Yo toujou di depi yon moun renmen w tout bon vre, lap fè
jalouzi pou ou. Konsa, jalouzi ta sanble yon prèv ke menaj ou renmen w. Eske se
vre?
Dabò, kisa jalouzi a ye? Gen de fason yo defini
jalouzi.
1. Santiman ki fè yon moun regrèt sa yon lòt posede,
tankou richès, siksè, laglwa. ..
2. Santiman ki fè yon moun pè pou moun li renmen an pa prefere yon lòt moun, oswa twonpe l ak moun sa.
2. Santiman ki fè yon moun pè pou moun li renmen an pa prefere yon lòt moun, oswa twonpe l ak moun sa.
Sijè nou an chita sou dezyèm nan
Yon vrè renmen se rezilta konfyans.
Konfyans se rezilta konesans.
Konesans se rezilta dyalòg.
Dapre François La Rochefoucauld (1613-1680) : La jalousie se nourrit dans les doutes et elle devient fureur, ou elle finit, sitôt qu'on passe du doute à la certitude.
Konfyans se rezilta konesans.
Konesans se rezilta dyalòg.
Dapre François La Rochefoucauld (1613-1680) : La jalousie se nourrit dans les doutes et elle devient fureur, ou elle finit, sitôt qu'on passe du doute à la certitude.
Trè souvan, se mank konfyans ki fè yon moun fè jalouzi. Li
toujou panse menaj li ka twonpe l. Se sak fè gen moun ki pa dakò menaj li soti
san l pa konnen oswa al viv lwen. Kay nèg ki jalou se prizon pou madanm li. Li
ta prefere met lemond anndan an poul pa soti.
Konsa tou, gen jalouzi ki byen fonde. Pa egzanp, eskew
gade fim Proposition indécente lan, kote yon nèg rich lwe yon fanm nan men mari
l pou 1 milyon dola. Misye te fin dakò men apre l te vle mouri. Dèfwa, gason an
fè jalouzi lè l konnen zanmi menaj li se jilèt. Fi a ka fè l tou, lè l konnen
fi ki anfas menaj li a ka pran l.
Gen anviwon 5 fason yon jalouzi ka manifeste:
1. Nan silans
Moun sa a jalou men li pap diw sa. Gen plizyè danje ak tip
de jalouzi sa a. Premyeman, silans la konn fèl soufri jis li vin malad, lap
megri e sil pa kapab ankò, li ka kraze relasyon an oswa fè mechanste. Pou evite
dega sa yo, ou dwe chache konnen rezon silans sa a. Sinon, ou ka viktim lèw pa
kwè.
2. Nan fè zen
Bon, lè yon fi kabrouya, tèktèk, cholin, epi l jalou, se
tèt chaje. Zen ka met pye fasil. Se pa tout gason kap fè zen men li pi fasil
pou fi a kite gason ki renmen zen ke gason an kite fi ki renmen zen. Rezon an
senp: fi pa renmen gason kap fè jalou sòt. Gen gason tou ki pè fi zenyèz, yo
lage cha depi jalouzi mete pye. Marcel Proust(1871-1922) te di: On trouve
innocent de désirer et atroce que l'autre désire. Siw jalou paske yon lòt moun
ap koutize menaj ou, gad pouw wè siw pa konn fèl tou. Pase m tap pase....
3. Kite detanzantan
Chak fwa gen yon sèn jalouzi, gen fache e fache souvan
mennen kite. Men depi gen bon renmen, ap gen rekonsilyasyon. Konsa tou, sa konn
serye epi relasyon kraze nèt.
4. Li ka rann resipwosite
Gen moun ki konn fè menaj li fè jalouzi pou l remèt kou,
men se pa janm yon bon lide. Imajinew moun ou sèvi a te renmen w e menaj ou a
te sispèk li avèw. Ebyen w tou montre sa l te panse a se verite. Answit, gen
posiblite pou moun sa a pwofite fè w bagay ou ka regrèt aprè, sitou siw te fè
yon jalouzi san rezon. Siw oblije remèt yon moun kou jalouzi, konnen w pi pa
reflechi paske tout moun pa reyaji menm jan. Li tap pi bon pou w mete l atè tou
dousman.
5. Nan mechanste
Wiliam Shakespeare, yon powèt e dramatij anglè (1564-1616)
ki se otè youn nan pi gran èv literati inivèsèl, te di sou jalouzi: C'est un
monstre engendré de lui-même, né de lui-même. Vrèman, jalouzi se yon santiman
ki ka rann yon moun mechan paske menm jan gen moun kap tiye lòt pou sa l
posede, gen menaj ki ka fè krim pou moun li renmen, men sa toujou fini mal
paske nan oken ka, ou pa dwe tiye.
Dapre tout sa nou sot di la yo, èske jalouzi se prèv yon
vrè renmen? Wi, paske souvan, moun ki jalou a pa ta renmen pèdi menaj li. Nan
yon sans, jalouzi konn pwoteje relasyon an, si gen dyalòg.
Non, jalouzi pa yon prèv renmen si moun ki jalou a
enfidèl. Pawòl la di: Pa fè moun saw pa ta renmen yo fèw.
Men kèk remèd pou moun ki jalou
1. Pa chache konnen siw vle viv anpè,
2. Siw konnen, olyew fè zen ak mechanste, kite moun lan anrepo. Sil chanje, retounen.
3. Pa diskite sou plas lè menaj ou fè w fè jalouzi. Tann yon okazyon byen chwazi pou w ka esplike l saw pa renmen
4. Renmen ak moun ou konnen, chache konnen moun ou renmen.
2. Siw konnen, olyew fè zen ak mechanste, kite moun lan anrepo. Sil chanje, retounen.
3. Pa diskite sou plas lè menaj ou fè w fè jalouzi. Tann yon okazyon byen chwazi pou w ka esplike l saw pa renmen
4. Renmen ak moun ou konnen, chache konnen moun ou renmen.
Pawòl yo anpil, men lavi a senp!
Jerome Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire