mercredi 15 mars 2017

Ret nan liy ou!



Tout moun bezwen fè hit, se pa sa ki pwoblèm nan men nan kisa ou vle fè hit la?

Dènyeman, nou te wè foto Nicki Minaj nan yon defile nan vil Paris, Lafrans. Li te abiye ak yon kòsaj ki kite tete goch li deyò. Anpil pataj, like e kòmantè. Nou rele sa « hit », e se sa l ye !
Kisa mo « hit » la vle di ?

« Hit » se yon mo anglè ki siyifi : « coup réussi », oswa « succès ».  Konsa, yon moun ka fè hit nan yon senp kou li tante, li ka fè l tou aprè anpil tan. Konsa tou, nan chache fè hit, gen anpil moun ki echwe. Yo pèdi kredi yo, vi entim yo eskandalize e yo konn menm mouri.

Gen atis depi premye jou li chante, li fè hit. Gen lòt ki travay anpil tan avan yo fè sa. E gen lòt tou ki fè gwo sakrifis jis pou yo ka fè siksè (hit).

Tout moun ka fè hit men gen prensip pou w fè hit pou l pa tounen yon pèsekisyon pou ou e menm lakoz echèk total ou. Men kèk konsèy!

1.      Ou bezwen ret nan liy ou, sa vle di, fè egzakteman sa w konnen w ka fè a.
2.      Pa chache fè sa lòt moun ap fè pou atire atansyon sou ou.
3.      Fè sa w ap fè a menm sil piti, lanmou ou mete ladan l lan ka fè l vin gran.
4.      Pa riske viw, diyite w, entimite w pou w fè hit. Wap bezwen yo aprè pou w ka gad tout fanatik ou nan je.
5.      Pa aksepte vye kondisyon kap fè w regrèt aprè w fin fè hit. Egzanp yo la.
6.      Si w konn rape, ou pa oblije ap di betiz, ni fè bif pou w fè hit. Pran egzanp sou BIC.
7.      Li te mèt se nan fè grimas, ou ka fè siksè, men fò w fè l byen. Panse ak Tonton Bicha e Jesifra.
8.      Ou pa oblije kite lekòl paske w se atis, wap bezwen l pou aprann plis. Pran egzanp sou anpil atis kap etidye nan inivèsite.
9.      Jèn fi w ye, kenbe kòw: tete w, kwis ou, anba tivant ou, fès ou. Sa yo dwe rete pou mari w, piblik la pa bezwen wè yo.
10.  Pa kreye evenman pou yo pale de ou, gen malè kap tande entansyon nou.

Nou konn tande mizik Franco Love la ki titre “Hit san lajan”?

Tout nèg bezwen fè hit,
Konnen yo pa konnen ki pwoblèm ou mèt sou tèt ou
Wap jwe pou yon ti kras monnen
Transpò ale retou sou kont ou…

Siksè a la, disiplin ak travay ou bezwen pou w jwenn li.

Ret pozitif_Chak_aksyon_konte


Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire