Biyografi
Tan ap pase, moun yo prale, moun ap
fèt tout kote sou latè beni. Konsa tou nan vil Vèrèt ki tabli kò li nan
depatman Latibonit, nan gran Nò peyi Dayiti, yon tchovi griyen dan l bay
lekzistans. Li kale nan mitan mwa jiyè, kididonk 15 pou plis presizyon, nan ane
1988.
Yo rele l Guten Rachad, yo tanpe l
JEAN-BAPTISTE, kididonk Guten Rachad JEAN-BAPTISTE.
Manman l ak papa l pa t vle kite l
grandi tankou gwo soulye, yo te touse pye kanson ak jipon yo pou yo voye l
lekòl pou resevwa moso ledikasyon nan menm vil sa kote lonbrit li te pouri. Li
fè klas primè li nan lekòl la pwovidans, klas segondè li nan lise Jak Estefèn
Aleksi.
Apre, pou Guten te ka kontinye
etidye, li te pran wout pou Pòtoprens nan kapital peyi a. Se konsa kòm li te
gen anpil santiman ak lanmou pou viv ak moun, li te rantre nan UNAP (Université
Autonome de Port-au-Prince) li fè etid nan kominikasyon ak lang vivant. Mouche
Guten di li p ap pote JEAN-BAPTISTE la pou bèl non, aprè li fin fè tout etid sa
yo ki te ede l konprann moun pi byen epi mete l an kontak dirèk ak yo, sa te
pouse l retounen nan Vèrèt pou vin sèvi tout yon kominote. Li patisipe nan
anpil aktivite sosyal nan komin Vèrèt la ki ede l marande reyalite pa l ak moun
yo pi plis chak jou. Se nan menm sans sa tou ki te fè l mete sou pye Fondation
ALED (Fondation des Amis de l’Environnement et du Développement)
Li se komedyen, li kolabore ak
plizyè twoup teyatral tankou IRACH (Initiative de Renforcement des Arts de
Calibre Haitien), Ribanbèl, elatriye…Li jwe nan plizyè pyesèt ak pyès teyat
tankou URGENCE, Foukifoura ak yon pakèt lòt ankò. Li se powèt, dizè, pwofesè lekòl.
Depi nan ane 2010 jouk jounen jodi a l ap anseye fransè (etid tèks) nan plizyè
kolèj ak espanyòl nan lekòl nasyonal Levèk nan komin Vèrèt la.
Li fè li ak ekri tounen chimen jaden
li. Li te kòmanse ekri nan ane 2003, lè sa li te nan klas 9èm ane yo konsa, li
pibliye anpil zèv tankou:
-
Tim-tim, (compilation de
textes choisis) an septanm 2011.
-
Mandoline de Mi-nuit, (Pwezi) premyè
piblikasyon, me 2012, dezyèm piblikasyon, out 2016, edisyon (Edilivre,
Bookelis) nan peyi la Frans, (France).
-
La kreyòl, (Pwezi), desanm 2012.
-
Dans ren fanm, (Pwezi), me 2014,
edisyon (Miroir, Port-au-Prince, Haïti).
-
Serenad, (Lodyans), mas 2015.
-
Mandoline du silence, (Poésie) premyè
piblikasyon mars 2017
-
Moso pawòl, (Pwezi) me 2017 «Jeunesse et
lecture» Guten pibliye zèv li (yo) nan
edisyon an Ayiti tankou aletranje e yo disponib sou Amazòn, chapitre.com ak yon
pakèt boutik oubyen libreri ak platfòm sou entènèt…li ekri nan tou de (2) lang
peyi Dayiti yo: kreyòl ak fransè.
Kisa nou ta vle
pou m ta di nou de nonm sa ankò ?
Si m pa ta di nou Guten se yon nèg k ap bay lavi dwèt pou
liv li yo ka fè latè wè klè, konnen m t ap antò…
Volma
Paul
Alyas Kandelon
Vietnam, 17 jiyè 2016
Komedyen, kominikatè, dramatològ, ekriven…
Aucun commentaire:
Publier un commentaire