Eske tout moun ge libète pou yo ekri ? Eske li fasil pou yon moun ekri
sa li santi ? Eske gen yon metòd pou yon moun ekri santiman li ? Ekri
se yon aktivite ki mande anpil konsantrasyon ak kapasite pou senplifye
konpleksite egzistans la.
Lè yon moun deside ekri sou yon sijè oswa eksprime li nan yon domèn, lid we
jwenn yon mote ki pou pèmèt li mete yon mekanis anplas pou li ka byen
estriktire panse li. Yon mote ki pou motive l ekri sa li we, sa li santi, jan
li santi l nan yon demach pou pote limyè nan sosyete l ap grandi a.
Se nan optik sa, Zèl Nanm, yon rekèy tèks, ap ede w konprann anpil bagay
sou sans lavi, sou moun ki nan antouraj ou, sou relasyon santimantal,
espirityèl e kap pèmèt ou grandi chak jou.
Menm jan Victor Lvovitch Kibaltchichk di: « Moun k ap pale, moun k ap
ekri se yon moun k ap pale pou tout moun kip a gen vwa ».
Se konsa Jérôme Dorsonne Emerson fè nou santi a chak fwa nou tounen yon paj
nan rekèy tèks sa a. Zèl Nanm gen pou misyon montre tout moun libète yo genyen
pou eksprime yo nan tout domèn.
Li montre nou tou pasyon otè a genyen pou motive jenès la e menm granmoun yo
tou pou y opa janm abandone, pou yo toujou wè bon kote ki genyen nan tout bagay
malgre moman difisil yo.
Zèv sa a adrese ak tout moun ki deside chwazi grandi nan sans pozitif e ki
vle eksplwate libète yo genyen pou pale libelibè nan tout domèn ki entèrese yo.
Bon lekti ! Bon
vwayaj !
Sterluz de Payen
Montréal, Canada
DEC en Cinéma
Uquam, en Sciences Politiques
Avan gou
Lè yap pale w mal paske w ap mal
pase,
Se pa joure pou w joure
Ni eseye defann ou
Ni bay detay sou rezon k fè sa
Ni al plenyen bay zanmi.
Se pa joure pou w joure
Ni eseye defann ou
Ni bay detay sou rezon k fè sa
Ni al plenyen bay zanmi.
Jis fè yon ti reflechi
Sou vrè rezon ki lakoz sa
Sou vrè rezon ki lakoz sa
Si se paske w vle kenbe diyite w
Paske w ap pran pasyans
Paske w pa nan fè wè
Paske w pa nan konkirans
Ou mèt kite yo pale
Paske w ap pran pasyans
Paske w pa nan fè wè
Paske w pa nan konkirans
Ou mèt kite yo pale
Paske lè w pral byen pase a
Se yo ki pral temwanye pou ou
Se yo ki pral di men kòman sa te ye
Se yo ki pral sezi
Se yo ki pral temwanye pou ou
Se yo ki pral di men kòman sa te ye
Se yo ki pral sezi
E lè sa, yo va konprann
Moun ou ye a, se pa sa yo wè jodi
Moun ou ye a, se pa sa moun di de ou
Moun ou ye a, se pa sa lòt moun vle w ye
Moun ou ye a vo plis ke lò
Moun ou ye a vo plis ke byen materyèl
Moun ou ye a vo plis ke kritik
Moun ou ye a, se pa sa yo wè jodi
Moun ou ye a, se pa sa moun di de ou
Moun ou ye a, se pa sa lòt moun vle w ye
Moun ou ye a vo plis ke lò
Moun ou ye a vo plis ke byen materyèl
Moun ou ye a vo plis ke kritik
Kou lòt la te di:
Mesye, jodi a kritik ou yo devanm
Men talè konsa yo gen pou dèyè m
Mesye, jodi a kritik ou yo devanm
Men talè konsa yo gen pou dèyè m
Kite kritik yo pouse w devan
Kite kritik yo fè pwomosyon pou ou
Kite kritik yo evalye travay ou
Kite kritik yo fòme karaktè w
Kite kritik yo fè pwomosyon pou ou
Kite kritik yo evalye travay ou
Kite kritik yo fòme karaktè w
Mande Bondye pou l bay enmi w lan fòs
Pou l ka ede w kenbe mach ou
Pou l ka ede w respekte tèt ou
Pou l ka ede w fè siksè nan fè efò.
Pou l ka ede w kenbe mach ou
Pou l ka ede w respekte tèt ou
Pou l ka ede w fè siksè nan fè efò.
Plis tande, plis sajès, plis siksè.
JDE
Aucun commentaire:
Publier un commentaire