M pa ekri pou m di betiz
Men pou m dekri moun kap di betiz
Men pou m dekri moun kap di betiz
M pa ekri pou fè pèsonn
plezi
Men tout moun ka pran plezi
Nan sa m ekri
Men tout moun ka pran plezi
Nan sa m ekri
M pa ekri pou m montre m
pi bon
Men toujou eseye di sa ki bon
Tout moun ka li e pran sa ki bon
Men toujou eseye di sa ki bon
Tout moun ka li e pran sa ki bon
M pa ekri pou foli
Men tout moun ki gen foli
Ka geri nan li sa m ekri
Men tout moun ki gen foli
Ka geri nan li sa m ekri
M pa ekri pou m bay manti
Men si w konn bay manti
W ap di sa m ekri se manti
Men si w konn bay manti
W ap di sa m ekri se manti
M pa ekri pou fè wè
Men depi w gen je pou w wè
W ap wè m dekri sa w pa t ka wè
Men depi w gen je pou w wè
W ap wè m dekri sa w pa t ka wè
M pa ekri paske m konn
ekri
Men paske ekri
Se mwayen pou m dekri
Men paske ekri
Se mwayen pou m dekri
Dekri sa m konnen
Dekri sa m santi
Dekri sa m wè
Dekri sa m ta renmen
Dekri sa m santi
Dekri sa m wè
Dekri sa m ta renmen
M fè k tanmen ekri
Jerome Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire