vendredi 2 juin 2017

25 kesyon / repons sou renmen

Entwodiksyon
           
 Youn nan rezon ki lakoz anpil jèn, sitou fi yo, echwe nan renmen se paske yo pa konprann vrèman ki sa li vle di. Rezon sa a jwenn sous li nan twa koz :

 

1.    Anpil paran ki pat jwenn edikasyon seksyèl pa vle oswa pa kapab fè l pou pitit yo.
2.    Anpil jèn pa enterese li, reflechi ak aji daprè sa yo konnen.
3.    Labib di klèman ke nan dènye jou yo, lòm ap vin renmen plezi plis pase Bondye.

Kidonk, li pa etonan pou n konprann pouki anpil moun pran renmen pou plezi seksyèl.

Eske w se youn ladan yo? Sinon, mwen swete w kenbe fèm nan desizyon w pou mennen bak ou byen jiskaske w marye. Sinon, ou bezwen konprann vrè definisyon renmen.

25 kesyon/repons sou renmen pa sifi pou fè w konprann renmen, men se yo ka ede w analize renmen, jan moun renmen, jan moun ta dwe renmen ak jan moun pa konn renmen.

Ke konsèy ak sa ki bon nan tiliv sa a fè wout nan lavi w.

Jérôme Dorsonne Emerson



Lis kesyon yo

1. Eske renmen gen yon definisyon egzat? 
2. Kijan renmen manifeste ant 2 moun ki renmen? 
3. Eske gen yon kote nou ka etidye renmen?  
4. Eske se sèlman moun k’ap sèvi Bondye 
ki ka jwenn vrè renmen an? 
5. Yo di vrè renmen pa egziste , èske se vre? 
6. Kisa ki ka fè m konnen vrè renmen an ?  
7. Ki enpòtans dyalòg nan renmen?  
8. Ki enpòtans sèks nan yon relasyon santimantal ? 
9. Eske se yon vrè renmen si patnè mwen an pa gen lide pou marye avèk mwen ?  
10. Kisa ki lakoz anpil maryaj kraze?
11. Kisa « Je t’aime » ye ?
12. Kòman yo di « Mwen renmen w » nan lòt lang yo? 
13. Eske renmen diferan nan lòt peyi yo?
14. Poukisa gen paran ki pa vle pitit yo renmen, sitou pitit fi yo?
15. Eske se yon pwoblèm si yon zanmi m di li renmen m?
16. Eske se yon mal pou yon zanmi w vin menaj ou? 
17. Gen yon moun k ap koze avè’m, men m pako vle renmen, èske’m ka ba l espwa pou yon tan?
18. Eske m ka ret zanmi yon moun ki te di li renmen’m?
19. Eske kado oswa lajan ka pwouve vrè renmen an?
20. Kisa m dwe konnen sou lajan?
21. Gen 2 moun ki renmen ‘m, e mwen renmen tou lède.
Kisa pou m fè?
22. Apre konbyen tan ou ka antre nan relasyon seksyèl
ak menaj ou lè w fin di l wi?
23. Eske se yon pwoblèm si yon fi di li renmen yon gason?
24. Poukisa yon fi oswa yon gason bezwen renmen ?
25. Mwen wè nan anpil fim, liv ak chante sèks se yon bagay ki nòmal. Lè de moun renmen, se sa yo fè pou montre sa vre, kisa m dwe konprann?


Aprann konprann moun ki pa konprann ou




Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li poko konnen w
Pa fache, si l kritike w

Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li pa nan nivo w
Pa nwi, si l pran w pou enmi l

Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li egri de sa w ye
Pa dekouraje, si l pa rekonèt travay ou

Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li pa ko fè eksperyans
Pa kondane l, si l ap aji ak emosyon

Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li pa renmen w
Pa bay vag, si l imilye w

Gen yon moun ki pa konprann ou,
Li poko konprann
Ba l chans pou l konprann


JDE

Eske fonikasyon ka anpeche m sove?

