Edikasyon seksyèl la dwe fèt kat kote sa yo :
1. Nan fwaye yo
2. Nan lekòl yo
3. Nan legliz yo
4. Nan medya yo
Chak kote sa yo gen dwa pa wè seksyalite a menm jan, men sa pap anpeche li fèt paske yo chak gen yon bagay pou di sou li kap enpòtan pou konnen.
1. Nan fwaye yo
Paran yo dwe fè edikasyon seksyèl timoun yo depi nan laj piti avan yo defòme vrè sans sèks la. Pa gen moun ki pi byen plase ke yo pou pale ak timoun yo avèk afeksyon gras ak relasyon sere kole yo genyen nan kay la. Daprè yon etid ameriken ki te fèt bò kote timoun 13 a 16 lane, yo te jwenn majorite manman yo e prèske tout papa yo pat byen kominike ak pitit fi yo. Manman yo pi alèz ak tifi yo e papa yo alèz ak pitit gason yo. Men gen paran ki santi yo pa gen ase kouraj pou fè edikasyon seksyèl pitit yo parapò ak sa k ap di nan medya yo ki sanble plis enfliyanse timoun yo. Sitou, nan zafè televizyon, yo pase tout kalite fim gran lajounen. Rezo sosyal yo menm, se pa pale. Nou pa ka bliye machin ak moto k ap pase mizik imoral pandan se timoun yap mennen lekòl. Kilès ki rele aba!?
Si paran an pa pale ak pitit li, se lòt zanmi kap fè sa, e lè sa a, pitit la pap gen konfyans nan li ankò. Dèfwa, paran an prefere joure li olye li fè moral li e konseye li. Li pa dakò pitit fi li pale ak ti gason, poutan li pa janm eksplike l rezon an. Lè sa pase konsa, pitit la p ap janm rapòte li sa zanmi l yo te di, e li ka fasil pou li fè sa yo di l fè. Edikasyon seksyèl nan fanmi an fè pitit la vin bon zanmi paran li. Li p ap kenbe li sekrè sou moun k ap frekante li.
2. Nan lekòl yo
Lekòl yo gen misyon pou fè edikasyon seksyèl elèv yo paske se enstitisyon ki la pou prepare jèn yo pou yon vi seksyèl responsab nan sosyete a. Se la timoun yo pase plis tan, se la yo youn rankontre lòt e se la tou anpil jèn kòmanse fè eksperyans nan renmen. Si edikasyon seksyèl yo pa fèt, yo ka menm rive pèdi etid yo nan mitan ane a akoz gwosès twò bonè. Nou pa ka konte konbyen pwofesyonèl nou pèdi deja nan sitiyasyon sa a. Se pa sèlman kou chimi, matematik ak syans sosyal pou yo fè. Se moun y ap prepare pou demen yon peyi, yo bezwen bon jan fòmasyon sou fason yo pral mennen lavi yo lè yo renmen e marye. Edikasyon seksyèl nan lekòl la ka sove yon timoun ki pa jwenn bon enstriksyon lakay li. Li pase plis tan lakay li nan fè lòt aktivite men li pase plis tan ap aprann nan lekòl la. Timoun ki ale lekòl renmen tande twa kalite moun : paran, pwofesè ak pastè. Si edikasyon seksyèl la pa fèt nan fwaye a, lekòl la ka sove l, e si lekòl la pa fè li, legliz la ka sove l.
3. Nan legliz yo
Legliz la se dènye kote yon moun ka aprann anpil bagay, menmsi li pa ta frekante lekòl oswa inivèsite. Se la tout kalite moun pale san egzije lajan. Doktè, avoka, enjenyè ak plizyè lòt kad konn bay konferans la. Aprè lakay, lekòl, legliz la okipe pi gran plas nan lavi yon moun k ap aprann paske moun pa janm fin konnen. Menmsi ou te fin lekòl klasik, ou pase nan gwo pòs leta, depi ou se kretyen oubyen ou konn ale legliz, w ap vin chita la pou w tande moun ap pale e ou p ap janm fin satisfè. Se sa ki fè, menmsi yon moun te pase yon vye jenès, li ka reprann vrè sans lavi li legliz. Si legliz la pa entèrese ak edikasyon seksyèl, se jèn yo koulye a ki pral fè efò pou yo kenbe tèt yo. Se pa fasil ditou pou youn rive kenbe tèt li devan anvi fè sèks si li pa t jwenn paran li, yon pwofesè oswa yon pastè pale li sou byenfè ak danje ki gen nan sa. Li posib pou l jwenn yon zanmi, men se difisil, sitou nan ka yon fi. Youn nan bèl diferans ki genyen ant legliz ak lekòl se nan dire aprantisaj yo. Depi w fini lekòl, ou pa bezwen tounen ankò tandike w te mèt fè tout gwo etid (teolojik), w ap toujou bezwen tounen legliz la. Sa fè si responsab legliz yo fè edikasyon seksyèl, yon moun ki pat janm konnen enpòtans li ka rive konprann e sove omwen yon vi.
4. Nan medya yo
Medya yo ( radyo, televizyon e jounal) gen responsablite yo nan edikasyon seksyèl jèn yo. Malerezman, anpil nan yo plis konplis nan konsekans mank edikasyon seksyèl la. Yo pase tout kalite fim gwo midi, plizyè estasyon radyo yo pase mizik imoral k ap defòme tikras konesans jèn yo te resevwa. Sa ki pa fè l yo tèlman piti ke yo pa ka fè gwo enpak. Medya yo gen gwo enfliyans sou moun k ap tande enfòmasyon ak opinyon. Yon enfòmasyon k ap sikile nan tout medya yo entèrese tout moun. Konsa, si animatè yo, prezantè oubyen jounalis yo te sipòte edikasyon seksyèl la, jenès la pa t ap fin deprave konsa. Nou tout ka dakò ak sa ki sot di la yo men si pèsonn pa fè anyen, jenès la ap toujou nan pale bèl koze men p ap gen pwogrè. Premye moun ki dwe kòmanse a se ou menm.
Eske w se yon jèn? Mete konsèy yo an aplikasyon. Ou se yon paran? Pran responsablite w. Eske w se yon pwofesè oswa yon direktè ? Kòmanse mete men pou chanje sa. Ou se yon pastè, yon prezidan jenès legliz ? Kòmanse sansiblize jèn yo jodi a sou enpòtans edikasyon seksyèl la.
Jerome Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire