vendredi 2 juin 2017

Guten Rachad nan "MOSO PAWOL"


Nan kòmansman te gen moso pawòl ki te itilize pou kreye, chatye ak preche. Pi douvan, gwo batay pral mennen pou libète lapawòl te ka respekte paske bouch fèt pou pale, di koze ki soti nan fon kè pou pentire lanati.

Ekriven yo, tankou Rachad, pran responsablite yo pou marye lank ak moso papye k ap ede yo akouche pitit ki pote non moso pawòl pou yo ka jwenn dwa di sa yo vle san bòday.

Lapawòl se kle pou louvri e klete pòt. Li ka touche kè san chiriji, pèse zo san glèv, vwayaje nan tout lòt peyi san monte kamyon ni avyon. Li ka blese e geri an menm tan. Li ka bay manti pou yon pati e bay gwo verite pou yon lòt pati. Li chase dezespwa, pouse bourèt chanjman, netwaye kannal panse pou devlopman.

Se nan lide sa a, Jean-Baptiste Guten Rachad te pran tout san fwa li pou chwazi kèk moso pawòl pou simaye sa l panse ak yon ti kout dlo cho, yon ti kout dlo frèt, yon moso ladrès, yon ti kout plezantri, yon godèt soufrans, yon asyèt rejwisans, yon basen lajwa, yon ti kras fache.

Mwen envite w pran ti chèz ba w pou koute vwa yon pitit Vèrèt k ap klewonnen nouvèl libète nan lakou Ayiti Toma.


Lubérisse Katicha


Avan gou

Bagèt legede

Apre midi a
Lakansyèl la fad
Li pèdi tout koulè l yo
Devan je solèy

Si lalin pa t griyen dan l
Pou m te wè l djòl kalili
Mwen t ap rele l gwo chèlbèdèk

Se nan viwonndede zetwal
Mwen arive wè payèt janmdebwa

Si cheve lanati tresayi
Konnen pèp Ayisyen
Kanpe an bagèt legede


 Remak

Lanmou kounye a
Se fotokopi
Original la sere
Nan òdinatè
L ap tann kouran
Pou l dawonnlod
A san pou san


 Anvi mizik

Nan fant fenèt la
Yon ti mizik vin karese zòrèy mwen
Yon ti mizik ralemennenvini
Ki dous
Ki fè m panse ak paradi

Se nan miwa solèy
Mwen te konn wè lonbraj
Bèl senfoni sila

Anverite pito anvi mouri te pran m
Olye m touche syèl
Sou latè beni
Oubyen pito m te mizik
Mwen ta pase nan fenèt
Pou m karese zòrèy vwazin nan
Chak maten


 Guten Rachad Jean Baptiste

Aucun commentaire:

Publier un commentaire