vendredi 2 juin 2017

Grandi nan lespri ak Waldens!


Nou pa gen twòp tan pou n okipe ti detay k ap fin detwi lavi nou. Nou pito pase tan nou ap kalkile gwo lavi poutan zenglen lespwa te ka konstwi vrè vi nou bezwen an. Yo toujou di mache chache pa dòmi san soupe, men pou dat n ap chache nou pa twouve, ta sanble pa gen anyen sou chimen nou. Poutan si nou te byen tranpe nanm nou nan medite sou ti pawòl gwo zotobre pa janm pran tan diskite, nou t ap wè kòman solèy lavi t ap klere kè nou.


Nou fèt, nou chita, nou rale, nou kanpe, nou mache e nou pale. Se sis nan etap ki fè n konnen kòman n grandi. Gen nan nou ki grandi nan mizè, lòt ki grandi nan richès e lòt ankò ki grandi nan restavèk. Gen biznis ki grandi, lekòl ki grandi e legliz ki grandi. E atout n ap grandi, gen nan nou ki toujou rete timoun. Timoun nan lespri, timoun nan ekri rèv ak kreyon, timoun nan dekri zèv chak sezon. Nou vin wo, nou gra, nou chanje, nou fè eksperyans ki montre vrè figi lavi. 

Bouch ki oze di l renmen w, se li ki madichonnen w. Men ki lonje pou retire w nan labou se li ki pouse w nan dife. Nou pale, nou sou. Nou pale, nou dou. Nou pale, nou ranse tou. Nou di sa k fè zizye nou plezi pandan kè n pa sispann kondane nou. Sou tablo legzistans, pwofesè ap ekri moso pawòl, ti pawòl ki ekri ak gran karaktè pou nouri lespri k ap nyènyè dèyè lèt pèpè.

Se nan lide pou ede n grandi, Waldens Constant, k ap grandi, te kite lespri l tande bri silans. Bon son, bon mizik, bèl amoni, bèl djaz pou fè lespri danse. Pase paj, karese fèy nan yon mond kote chak mo, chak fraz pote bon vitamin pou revitalize tèt kap bouske libète. Si w gen nawè, w ap wè avan l fè klè.

JDE

Avan gou

~1~
Nap inyore moun ki renmen nou yo men nou renmen moun kap inyore nou yo. Nou blese moun ki renmen nou yo men nou renmen moun kap blese nou yo.
~2~
Dèfwa MADANM ou konn ap baw move jan. Se paske li nan kont ak MENAJ li.
~3~
Ase souvan, se sèlman 10segond aprè nou fin remèt fèy egzamen an ke nou rann nou kont de erè nou fè a alòske egzamen an te gen 3h d tan nan men nou.
~4~
Lè yon moun jalou, se pa sa l wè a kap fèl soufri. Se sa l panse a, sa l imajine a.
~ 5 ~
Pa tris AKOZ de yon moun ki abandone w. Tris POU moun nan pito paske li abandone yon moun ki pa tap janm abandonel.
~ 6 ~
Si yon moun deside montrew VRÈ KOULÈ li, ou menm pa al eseye repentire l.
~7~
SIKSÈ fè mal tou lè w pa gen yon moun ou renmen ki bò kotew pou felisitew e ECHÈK sanble bèl tou lè w gen yon moun ou renmen kap sipòte w.
~8~
Dèfwa pito w fè sanblan Kèw kontan paske si w kite lèzòm konn pwoblèm ou, yap chèche mete sou li toujou pou yo ka gen plis bagay pou yo ri.
~9~
Lè w nan yon relasyon, sèl moun ou gen pou w pwouve yon bagay se moun ou avèl la. Ou pa dwe pèsonn lòt moun eksplikasyon.
~10~
RESPEKTE sila yo ki jwenn tan pou ou malgre orè yo chaje, men RENMEN sila yo ki pa janm nan gade orè yo lè ou bezwen yo.


Aucun commentaire:

Publier un commentaire