Gen anpil bon bagay, bon aksyon ak bon pawòl ki pèdi sans yo nan legliz la akoz moun ki pran yo pou blofe moun. Nou gen
1) al legliz
2) lapriyè
3) ofrann
4) batize
5) lasèn
6) evanjelizasyon sou tout fòm (misyon, kwazad) e
7) jèn.
Tout bagay sa yo
toujou fèt men lè nou gade bò kote nou, nan lavi nou, nan legliz la, ki rezilta
yo bay pwiske nou toujou ap plenyen menm pwoblèm yo e nou pa sispann divize, voye
pwen youn sou lòt?
Anndan legliz
la, nou fè tout aktivite ki pwograme yo : sèvis priyè, etid biblik, repetisyon
koral, kilt dimanch, reyinyon lajenès, reyinyon dafè, elatrye men nou meprize
sa ki pi enpòtan yo ki se: RENMEN!
Nou tout ap
chante menm kantik, pote menm bib e li menm vèsè. Nou tout chita nan yon sèl
legliz, nap tande menm prèch e nou priye menm Bondye, men nou youn pa renmen
lòt. Nou plis renmen aktivite legliz la ke n renmen frè nou ak sè nou. Sinon,
poukisa nou toujou prè poun kotize, depanse pou fè legliz la bèl, fè fèt poun
gaspiye lamanjay ak bweson pandan gen moun kap soufri swa nan legliz la swa nan
katye a? Wi, tout sa ki pou fè wè, se yo nou pratike paske Jezi te di sa men
dwat bay men goch pa bezwen konnen l ( Matye 6.3).
Yon doktè lalwa poze Jezi kesyon sa: ki kòmandman ki pi gran ? Jezi reponn li: Ou dwe renmen Bondye ak tout kèw, tout nanm e tout pansew. Se premye e pi gran kòmandman an. Men dezyèm nan ki menm jan ak premye a: Renmen pwochen w menm jan w renmen pwòp tèt ou. (Matye 22.36-39)
Mezanmi, se pat
aktivite non Jezi te di kap fè konnen vrè legliz la. Li te di: - Je vous donne
un commandement nouveau: Aimez-vous les uns les autres; comme je vous ai aimés,
vous aussi, aimez-vous les uns les autres. A ceci tous connaîtront que vous
êtes mes disciples, si vous avez de l`amour les uns pour les autres. (Jean,
13:34-35).
Tout moun ap
konnen nou se kretyen frè ak sè, vrè legliz la, si nou youn renmen lòt. Elas,
nou youn bezwen dechire lòt, nou youn ap pale lòt mal, nou youn pè lòt, nou
youn pa okipe lòt. Men sa pa anpeche, ipokrit anpil nan nou ye, nou adore
ansanm, nou pran repa a ansanm, nou al nan misyon ansanm, nou swiv seminè
ansanm, nou al evanjelize ansanm, nou lapriyè ansanm, nou jene ansanm, nal nan
kan ansanm. Poutan, o podyab, kè nou pa ansanm.
Mesaj sa a se
pou mwen avè w kap li l. Se moman poun pran konsyans poun sispann blofe moun
nan pratike yon bann aktivite pandan kè nou pa ini. Nou konnen byen pwòp nou pa
ka blofe Bondye paske l konn panse nou e yon jou lap devwale nou. Nou pi pè
sosyete a ke nou krenn Bondye. Se sa ki fè nou plis viv jan sosyete a vle ke
jan Bondye vle. Nou adopte prèske tout sa ki parèt pandan kòmandman ki nan Bib
la egziste depi plis pase 2mil lane, men nou pa okipe yo. Nou pito deranje
Bondye poun aranje lòm.
Mwen toujou
panse e mwen vin kwèl, si tout kretyen te viv jan Bondye vle, anpil chanjman
tap fèt an Ayiti paske kretyen yo anpil, e bon kou nan yo nan bwat leta, men ki
krentif yo gen pou Bondye? Eske yo deranje lòm, patwon an, ak kòlèg yo?
Ann sispann
blofe tèt nou nan lapriyè san n pa gen okenn relasyon ak Bondye. Sa pap tiye
nou sin fè yon lane pa pran repa Senyè a poun aranje nou, rekonsilye, pran
konsyans paske si nou fè tout vi nou ap pranl nan move kondisyon, se kòve.
Aktivite legliz
yo bon men si nou youn pa renmen lòt yo pa gen valè. Jezi pap vin pran aktivis
ni konfòmis men se moun ki tap sèvi l tout bon, sila ki te renmen l ak pwochen
l yo.
Maranata!
JDE
Aucun commentaire:
Publier un commentaire