vendredi 2 juin 2017

Radyografi evanjelizasyon an

Radyografi evanjelizasyon an se yon analiz, yon deskripsyon egzat de evanjelizasyon an (kisa li ye?). Li se yon etid sistematik sou rezon evanjelizasyon an (poukisa?), sou moun kretyen an (kiyès?), sou moun ki bezwen tande levanjil la (kiyès ki bezwen tande levanjil la?), sou kote pou kretyen an evanjelize (ki kote?), sou fason pou kretyen an evanjelize (kòman?) e sou tan kretyen an genyen pou l evanjelize (kilè?).


Konsa, radyografi evanjelizasyon an baze sou 7 kesyon sa yo :

1.      Kisa evanjelizasyon an ye ?
2.      Poukisa kretyen an dwe evanjelize ?
3.      Kiyès ki ka evanjelize ?
4.      Kiyès pou kretyen an evanjelize ?
5.      Ki kote pou kretyen an evanjelize ?
6.      Kòman pou kretyen an evanjelize ?
7.      Kilè pou kretyen an evanjelize ?

Yon vrè kretyen, yon sèvitè responsab pa ka refize evanjelize lè li fin konprann etid sa sou radyografi evanjelizasyon an.

JDE

 Avan gou

I.                  Poukisa kretyen an dwe EVANJELIZE?
                                                                                                                                                            
Se sèten si ou pa konn valè yon bagay, li pap gen enpòtans pou ou. Premye rezon ki ta dwe fè yon vrè kretyen evanjelize, se paske se gras ak li li te konvèti. Gen lòt rezon ankò si nou byen reflechi sou yo, nap dekouvri koz ki fè evanjelizasyon an neglije konsa, e nap gen plis anvi chak jou pou n fè l.

1.      Evanjelize se yon lòd 

Si ou konprann kisa dezòd ye, w ap konprann kisa yon lòd ye pi byen.  Jezi pa t jis bay disip yo lòd pou evanjelize, li te fè yo konnen rezon an (Mak 16.16). Gen yon jou li gen pou jije tout moun ki te mouri e ki pat kwè nan Li. Anplis de sa, Jezi te bay disip yo otorite (Mak 16.17) e li te pwomèt yo prezans li   jiskaske tout bagay fini (Matye 28.20b). Angwo, nou wè Lòd, Otorite, Pwoteksyon oswa akonpayman. Sa fè nou konprann kretyen ki pa vle evanjelize a pa sèlman meprize lòd Jezi, men li pa kwè nan otorite li resevwa – sil ta resevwa l deja – ak pwoteksyon Jezi.

Pa evanjelize se dezobeyisans – sitou si kretyen gen kapasite pou fè sa – e tout dezobeyisans se peche (1 Jan 3.4). Evanjelizasyon an se yon lòd, tout kretyen dwe fèl.  Jak di: « Moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè peche » (Jak 4.17). Souvan nou plis kritike moun kap fè sa ki pa bon, men nou pa wè peche nap fè tou. Si evanjelizasyon an la pou sove moun ki pa kwè nan Bondye, se yon byen li ye.  Bib la pa manke ankouraje nou fè sa ki byen.


2.      Evanjelize se yon privilèj

Evanjelize se yon privilèj paske antanke pechè, ou pa ta dwe ap travay pou yon Bondye ki Sen. Bondye gen pouvwa pou li fè travay li san èd moun. Dayè, li pat mande lòm pyès konsèy pou li te fè syèl ak tè a. Anplis, lòm pat ko menm egziste lè Bondye tap kreye tout bagay. Lòm vin jwenn tout bagay nan plas yo (Jenèz 1-2). Nan Jenèz 2.26, Bib la di : « Ann fè moun ». Se jis aprè Bondye te fin kreye tout bagay ke li te di sa. Li te voye pwòp Pitit li vin mouri pou lòm. Malgre sa, Pitit la te di : « Papa, padone yo. Yo pa konnen sa y’ap fè » (Lik 23.34) Se vre yo pat konprann paske pi devan anpil ladan yo ta pral rekonèt peche yo (Travay 2.36).

Evanjelize se yon privilèj, paske Bondye chwazi nou malgre peche nou. Refize evanjelize, se meprize yon si gran privilèj. Eske w pa tap kontan si yon prezidan oswa yon nonm rich ta pran w kòm delege pou rekonsilye li ak ènmi li yo ? Menm jan an, fòk ou kontan tou dèske ou se delege nan rekonsilyasyon Bondye ak lemond (Women 5.11;11.15).


