Rezo sosyal yo, sitou Facebook ak Whatsapp, gen gwo
enfliyans sou anpil jèn, sitou sila yo ki pa gen konviksyon nan objektif yo
gen. Nan mond nap viv la, anpil moun plis vle viv lavi lòt moun ke yo viv lavi
pa yo. Kisa m vle di?
Yon objektif se yon bi yon moun vle atenn. Ou fikse yon
metye, lavi familyal ou, sa w vle posede e janw vle viv li lè lannwit lavi
kouvri egzistans ou. Objektif ou se plan paw, vizyon paw, reyalite paw, konsepsyon paw, rèv paw.
Ou pa oblije vin sa yon moun ye, byenke sa wap ye gen yon
moun ki sa deja, men ou dwe santi l jis anndan kèw paske se la a konviksyon an
kòmanse. Chwazi medsin, dwa, agwonòm, mizik, biznis, teoloji, dwe soti nan
refleksyon w, imajinasyon w, angoumanw, vrè koz egzistans ou.
Chwazi yon metye paskew renmen l, paske lap itil ou,
paskew ka fèl, paske l ap itil lòt moun. Daprè, aider est. ...Tout metye w
aprann se pouw ka viv, or viv, nan sans sa a, depann angran pati de manje, bwè
e abiye. Sa vle di wap bezwen kòb. Men se pa kòb la ki dwe motivew. Sinon, wap
fè tout vye aksyon, wap aksepte tout kondisyon depi se pou w gen kòb. Se sak fè
anpil moun antre nan koripsyon. Yo pa nwi de sa yap di sou yo, lesansyèl depi
yo posede, lavi à bèl. Ou wè kaw si se lavi moun ou vle viv?
Moun
kap egzijew la pap edew achte ni edew peye. Li pa konn doulè w ni kòmanw
konsevwa lavi. Sèlman li bezwen wè w posede sesi. Men poukisa ou bezwen posede
sesi? Pou w fè moun ki fèw egzijans la plezi oswa paske sal egzijew la.
Vi a pa konkirans, pa chache siksè pou fè wè ni pou fè
abi. Janm te di deja, ki fyète yon moun rich si moun nan zòn li ap mouri
grangou? Ki fyète yon moun save si zanmil ap mouri nan inyorans?
Fikse yon objektif, san
lanbisyon pouw atire rega, men pou w itil. Pou m fini, men kèk finalite ki ka
edew atenn objektif ou.
1. Mete konfyans ou nan Bondye
2. Panse ak bonè w
3. Fè plan pou fwayew
4. Panse ak bezwen fanmiw
5. Panse ak zanmiw ki ka nan nesesite
6. Toujou travay pou ede peyiw
7. Viv pou w vin yon modèl pou tout moun ki admire w
8. Pa kite echèk, kritik fèw fè bak. Sa w ye jodi a, se pa sa wap ye demen.
9. Pa gen rankin pou pèsonn,
10. Fè byen san atann anyen an retou.
Lavi a
se yon lekòl, move élèv kap echwe!!!!
Jerome Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Publier un commentaire