Avan w pran randevou ak lavi, manvi chante de twa ti pawòl
nan zòrèy ou, marande ak yon kantik wosiyòl pou m esplike w tout ralemennen
vini Luberisse Katicha te fè pou l akouche rèv sila.
Tan ap pase, lapli ap tonbe, demwazèl la refize kanpe, li
bwave danje e mete bòt desanlye li pou l franchi gwo boulva literati a...Se pa
yon bagay ki fasil men li menm, li deside pran randevou ak lavi !
Randevou ak lavi, se yon ti rekèy wòdpòt, kote powetès la
rasanble tout kalite powematik li pou l mete gou dous sou lang nou chak.
" Solèy midi tenyen nan midi lavi m
Bajou kase san je m pa fèmen
M bliye lepli, ni lesèk
Tèlman pwoblèm makonnen m "
Katicha trase nan liv la yon reyalite ke nou viv chak jou
swa nan antouraj bò lakay nou, swa nan pwòp eksperyans pa nou. Li dekri tou yon
pakèt bagay ke l wè nan sosyete a epi tante pwopoze nou solisyon tou. Katicha
se zanmi liv, li fè li ak ekri tounen chwal batay li. Plim ni make revòlt,
revòlt kont povrete, revòlt pou mounite a respte sou tout fòm. Achak fwa nou
kwaze yon travay konsa, nou blijo bat bravo lakontantman...
" Nou gen lontan n ap batay
Depi sou Tikonmkonm ak Berejèn
Nou toujou itilize menm estrateji yo
E nou toujou echwe nan prèske tout pakou yo "
Si nou pa pran randevou ak lavi, Katicha pa responsab !
Paske li pwopoze nou yon latriye plòt tèks pou diyite nou pa mouri nan pasaj.
Deja m ap di nou pran desten nou anmen pou n ka kenbe demen nou nan de men.
Jean-Baptiste Guten Rachad
Pwofesè, Ekriven..
Avan gou
M bezwen yon
plim
M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa lavi m
M p ap rann li pi fasil
Men m ap ogmante sou fòs mwen
Pou m konbat tout move moman
M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa Tisentaniz
M p ap chanje wòl yo
Men m ap met ekilib nan mitan pèsonaj
yo
Pou m kreye mond mwen bezwen an
M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa peyi m
M t ap vwayaje nan tan ki pase
Pou retire dominasyon kolon
Epi met konpasyon pou esklav
M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa mond lan
M pa t ap retire lide lagè
Men m t ap itilize mo pou preche lapè
Konsa tout listwa t ap sous kè
kontan
Aucun commentaire:
Publier un commentaire