Lòm ka fè tout sa Bondye di pa fè, paske lòm gen volonte. Li fasil pou li konprann men difisil pou l aksepte e reziste ak lanvi kap pouse l aji. Fasil pou li deside dezobeyi men difisil pou li kenbe pawòl li, sitou lè li pap nouri nanm li ak pawòl ki nan Bib la. Menm jan sa te rive nan jaden Edèn, lòm toujou bezwen wè si sa Bondye di yo ap fèt vre. Malerezman, se plis dezobeyisans li chwazi olye rezistans, menm jan ak Jozèf, Jezi e apot Pòl.

Apot Pòl te ekri kretyen nan lavil Filip (v1) yo pou l di yo: « Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m ap degaje m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj » (Filipyen 4.12). Avan sa, li te di : « …se Bondye menm kap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l vre. » (Filipyen 2.13).  Kidonk, fònikasyon an se yon peche ki ka evite gras ak Bondye kap travay nan volonte kretyen an. Konsa tou, deklarasyon sa pat sèlman yon lide apot la te fè nan tèt li. Nan yon lòt lèt, li te montre kòman sa tap posib: “…Kite Lespri Bondye a dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a” (Galat 5.16). Se pa ak fòs kouraj nou, nap pote viktwa sou dezòd lachè men se lè nou kite Sentespri a dirije lavi nou.
Sa vin fè, yon kretyen kap fònike san rete pa ka di Lespri Bondye ap dirije lavi l (Matye 3.8). Lap viv selon lachè , li pap gen fòs pou reziste anba presyon kò li e li pap ka fè Bondye plezi (Women 8.8), lap fèb fas ak tantasyon. Nòmalman, anyen pa janm fèt san yon koz. Kou di moun yo, lafimen pa soti san dife. Si w konn fònike, gen omwen yon rezon ki fè sa e gen plizyè konsekans sa ka gen nan lavi w, pami yo: gwosès avan lè, maladi moun pran nan fè bagay, maryaj fòse…e kondanasyon ou.
Li ka difisil pou w aksepte yon senp ti plezi ta gen pouvwa pou fèw pa antre nan wayòm Bondye a, pwiske se Bondye ki te kreye fanm ak gason pou viv ansanm. Men, mwen sèten si ou pran yon ti tan pou analize sa ki ekri nan tiliv sa a, w ap rive konprann danje ki plane sou lavi tout moun k ap fònike e sila yo tou ki nan adiltè. Mwen swete pou Lespri Bondye a ede w konprann e baw plis sajès pou w pratike verite a e pataje l ak lòt moun nan lide pou yo konprann.  
Jérôme Dorsonne Emerson


Paste, mwen ansent! (Premye chapit)

