Entwodiksyon
Youn nan rezon ki
lakoz anpil jèn, sitou fi yo, echwe nan renmen se paske yo pa konprann vrèman
ki sa li vle di. Rezon sa a
jwenn sous li nan twa koz :
1.
Anpil
paran ki pat jwenn edikasyon seksyèl pa vle oswa pa kapab fè l pou pitit yo.
2.
Anpil
jèn pa enterese li, reflechi ak aji daprè sa yo konnen.
3.
Labib
di klèman ke nan dènye jou yo, lòm ap vin renmen plezi plis pase Bondye.
Kidonk,
li pa etonan pou n konprann pouki anpil moun pran renmen pou plezi seksyèl.
Eske w se youn ladan yo? Sinon, mwen swete w kenbe fèm
nan desizyon w pou mennen bak ou byen jiskaske w marye. Sinon, ou bezwen
konprann vrè definisyon renmen.
25
kesyon/repons sou renmen pa sifi pou fè w konprann renmen, men
se yo ka ede w analize renmen, jan moun
renmen, jan moun ta dwe renmen ak jan moun pa konn renmen.
Ke konsèy ak sa ki bon nan tiliv sa a fè wout nan lavi w.
Jérôme Dorsonne Emerson
Lis
kesyon yo
1. Eske renmen gen yon definisyon egzat?
2. Kijan renmen manifeste ant 2 moun ki
renmen?
3. Eske gen yon kote nou ka etidye renmen?
4. Eske se sèlman moun k’ap sèvi
Bondye
ki ka jwenn vrè renmen an?
5. Yo di vrè renmen pa egziste , èske
se vre?
6. Kisa ki ka fè m konnen vrè renmen
an ?
7. Ki enpòtans dyalòg nan renmen?
8. Ki enpòtans sèks nan yon relasyon
santimantal ?
9. Eske se yon vrè renmen si patnè
mwen an pa gen lide pou marye avèk mwen ?
10. Kisa ki lakoz anpil maryaj kraze?
11.
Kisa « Je t’aime » ye ?
12. Kòman yo di « Mwen renmen w » nan lòt
lang yo?
13. Eske renmen diferan nan lòt peyi
yo?
14. Poukisa gen paran ki pa vle pitit
yo renmen, sitou pitit fi yo?
15. Eske se yon pwoblèm si yon zanmi
m di li renmen m?
16. Eske se yon mal pou yon zanmi w vin
menaj ou?
17. Gen yon moun k ap koze avè’m, men
m pako vle renmen, èske’m ka ba l espwa pou yon tan?
18. Eske m ka ret zanmi yon moun ki
te di li renmen’m?
19. Eske kado oswa lajan ka pwouve
vrè renmen an?
20. Kisa m dwe konnen sou lajan?
21. Gen 2 moun ki renmen ‘m, e mwen renmen tou lède.
Kisa pou m fè?
22. Apre konbyen tan ou ka antre nan relasyon seksyèl
ak menaj ou lè w fin di l wi?
23. Eske se yon pwoblèm si yon fi di li
renmen yon gason?
24. Poukisa yon fi oswa yon gason bezwen renmen ?
25. Mwen wè nan anpil fim, liv ak chante sèks se yon bagay ki
nòmal. Lè
de moun renmen, se sa yo fè pou montre sa vre, kisa m dwe konprann?
Aucun commentaire:
Publier un commentaire