3.      Evanjelizasyon an enpòtan 

Evanjelizasyon an enpòtan paske se yon mwayen ke Bondye itilize pou revele plan li ak tout moun (Travay 2.14-3). Li se youn nan prèv ke Bondye renmen lòm anpil. Li te ka chwazi kite nou viv jan nou vle san avize nou de sa ki pral rive aprè lanmò. Lè sa a, nou te ka wè l mal. Men li fè nou konnen sa ki pral rive nan dènye tan yo (Matye 24), yon fason pou nou pa di nou pat konnen. Jezi te di : « Mwen di nou sa davans » (Matye 24.25). Si premye disip yo te dezobeyi, nou pa tap sove jodi a. Ebyen, se sa ki rive tou lè nou pa vle ale nan tout ti kwen kote moun pa rive fasil yo pou n simen pawòl la. Evanjelizasyon an enpòtan paske lap fè pechè a delivre anba pouvwa peche, e konsa, lap evite lanfè. Yon zanmi Doktè Lyman Beecher te mande li yon jou : « Doktè, ki pi bèl bagay ki genyen nan lemond?” Li reponn: “Se pa teoloji, ni se pa diskisyon san sans, men se chache nanm pou Kris ». Deklarasyon sa pa diferan de sa Jezi di : « Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemond antye si’l pèdi lavi li ? » (Matye 16.26). Se donk enpòtan.


4.      Evanjelizasyon an se yon ijans

Evanjelizasyon an pa sèlman enpòtan, men  li mande prese prese paske pyès moun pap ka repanti aprè lanmò (Revelasyon 20.12-15), tandike tout moun gen pou mouri (Women 6.23). Pou sa, evanjelize se yon ijans. Neglije fè li, se bay Satan avantaj pou l gen plis moun. Ijans evanjelizasyon an dwe fè nou reflechi e aji rapid pou li pa twò ta pou enkredil yo.

5.      Rekòt la anpil

Rekòt la nan Matye 9.37 la se foul moun yo. Nan tan pa nou koulye a, se tout moun yo ki deyò a, tankou : moun nan bann rara, nan kanaval, nan regenay ; moun kap sèvi dyab,  vann kò yo e pran tout kalite plezi. Chak lè ou remake yon foul moun kap rejwi nan plezi mond sa a, konnen ke ou dwe aji paske ou la pou ramase rekòt la pou Kris.

6.      Manke travayè

Travayè yo nan rekòt la se disip Kris yo. An reyalite, lè Jezi te di sa a, pat ko gen anpil disip (Matye 9.38). Men depi nan Fèt Pannkot la, rekòt la te kòmanse. Apot yo te rekòlte 3mil nanm pou Kris. Jodi a, nap mande èske se paske moun ki Legliz yo pa disip Kris ki fè yo pa vle evanjelize. Avan Jezi te voye disip yo, li te chwazi yo (Jan 15.16) e fòme yo (Matye 4.19). Malgre anpil kretyen konnen ke se Bondye ki te chwazi yo, yo pa sispann refize evanjelize. Eske se paske yo poko gen fòmasyon pou sa ? Si wi, poukisa yo pa jwenn e kilès ki la pou fè sa? Sinon, twazyèm lòd nan misyon an pa respekte : « Montre yo pou yo obsève tout sa mwen te ban nou lòd fè » (Matye 28.20a).

Lè yon moun fin konvèti, li batize, li pa fin kretyen pou sa. De premye lòd yo pèsonèl paske se moun lan ki pou deside kwè, epi resevwa batèm. Men kanta pou anseye a, se devwa disip-anseyan yo ki pou fèl. Se sa ki fè, lè yon moun ki fin konvèti e batize, li pa fè anyen nan Legliz la, se yon pwoblèm.  Kòman yon moun fè angaje l pou swiv Kris e pou l pa gen oswa jwenn anyen pou fè? Sa plis sanble li pa angaje vre paske pa gen kwaze bra nan Legliz Kris la, tout manm yo se sèvitè, fòk yo sèvi Bondye.

Gen 3 dimansyon nan sèvis kretyen an:
1.      Sèvi Bondye (adorasyon)
2.      Sèvi manm Legliz la (edifikasyon)
3.      Sèvi lemond (evanjelizasyon)

Yon kretyen ki pap travay pa gen plas nan fanmi Kris la. Li tankou yon ti moun san papa oswa yon etranje.










Aucun commentaire:

Publier un commentaire