Chapit 1.-

Li fè 9è nan aswè, Akil poko tounen lakay li. Se nan peryòd lepli, lapli a pako fin tonbe, loraj ap gwonde, deyò fè nwa anpil. Gisna ap kalkile, li pa vle Akil pran wout la nan gwo van lapli sa a. Akil li menm tou pa fin anvi ale, paske nan peryòd lepli se pa fasil pou nèg rankontre ak menaj yo nan nwit. Men yon ti tan aprè, lapli a fin pase. Li fè 9è ak 45 minit, koulye Akil lib pou li tounen lakay li. Gisna di li ak yon vwa ki gen laperèz.
-          Cheri leve non pou w ale, m pa vle w rantre ta pou malè pa rive w. Ou konnen gen kout lè nan moman sa a, epi lèzòm pa jwe non, pou jwèt, mechan an vle efase lavi yon inosan.
-          Se pa t sa Akil t ap tann. Li fache paske Gisna ap pale jis pou l ta fè l pa anvi fè lanmou ak li.
-          Sispann pale Gisna, m pa timoun non. Sa fè lontan nou pa kontre. Epi tou, tout moun konnen nou renmen, nou pap fè anyen ankachèt.
-          Sa w di a se vre, men nou pa dwe pwofite de libète nou genyen poun dezobeyi Bondye.     
-    Ki bagay Bondye wap pale la a ? Poukisa li te fè fi ak gason ? M wè bagay legliz sa a prèske fèm pèdi w. W’ap koute pastè k’ap di w pa fè epi li menm l’ap fè.
-          Men li gen dwa, li marye Akil.
-          Wi, li marye paske’l gen lajan. Mwen, kote m’ ka nan marye, jèn ti gason tankou’m?
-          Enben si’w pako nan marye pouki’w vle fè sa ki entèdi de moun  ki pa marye fè?
-          Kote w wè yo di de moun ki marye pa ka fantre nan relasyon seksyèl ? M ta renmen w montre m.     
-          Men ou pa gen konsyans Akil. Ou sonje m te montre w sa deja? Pa vin kapronnen m la a menm. M pap pran sa a nan men w.
-          Epi tou Gisna, sa fè plis ke de mwa nou renmen, li lè li tan pou m konnen kote m ap depanse lajan’m nan tande.
-          Se vre ? Ou ta renmen konnen ? Enben, degaje’w marye pou w ka konnen.
Akil tèlman enève, li leve li ale pa fòs. Li pa menm di orevwa. Gisna di li :
-          Meyè pou lafrans !
Nan aswè bò zòn onzè, telefòn Gisna sonnen. Yon zanmi l rele’l.
-          Alo, se kiyès ?
-          O o ! ou gentan bliye vwa m. Se mwen Rozèf wi.
-          Men nan lè sa a  kou yon ti dòmi pral pran’m ou rele’m.
-          Ou konnen cheri, se nan lè sa a m ka fè sa, epi se lè sa a santi m pi byen. Sakapfèt monamou.
-          Kòman monamou an ? se mennaj ou m ye ?
-          Jiskaprezan se ou k pa vle, mwen m prè.
-          M konprann. Enben m pap janm vle tande.
-          Poukisa cheri ?
-          Ou ta renmen konn pouki ?
-          Wi ,m ta renmen konnen.
-          E lèw konnen, sa wap fè ?
-          Sa k dwe fèt la bebe.
-          Oke ! Wap fè’m yon pwomès epi map renmen  avè’w.
-          O ! dim kisa non boubou, m gentan fè sa deja si se pou mwen menm.
-          Jire ke’w pap janm kite’m menm lè’w bare’m ak yon lòt ti gason.
-          Kisa ? en en, m pap ka negosye w cheri, pou’m ret avèw nan enfidelite? Non, non, milfwa non, machè. Pwòmès sa a rèd papa !
-          Ebyen se menm jan an tou, menaj mwen wè li rèd tou pou l ta vin wè yon bagay konsa. Sa’w pa vle yo fè w, pa fè yon lòt li.
-          Mesye, ala kot tifi entèlijan papa! M ba’w vag tande.
-          Bondye beni w. Pase bòn nwi.
-          Oke sè’m, si’m te gen yon mennaj tankou w m te rich.
-          Priye Bondye, pa gen anyen l pa ka fè. Bay!
Pat pase senk minit ankò. Akil rele Gisna.
-          Dat m’ap rele’w la a, ou t’ap pale ak yon lòt moun. M konnen w wi, se je ka di sa kè pa renmen.
-          Cheri, kisa w ap di konsa ? Ou konnen m renmen w anpil, m’pa janm fè yon bagay konsa.
-          Wey ! Ou renmen m anpil epi wap kite’m soufri pou tèt yon ti lanmou. Pase’m nan blòf. Epi ale pou wè la a w’ap fè sa ak yon lòt, mwen m’ap fè grimas.
-          Banm di’w Akil. Ou wè mwen, m gen 18 tan, se mwen sèl ak Bondye ki konnen kiyès mwen ye.
-          Men se nòmal ! Ki janm t’ap fè wè lè w twonpe m. Se ou ak Bondye ki ka wè, men m konnen w’ap peye pou sa kanmenm. 20 tan m lan gen pou wè’w !
-          A a! M pap okipe’w Akil, ti cheri m nan. Ou mèt ap pale konsa, ou konnen se pa vre, m pap janm fè yon bagay konsa. Dayè, se pa pou moun m’ap fè sa, e pyès moun pa ka banm pwoblèm pou sa paske demen lè gwòs la tonbe se mwen kap soufri. Lè sa a m pap jwenn zanmi. E ou menm gen dwa vire do kite’m ak pitit la, paske se sa anpil jenn gason ap fè kounye a.
-          En en ! Koulye a w’ap agasem. Pa mete’m nan menm bwat ak lòt nèg sa yo.
-          Men sa m rayi avèk ou a wi. Lè se ou menm, ou di sa’w vle, kou se mwen ou fache. Ou wè pwoblèm nan ?
-          Oke manman, nou kite sa. M pat gen anpil kat, n’ap wè demen akilè?
-          M pa kwè n’ap wè non, m ap okipe anpil demen, se samdi, jou pou’m prepare tout sa m ap bezwen nan dimanch paske dimanch se jou pou’m fè travay Bondye, m pap pran lòt randevou ladan.
-          M! Bagay etid labib sa a fin fè nou egare nèt papa. Lèw gad nan mont ou w’ap wèl katòzè.
-          Ou pap bon ! Sof si Bondye pa ta Bondye. Moun kap sèvi Bondye ak tout kè yo pap janm sòti wont, viktwa se pou yo li ye. E tou, premye viktwa  a se viktwa sou peche.
-          Rale kò’w, ou fè kòmsi w pa janm fè peche. Koulye a ou vle di’m lè w te renmen ak Zoni an ou pa’t konn fè lanmou avè l ?
-          Wi, m te konn fè’l, lè sa a m pat ko rankontre ak Jezi. Men koulye a, m chanje grasadye. Pa gen piyay ankò. Si’w te konnen lè sa a ou ta renmen avè ‘m, koulye a ou tap pran plezi w nèt ale.
-          Mtchouw ! Retire  kòw !

Minit Akil fini,Gisna kouche epi li kontinye nan somèy li.

Jerome Dorsonne Emerson

Gade tout ti liv Jeunesse et Lecture pibliye sou paj Facebook la: https://web.facebook.com/Les-Publications-de-Jeunesse-et-Lecture-287121191729598/

KI KOTE EDIKASYON SEKSYÈL LA DWE FÈT ?



Edikasyon seksyèl la dwe fèt kat kote sa yo :

1.    Nan fwaye yo
2.    Nan lekòl yo
3.    Nan legliz yo
4.    Nan medya yo

Chak kote sa yo gen dwa pa wè seksyalite a menm jan, men sa pap anpeche li fèt paske yo chak gen yon bagay pou di sou li kap enpòtan pou konnen.

1.    Nan fwaye yo

Paran yo dwe fè edikasyon seksyèl timoun yo depi nan laj piti avan yo defòme vrè sans sèks la. Pa gen moun ki pi byen plase ke yo pou pale ak timoun yo avèk afeksyon gras ak relasyon sere kole yo genyen nan kay la. Daprè yon etid  ameriken ki te fèt bò kote timoun 13 a 16 lane, yo te jwenn majorite manman yo e prèske tout papa yo pat byen kominike ak pitit fi yo. Manman yo pi alèz ak tifi yo e papa yo alèz ak pitit gason yo. Men gen paran ki santi yo pa gen ase kouraj pou fè edikasyon seksyèl pitit yo parapò ak sa k ap di nan medya yo ki sanble plis enfliyanse timoun yo. Sitou, nan zafè televizyon, yo pase tout kalite fim gran lajounen. Rezo sosyal yo menm, se pa pale. Nou pa ka bliye machin ak moto k ap pase mizik imoral pandan se timoun yap mennen lekòl. Kilès ki rele aba!?

Si paran an pa pale ak pitit li, se lòt zanmi kap fè sa, e lè sa a, pitit la pap gen konfyans nan li ankò. Dèfwa, paran an prefere joure li olye li fè moral li e konseye li. Li pa dakò pitit fi li pale ak ti gason, poutan li pa janm eksplike l rezon an. Lè sa pase konsa, pitit la p ap janm rapòte li sa zanmi l yo te di, e li ka fasil pou li fè sa yo di l fè. Edikasyon seksyèl nan fanmi an fè pitit la vin bon zanmi paran li. Li p ap kenbe li sekrè sou moun k ap frekante li.

2.    Nan lekòl yo

Lekòl yo gen misyon pou fè edikasyon seksyèl elèv yo paske se enstitisyon ki la pou prepare jèn yo pou yon vi seksyèl responsab nan sosyete a. Se la timoun yo pase plis tan, se la yo youn rankontre lòt e se la tou anpil jèn kòmanse fè eksperyans nan renmen. Si edikasyon seksyèl yo pa fèt, yo ka menm rive pèdi etid yo nan mitan ane a akoz gwosès twò bonè. Nou pa ka konte konbyen pwofesyonèl nou pèdi deja nan sitiyasyon sa a. Se pa sèlman kou chimi, matematik ak syans sosyal pou yo fè. Se moun y ap prepare pou demen yon peyi, yo bezwen bon jan fòmasyon sou fason yo pral mennen lavi yo lè yo renmen e marye. Edikasyon seksyèl nan lekòl la ka sove yon timoun ki pa jwenn bon enstriksyon lakay li. Li pase plis tan lakay li nan fè lòt aktivite men li pase plis tan ap aprann nan lekòl la. Timoun ki ale lekòl renmen tande twa kalite moun : paran, pwofesè ak pastè. Si edikasyon seksyèl la pa fèt nan fwaye a, lekòl la ka sove l, e si lekòl la pa fè li, legliz la ka sove l.

3.    Nan legliz yo

Legliz la se dènye kote yon moun ka aprann anpil bagay, menmsi li pa ta frekante lekòl oswa inivèsite. Se la tout kalite moun pale san egzije lajan. Doktè, avoka, enjenyè ak plizyè lòt kad konn bay konferans la. Aprè lakay, lekòl, legliz la okipe pi gran plas nan lavi yon moun k ap aprann paske moun pa janm fin konnen. Menmsi ou te fin lekòl klasik, ou pase nan gwo pòs leta, depi ou se kretyen oubyen ou konn ale legliz, w ap vin chita la pou w tande moun ap pale e ou p ap janm fin satisfè. Se sa ki fè, menmsi yon moun te pase yon vye jenès, li ka reprann vrè sans lavi li legliz. Si legliz la pa entèrese ak edikasyon seksyèl, se jèn yo koulye a ki pral fè efò pou yo kenbe tèt yo. Se pa fasil ditou pou youn rive kenbe tèt li devan anvi fè sèks si li pa t jwenn paran li, yon pwofesè oswa yon pastè pale li sou byenfè ak danje ki gen nan sa. Li posib pou l jwenn yon zanmi, men se difisil, sitou nan ka yon fi. Youn nan bèl diferans ki genyen ant legliz ak lekòl se nan dire aprantisaj yo. Depi w fini lekòl, ou pa bezwen tounen ankò tandike w te mèt fè tout gwo etid (teolojik), w ap toujou bezwen tounen legliz la. Sa fè si responsab legliz yo fè edikasyon seksyèl, yon moun ki pat janm konnen enpòtans li ka rive konprann e sove omwen yon vi.

4.    Nan medya yo

Medya yo ( radyo, televizyon e jounal)  gen responsablite yo nan edikasyon seksyèl jèn yo.  Malerezman, anpil nan yo plis konplis nan konsekans mank edikasyon seksyèl la. Yo pase tout kalite fim gwo midi, plizyè estasyon radyo yo pase mizik imoral k ap defòme tikras konesans jèn yo te resevwa. Sa ki pa fè l yo tèlman piti ke yo pa ka fè gwo enpak. Medya yo gen gwo enfliyans sou moun k ap tande enfòmasyon ak opinyon. Yon enfòmasyon k ap sikile nan tout medya yo entèrese tout moun. Konsa, si animatè yo, prezantè oubyen jounalis yo te sipòte edikasyon seksyèl la, jenès la pa t ap fin deprave konsa. Nou tout ka dakò ak sa ki sot di la yo men si pèsonn pa fè anyen, jenès la ap toujou nan pale bèl koze men p ap gen pwogrè. Premye moun ki dwe kòmanse a se ou menm.
Eske w se yon jèn? Mete konsèy yo an aplikasyon. Ou se yon paran? Pran responsablite w. Eske w se yon pwofesè oswa yon direktè ? Kòmanse mete men pou chanje sa. Ou se yon pastè, yon prezidan jenès legliz ? Kòmanse sansiblize jèn yo jodi a sou enpòtans edikasyon seksyèl la. 

