Lòm ka fè tout sa Bondye di pa fè, paske
lòm gen volonte. Li fasil pou li konprann men difisil pou l aksepte e reziste
ak lanvi kap pouse l aji. Fasil pou li deside dezobeyi men difisil pou li kenbe
pawòl li, sitou lè li pap nouri nanm li ak pawòl ki nan Bib la. Menm jan sa te
rive nan jaden Edèn, lòm toujou bezwen wè si sa Bondye di yo ap fèt vre.
Malerezman, se plis dezobeyisans li chwazi olye rezistans, menm jan ak Jozèf,
Jezi e apot Pòl.
Apot Pòl te ekri kretyen nan lavil Filip
(v1) yo pou l di yo: « Nenpòt
sitiyasyon ki parèt devan mwen, m ap degaje m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs
kouraj » (Filipyen 4.12). Avan sa, li te di : « …se Bondye menm kap travay tout tan nan kè
nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè
l vre. » (Filipyen 2.13). Kidonk, fònikasyon an se yon peche ki ka evite gras ak Bondye
kap travay nan volonte kretyen an. Konsa tou, deklarasyon sa pat sèlman yon lide apot la te
fè nan tèt li. Nan yon lòt lèt, li te montre kòman sa tap posib: “…Kite Lespri Bondye a dirije lavi nou. Pa
obeyi egzijans kò a” (Galat 5.16). Se pa ak fòs kouraj nou, nap pote viktwa
sou dezòd lachè men se lè nou kite Sentespri a dirije lavi nou.
Sa vin fè, yon kretyen kap fònike san rete
pa ka di Lespri Bondye ap dirije lavi l (Matye 3.8). Lap viv selon lachè , li
pap gen fòs pou reziste anba presyon kò li e li pap ka fè Bondye plezi (Women
8.8), lap fèb fas ak tantasyon. Nòmalman, anyen pa janm fèt san yon koz. Kou di
moun yo, lafimen pa soti san dife. Si w konn fònike, gen omwen yon rezon ki fè
sa e gen plizyè konsekans sa ka gen nan lavi w, pami yo: gwosès avan lè, maladi
moun pran nan fè bagay, maryaj fòse…e kondanasyon ou.
Li ka difisil pou w aksepte yon senp ti
plezi ta gen pouvwa pou fèw pa antre nan wayòm Bondye a, pwiske se Bondye ki te
kreye fanm ak gason pou viv ansanm. Men, mwen sèten si ou pran yon ti tan pou
analize sa ki ekri nan tiliv sa a, w ap rive konprann danje ki plane sou lavi
tout moun k ap fònike e sila yo tou ki nan adiltè. Mwen swete pou Lespri Bondye
a ede w konprann e baw plis sajès pou w pratike verite a e pataje l ak lòt moun
nan lide pou yo konprann.
Jérôme Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire