Mwen gen yon zanmi m ki te pase 4 lane ap etidye yon syans.
Li te pase anpil mizè, nan peye kòb machin, manje, achte liv e fè kopi. Li rive
peye gradyasyon byen chè, poutan aprè, li pa janm travay sou sa li aprann nan,
men li pote non syans la.
Levanjil pa yon syans nou etidye nan Inivèsite pou n sove,
men nou ka pran sam sot di a pou egzanp. Gen anpil moun ki pase plizyè lane
legliz, swa aprè yo fin konvèti, batize oswa sèvi antanke djyak, prezidan
jenès, pastè, pou m site sa yo sèlman. Men jan yap viv pa pwouve yo te menm fè
yon semèn.
Eske yon kretyen se yon moun ki konvèti, batize epi kap mache
legliz? Si se sa, gen anpil kretyen. E si malgre m fin konvèti, batize e mache
legliz chak dimanch, mwen pa viv selon sa map tande yo, eske m se kretyen? Si
non, pa gen anpil kretyen. Antouka, se mwen menm avèk ou kap li tèks sa a ki
konnen si nou se kretyen paske konsyans nou se premye jij nou. Se li ki kondane
oswa padone nou lè n fin fè yon zak.
Anpil nan nou panse, byen ke nou konnen se pa vre, konvèti,
batize, peye ladim, al nan jèn, patisipe nan tout aktivite legliz se yon
garanti pou sali nou. An reyalite, li ta dwe sa paske se pa vye aksyon yo ye
men eske salut a rezime nan aksyon sa yo sèlman? Eske yon sèl move aksyon pa ka
kraze tout bèl jès sa yo? Pa egzanp, mwen fè tout sa yo, pandan map pratike
dezòd lachè (an kachèt). Ou panse bèl jès mwen yo ap fè Bondye sove m?
Nan 1 Korent 6.9-10, Galat 5.19-21, apot Pòl fè konnen moun
kap pratike oswa viv nan dezòd lachè, pap antre nan wayòm Bondye a. Kisa ki
dezòd lachè a menm?
Dezòd lachè a se yon ekspresyon kreyòl ki tradwi
"impudicité" yon mo fransè ki vle di: absence de retenue, défaut
provocateur de la réserve qui préserve le secret. Se tout sa ki se
"immoral, obscénité, inconvenance, impudeur, grossièreté". Se yon
seri pratik ki fè n ap devlope, montre, pratike sa n te dwe kite pou nou, swa
ak madanm/mari nou oswa Bondye. Kretyen pa bèt ni wobo, li gen santiman, li gen
anvi tou e li ka fè sa ki pa bon men li reziste pou anvi sa yo pa domine l.
Kòman w santi w lè fin pran sentsèn, tande yon prèch, li yon
vèsè, priye epi se ou ankò ki pral fè sa ki pa dwat la? Eske sa pa montre w se
yon kretyen fè wè pwiske sa w di se pa sa w pa fè, saw tande se pa sa w kwè?
Yon kretyen pa kretyen sèlman lè l nan yon pozisyon tout moun
ka wè, tankou sou chè, nan mikwo (legliz, radyo, televizyon, kwazad, plenè),
nan sèvis evanjelizasyon, sou rezo sosyo yo...Si se sa ki pou ta fè moun
kretyen, chaje kretyen. Men yon kretyen se dabò, yon moun ki repanti de vye zak
li. Answit, yon pitit Bondye ki konnen je Bondye sou li tout kote, jan sa ekri
nan Ebre 4.13: Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li.
Nou tout gen pou rann li kont.
Sou pawòl sa a, nou ka di kretyen an se moun kap chache viv
pou fè Bondye plezi (Efezyen 5.11). Menmsi moun pa wè l, li konnen je Bondye ap
gade l. Nap viv nan yon epòk kote moun sou blòf. Gras ak foto telefòn bay tout
moun aksè, vin jwenn Facebook ak Whatsapp kap fè piblisite gratis pou sa, nou
ta di genlè moun ki pa gen telefòn pa kretyen. Sinon, eskew panse poste vèsè,
imaj, videyo, pataje mesaj ak tout zanmiw sifi pou fè w kretyen. Si se sa,
chaje kretyen.
Mwen pa ekri tèks sa a pou m jijew mal (1 korent 5.12-13),
men pou deranje w si w te santi w konfòtab nan pratike dezòd lachè. Deranje w
nan wout ou ye a pou w konnen Kris ka retounen sanzatann e jwenn ou nan move
eta pap nan avantaj ou. Poukisa mwen menm avèk ou oblije ap gaspiye tan nou,
enèji nou, kòb nou, entèlijans nou, rad nou, talan nou, relasyon nou nan di nou
se kretyen alòske anndan kè nou, nou konnen se pa vre?
Map fini ak ti koze sa a. Lè yo kenbe yon vòlè yap kale l, li
pran kou nan men moun serye ak vòlè parèy li tou, swa paske l kreten swa pou
vòlè ki bat li a ka fè yo wè l se moun serye. Men jou ale, jou vini, sil pa
kite, yap kenbe l.
Ann pratike levanjil la pou n fè Bondye plezi nan bon kou nan
move tan, lè yo wè nou lè yo pa wè nou paske se Bondye kap jije nou, e li wè
tout sa nou fè.
Jérôme
Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire