mercredi 15 mars 2017

Ala traka pou lanmou!


Pou w vin medsen, ou konnen fò w fè etid klasik ou epi antre nan inivèsite pou w pase pou pi piti 7 lane. Men nan 7 jou w te gentan bezwen fè sèks pou l montre w li renmen w tout bon.
Paske w bèl, tout tijèn ap felisite w, ou gentan vle pote meday demwazèl. Sa w tande a, ou gentan panse w prè pou renmen, kòmsi se bote ki se pi gwo kalite yon fanm.
Ala traka pou lanmou!
Ou pito kite leson w pou etidye, devwa w pou fè w kap fè w pase nan egzamen pou w kominike sou Facebook ak whatsapp ki pap itil ou anyen. Nan lespriw, se sa ki pi enpòtan.
Nan foli demwazèl, ou fin pèdi bon sans ou. Ou ranmase tout vye estil kap drive nan lari jis pouw atire rega. Gad bèl ti vant ou non! Lestomak li anfòm patnè m! A m ta jwenn sa a, m pase wi bòs! Men sa tout moun ap di de ou, pandan yo inyore kapasite w, pèsonalite w, diyite w. Antouka, yo machande pwodwi w bay plis valè a.
Nan foli jennjan, ou bliye si sentiwon te fèt pou kenbe pantalon. Ou plis okipe kò w ke sèvo w. San respè devan pwofesè kap fòme w pou lavni, ou pa bay lekòl regle aryen pou ou, dayè nan yon ti tan ankò, ou pral flay. Malgre sa, ou shay, ou blengbleng e w popilè.
Lanmou chita l ap gade nou kap bay kou. Li men nan men ak politik ap swiv fim nap monte yo chak jou pou n fè kwè nou sensè. De moun sa yo tèlman pran desepsyon nan lasosyete, yo blije ret bèbè. Men yo jwenn jistis yo tou.
Kisa renmen vle di? Poukisa w renmen? Ki enpòtans renmen nan lavi yon jèn kap etidye pou vin yon pwofesyonèl demen? A mesye, sispann poze m kesyon kap deranje m. Kite konsyans mwen anpè, pa mete m fas ak laverite pou m pa rate ti plezi m.
Ala traka pou lanmou!
Li diw bèl pase lalin ak solèy. Depi jou l te kwaze w la, li pa sispann reve w, rewè w nan dòmi kou nan je klè. Ou se sijè tout diskisyon li. Imaj ou, sant pafen w, chalè kò w, ti souri w, tout sa yo tounen pyès enpòtan nan mize kè li. Ou flate, ou kontan, ou kwè, ou dakò, ou konvenk: sa a se grenn pam lan. Sou do lanmou. Epi demen lè w dekouvri l se yon vaka, ou vole sou do lanmou pou w dechire l. O wi, vrè lanmou pa egziste. Bon, ki adrès li menm kòmè?
Ou fin bay tout saw te genyen: manni, kado, pawòl, sipriz, avantay, konfidans, rekonpans. Gwo nèg pa vre? Jennjan, manti? Lame galantriw deplwaye sou tèritwa manzè, e sa w fògèt ou pa t fè. Ou tounen yon modèl, yon echantiyon pou tout ti fwozi kap leve nan katye a. Alò tout sa se pou w kenbe tiyaya nan panye w, epi talè wa di w te renmen ak yon douzèn, adje wi dan!
Ala traka pou lanmou.
Baz, yo fin avè w bò lakay. Yo dechèpiye w, yo antre w tankou fo kòb. Ou djès yon senbòl, ou ta di sinakwa lè w pase douvan legliz Katolik. Ou tounen yon atis kap jwe pou byè, yon foutbolè kap jwe pou swe. Ou tande m byen lanmou? Sak rete nan sa w te ye a ra pou jwenn.
Yo chante w, yo pale w, yo danse w, yo gade w men kou pi bon zanmi w maryaj vin pou fè konklizyon, yo mawon. Match fini.

Ala traka pou lanmou!

Jerome Dorsonne Emerson

1 commentaire:

  1. All my confusions have gone away. I am so benefited by visiting your site. Thanks sir share this information.He has really sweet responses to basically all of these- Thank you very much.
    Sad Dp
    More
    What is Love?
    More
    font copy and paste
    More
    অনলাইন কাজ

    RépondreEffacer