Ekri se yon
melanj pasyon, emosyon, santiman, panse ki chita sou bout papye ki bay lespwa. Ekri
ka ede moun chanje vi yo. Sa pèmèt anpil moun enspire pou ekri istwa pa yo, pou
poze wòch pa yo nan fondasyon chanjman tèt yo, chanjman kominote yo, pou n pa
di chanjman mond lan. Tout enpòtans ekri se nan lekti. Gen moun ki renmen ekri,
gen lòt ki renmen fè lekti.
“Yon lòt Ayiti posib”
se sa anpil ayisyen toujou ap repete, vrè patriyòt yo toujou kwè menm pitit
pitit yo ap gen chans viv gran jou sa a. Anpil fwa nou panse sa men nou pa fè
sa nou panse yo tounen angrè pou fè branch lespwa pouse, e grenn revolisyon
mantal nou jèmen.
Nou di
timoun jodi granmoun demen, men kisa n fè pou n ede yo? Si pa gen ankadreman,
demen sa p ap janm miyò. Se nan lide sa a “Jeunesse
et Lecture”, nan tèt kole ak direksyon Institution
Mixte Pédagogique Léonard (Ecole Dabalor), te panche pou yo ankadre jèn
elèv sa yo ki vle fè tande vwa yo paske yo kwè “Yon lòt Ayiti posib”.
Si timoun sa
yo ki pa gen twòp eksperyans mete tout devouman pou yo chache konnen e reflechi
sou pwoblèm sosyete a ap konfwonte, alewè pou moun k ap sibi reyalite a.
Kidonk, se yon chans nou jwenn pou n tande yo e aplike sa yo di.
Si yo menm
ki piti, yo chwazi fè gwo pa sa, nou menm ki devanse yo, fòk nou wè nesesite
pou n fè plis toujou. Sa rete ak nou pou n ede yo, eseye
analize sa yo ekri, antre nan panse yo epi aplike sa ki posib yo.
« Yon lòt Ayiti posib »
si nou fè tout sa ki posib pou nou kenbe jenès la nan sa ki pozitif. Tout sa nou
panse ka tounen reyalite. Si nou panse l, nou reve l, nou ka fè l.
Annou ede
jèn yo wè Ayiti yo reve a posib !
Wi, yon
lòt Ayiti posib !
Lubérisse
Katicha
Powetès
Bibliyografi
Ko-otè rekèy
Eclosion du Cœur
Randevou ak lavi
Decouvrir le potentiel d'une femme
Avan gou
Randevou ak lavi
Decouvrir le potentiel d'une femme
Avan gou
YON TI KONSYANS
Poukisa Ayiti pa ka grandi?
Eske se paske nou twò piti
Oubyen se pwoblèm peyi ?
Moun k ap travay pa janm satisfè
Ti malere ap redi pot chay nan mache
anfè
Poutan se pou ogmante mizè
Leta di l ap mande èd nan peyi etranje
Poutan se zafè yo y ap regle
Peyi a pa janm vanse
Nou di nou gen endepandans
Epi lè n ap gade nou wè n sou depandans
Ayisyen, annou pran konsyans !
Li lè li tan pou n viv nan diyite
Pou lòt peyi sispann pase n anba pye
Se pou n respekte deviz nou ki baze sou
linite
Désulmé Ronaldinia, 8e A.F
PRAN DESTEN NOU AN MEN
Ayiti se yon peyi solèy
Kote ki gen anpil mèvèy
Yo vle kraze l tankou boutèy
Paske anpil nan nou gen gwo lògèy
Nou menm ayisyen
Pouki nou toujou ap goumen ?
Sa fè nou pa janm ka byen
Nou kite peyi a fin dechennen
Peyi nou bezwen chanjman
Tipa tipa, nou ka chanje chak depatman
Ayisyen, li lè li tan
Pou n ap mache sou wout devlopman
Estiverne Rodberson, Segondè 1
EDIKASYON
Yon timoun ki pa jwenn bon edikasyon
Se kòmsi li fè maladi opresyon
An Ayiti, nou gen anpil tan n ap goumen
Nou pa jwenn moun pou lonje n lanmen
Elèv yo ap fè efò pou yo rive
Men anpil nan yo echwe
Edikasyon an Ayiti pa gen onètete
Se sa k fè anpil elèv ap viv nan egare
An nou bay edikasyon respè
Se li ki ka fè n viv nan lapè
Edikasyon bay timoun valè
E li ka fè n gen yon demen meyè
Thélius Wetsmender, 7e A. F
AYITI KA CHANJE
Ayiti ka chanje
Paske se pa konsa l te ye
Sa pou nou chache
Se viv nan linite
Inite ka fè anpil bagay
Li ka ede n sot nan soufrans
Li ka met atè anpil gwo chay
Li ka fè n evite maltretans
Ayiti ka chanje si nou pran konsyans
Si moun k ap dirije l yo gen bon sans
Ann pa kite lòt peyi maltrete nou
Annou viv nan lanmou
Joseph
Mitchelson, 9e A.F
Aucun commentaire:
Publier un commentaire