Chapit 1.-
Li fè 9è nan aswè, Akil poko tounen lakay li. Se nan
peryòd lepli, lapli a pako fin tonbe, loraj ap gwonde, deyò fè nwa anpil. Gisna
ap kalkile, li pa vle Akil pran wout la nan gwo van lapli sa a. Akil li menm
tou pa fin anvi ale, paske nan peryòd lepli se pa fasil pou nèg rankontre ak
menaj yo nan nwit. Men yon ti tan aprè, lapli a fin pase. Li fè 9è ak 45 minit,
koulye Akil lib pou li tounen lakay li. Gisna di li ak yon vwa ki gen laperèz.
-
Cheri leve non
pou w ale, m pa vle w rantre ta pou malè pa rive w. Ou konnen gen kout lè nan
moman sa a, epi lèzòm pa jwe non, pou jwèt, mechan an vle efase lavi yon
inosan.
-
Se pa t sa Akil t
ap tann. Li fache paske Gisna ap pale jis pou l ta fè l pa anvi fè lanmou ak
li.
-
Sispann pale Gisna,
m pa timoun non. Sa fè lontan nou pa kontre. Epi tou, tout moun konnen nou
renmen, nou pap fè anyen ankachèt.
-
Sa w di a se vre,
men nou pa dwe pwofite de libète nou genyen poun dezobeyi Bondye.
- Ki bagay Bondye
wap pale la a ? Poukisa li te fè fi ak gason ? M wè bagay legliz sa a
prèske fèm pèdi w. W’ap koute pastè k’ap di w pa fè epi li menm l’ap fè.
-
Men
li gen dwa, li marye Akil.
-
Wi,
li marye paske’l gen lajan. Mwen, kote m’ ka nan marye, jèn ti gason tankou’m?
-
Enben
si’w pako nan marye pouki’w vle fè sa ki entèdi de moun ki pa marye fè?
-
Kote w wè yo di
de moun ki marye pa ka fantre nan relasyon seksyèl ? M ta renmen w
montre m.
-
Men ou pa gen
konsyans Akil. Ou sonje m te montre w sa deja? Pa vin kapronnen m la a menm. M pap
pran sa a nan men w.
-
Epi tou Gisna, sa
fè plis ke de mwa nou renmen, li lè li tan pou m konnen kote m ap depanse lajan’m
nan tande.
-
Se vre ? Ou
ta renmen konnen ? Enben, degaje’w marye pou w ka konnen.
Akil tèlman enève, li leve li ale pa fòs. Li pa menm
di orevwa. Gisna di li :
-
Meyè pou lafrans !
Nan aswè bò zòn onzè,
telefòn Gisna sonnen. Yon zanmi l rele’l.
-
Alo, se
kiyès ?
-
O o ! ou
gentan bliye vwa m. Se mwen Rozèf wi.
-
Men nan lè sa
a kou yon ti dòmi pral pran’m ou rele’m.
-
Ou konnen cheri,
se nan lè sa a m ka fè sa, epi se lè sa a santi m pi byen. Sakapfèt monamou.
-
Kòman monamou
an ? se mennaj ou m ye ?
-
Jiskaprezan se
ou k pa vle, mwen m prè.
-
M konprann.
Enben m pap janm vle tande.
-
Poukisa
cheri ?
-
Ou ta renmen
konn pouki ?
-
Wi ,m ta renmen
konnen.
-
E lèw konnen, sa
wap fè ?
-
Sa k dwe fèt la bebe.
-
Oke ! Wap fè’m yon pwomès epi map renmen avè’w.
-
O ! dim kisa non boubou, m gentan fè sa deja si
se pou mwen menm.
-
Jire ke’w pap janm kite’m menm lè’w bare’m ak yon lòt
ti gason.
-
Kisa ? en en, m pap ka negosye w cheri, pou’m ret
avèw nan enfidelite? Non, non, milfwa non, machè. Pwòmès sa a rèd
papa !
-
Ebyen se menm jan an tou, menaj mwen wè li rèd tou pou
l ta vin wè yon bagay konsa. Sa’w pa vle yo fè w, pa fè yon lòt li.
-
Mesye, ala kot tifi entèlijan papa! M ba’w vag tande.
-
Bondye beni w. Pase bòn nwi.
-
Oke sè’m, si’m te gen yon mennaj tankou w m te
rich.
-
Priye Bondye, pa gen anyen l pa ka fè. Bay!
Pat pase senk minit ankò. Akil rele Gisna.
-
Dat m’ap rele’w la a, ou t’ap pale ak yon lòt moun. M
konnen w wi, se je ka di sa kè pa renmen.
-
Cheri, kisa w ap di konsa ? Ou konnen m renmen w
anpil, m’pa janm fè yon bagay konsa.
-
Wey ! Ou renmen m anpil epi wap kite’m soufri pou
tèt yon ti lanmou. Pase’m
nan blòf. Epi ale pou wè la a w’ap fè sa ak yon lòt, mwen m’ap fè grimas.
-
Banm di’w Akil. Ou wè mwen, m gen 18 tan, se mwen sèl
ak Bondye ki konnen kiyès mwen ye.
-
Men se nòmal ! Ki janm t’ap fè wè lè w twonpe m.
Se ou ak Bondye ki ka wè, men m konnen w’ap peye pou sa kanmenm. 20 tan m lan
gen pou wè’w !
-
A a! M pap okipe’w Akil, ti cheri m nan. Ou mèt ap pale konsa, ou
konnen se pa vre, m pap janm fè yon bagay konsa. Dayè, se pa pou moun m’ap fè sa,
e pyès moun pa ka banm pwoblèm pou sa paske demen lè gwòs la tonbe se mwen kap
soufri. Lè sa a m pap jwenn
zanmi. E ou menm gen dwa vire do kite’m ak pitit la, paske se sa anpil jenn
gason ap fè kounye a.
-
En en ! Koulye a w’ap agasem. Pa mete’m nan menm
bwat ak lòt nèg sa yo.
-
Men sa m rayi avèk ou a wi. Lè se ou menm, ou di sa’w vle, kou se mwen ou
fache. Ou wè pwoblèm nan ?
-
Oke manman, nou kite sa. M pat gen anpil kat,
n’ap wè demen akilè?
-
M pa kwè n’ap wè non, m ap okipe anpil demen,
se samdi, jou pou’m prepare tout sa m ap bezwen nan dimanch paske dimanch se
jou pou’m fè travay Bondye, m pap pran lòt randevou ladan.
-
M! Bagay etid labib sa a fin fè nou egare nèt papa.
Lèw gad nan mont ou w’ap wèl katòzè.
-
Ou pap bon ! Sof si Bondye pa ta Bondye. Moun kap
sèvi Bondye ak tout kè yo pap janm sòti wont, viktwa se pou yo li ye. E tou,
premye viktwa a se viktwa sou peche.
-
Rale kò’w, ou fè kòmsi w pa janm fè peche. Koulye a ou
vle di’m lè w te renmen ak Zoni an ou pa’t konn fè lanmou avè l ?
-
Wi, m te konn fè’l, lè sa a m pat ko rankontre ak
Jezi. Men koulye a, m chanje grasadye. Pa gen piyay ankò. Si’w
te konnen lè sa a ou ta renmen avè ‘m, koulye a ou tap pran plezi w nèt
ale.
-
Mtchouw ! Retire
kòw !
Minit Akil fini,Gisna
kouche epi li kontinye nan somèy li.
Jerome Dorsonne Emerson
Gade tout ti liv Jeunesse et Lecture pibliye sou paj Facebook la: https://web.facebook.com/Les-Publications-de-Jeunesse-et-Lecture-287121191729598/
Aucun commentaire:
Publier un commentaire