paske nan oken ka, ou pa dwe tiye.
Dapre tout sa nou sot di la yo, èske
jalouzi se prèv yon vrè renmen? Wi, paske souvan, moun ki jalou a pa ta renmen
pèdi menaj li. Nan yon sans, jalouzi konn pwoteje relasyon an, si gen dyalòg.
Non, jalouzi pa yon prèv renmen si moun ki
jalou a enfidèl. Pawòl la di: Pa fè moun saw pa ta renmen yo fèw.
Men kèk remèd pou moun ki jalou
1. Pa chache konnen siw vle viv anpè,
2. Siw konnen, olyew fè zen ak mechanste, kite moun lan anrepo. Sil chanje, retounen.
3. Pa diskite sou plas lè menaj ou fè w fè jalouzi. Tann
yon okazyon byen chwazi pou w ka esplike l saw pa renmen
4. Renmen ak moun ou konnen, chache konnen
moun ou renmen.
Pawòl yo anpil, men lavi à senp!
JDE