Jerome Dorsonne Emerson

Yon ti koze sou edikasyon seksyel

Konesans chita nan liv. Sa fè nou pa oblije vwayaje pou nou aprann e konprann kòman lemond ap bouje. La a, sou yon ti chèz, lakay ou, nan bibliyotèk la, sou do kay la, sou plas la, nenpòt kote ki pa gen bri, ou ka ouvè yon liv pou w li.

Liv se yon zanmi ki pa janm entèwonp ou lè w ap pale avè l. Ou ka mache ak li kote w vle. Ou ka pote l nan valiz ou, nan pòch pantalon ou oubyen nan pòch chemiz ou. Si w depoze li nan plas li sou etajè a, li p ap janm deplase pou tèlman li respekte w. Depi se bon zanmi l ou ye, w ap konnen fasil lè yo pran l menmsi l pa pale.

Gras ak liv, ou ka di sa ou vle san pale. Pawòl ou rive kote w p ap janm konnen, li tonbe anba je moun ki p ap janm pran tan pou koute w k ap pale. Liv ka met lajwa nan tristès ou, bonè nan malè ou, lespwa nan dezespwa ou, e li ka klere chemen ou. Li se yon zouti pou kominike, edike, transfòme yon sosyete ki kwè nan bon jan prensip ak disiplin pou devlope mantal.

Nou, Jeunesse et Lecture, gen plis pase 6 lane depi n ap travay pou sa, goumen pou sa. Nou kwè nan sa e nou konnen yon jou n ap viv sa, paske menmsi tout moun ta fè silans, liv p ap janm sispann pale.
Jérôme Dorsonne Emerson

14 me 2016, Lyankou

Avan gou: http://laboussoleartibonite.blogspot.com/2017/06/ki-kote-edikasyon-seksyel-la-dwe-fet.html


Lis liv (livrets) Jerome Dorsonne Emerson ekri deja, depi 2003


1.    Zèl nanm (2017)
2.    18 me nan Mowo Dwèt (2017)
3.    Eske fònikasyon ka anpeche m sove (2017)
4.    Yon ti koze sou evanjelizasyon 
5.    Yon ti koze sou edikasyon seksyèl (2016)
6.    Les causes et les conséquences de l’adultère (2017)
7.    Ce qu’il faut savoir avant de se marier (2016)
8.    Les causes et les conséquences de la fornication (2016)
9.    Les causes et les conséquences du mariage précoce (2015)
10.  Pastè a tonbe damou (2015)
11.  Radyografi evanjelizasyon an
12.  Evanjelize pou kont ou….
13.  Konesans pou grandi nan lafwa (2014)
14.  Bon konsèy sou renmen
15.  Ann al chache nanm pou Kris, # 2
16.  Ann al chache nanm pou Kris, #1
17.  25 Kesyon/Repons sou renmen (2012)
18.  10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen
19.  Revè lanmou (2012)
20.  Les dangers des rapports sexuels avant le mariage(2012)
21.  Seigneur, j’ai besoin d’un/e homme/femme
22.  Alphabet du vrai amour (2012)
23.  Papa’m pa vle’m renmen(2012)
24.  Si m te ka rekòmanse, #3
25.  Sim te ka rekòmanse, #2 (2012)
26.  Si manman m te konnen (2012)
27.  Sim te ka rekòmanse, #1 (2011)
28.  Pastè, mwen ansent!(2010)
29.  Au coeur d’une femme (2009)
30.  Belle Liancourtoise (2007)
31.  Je t’aime fanm Kreyòl (2007)
32.  Pages de mon coeur (2006)
33.  La Passion du Poète (2005)

34.  Kote Flè Pouse (2003)