mercredi 15 mars 2017

Responsablite n anve timoun yo

Leve yon maten, pou pye goch ou sou manmanw e pye dwat ou sou papaw, se pa yon chans tout timoun jwenn. Pandan w nan men manman w, wap kriye, papaw pranw epi w pe, se pa mirak ki fèt nan lavi tout timoun.
Friedrich Novalis te di: Où donc un enfant dormirait-il avec plus de sécurité que dans la chambre de son père? E Honoré de Balzac te deklare: Le cœur d'une mère est un abîme au fond duquel se trouve toujours un pardon.
Tankou m, gen anpil timoun ki pat konn afeksyon papa. Yo leve nan men yon fanm ki se manman, papa, patron e bon zanmi. Genyen tou, ki pat konn jwenn lanmou manman ni lanmou papa. Yo te leve nan men yon grann, yon matant, yon kouzin oswa yon vwazen. Timoun sa yo pa defini lanmou menm jan ak tout moun.
Lanmou yon paran se fimye nan fwaye ki fè obeyisans, respè ak sajès grandi. Si peyi nou Ayiti gen anpil delenkans, angwo, se fwaye yo ki responsab paske lafanmi se motè lasosyete. Si manman ak papa yo pa pran responsablite yo anvè pitit yo, kòman nap fè jwenn yon sosyete kote moun respekte moun? Si yon timoun pa respekte manman l ki te pouse l, kilès li pral respekte?
Map salye tout jèn fi ak jèn gason ki pat jwenn afeksyon ni levasyon paran, men ki te kenbe tèt yo e ki se modèl nan katye yo, nan lekòl yo, nan legliz yo, nan travay yo, e sou Facebook.
Kòm nou konnenl deja, "l'homme est le produit de son milieu". Se poutèt sa, "par sagesse", ou ta dwe tolere tout moun ki malelve, paske yo jis bay sa yo genyen. Nou pa ka egzije myèl bay lèt, ni bèf bay siwo. Men gras ak pouvwa lanati, cheni ka tounen papiyon.
Ann aprann tolere moun ki pat manje menm biswit ledikasyon ak nou. Se sèl tolerans ki ka ede n soufle van chanjman sou Ayiti, paske kit ou vle kit ou pa vle, nou pap janm gen menm lide, menm opinyon, sa fè, nou pa ka jije menm jan.
Nou bezwen tolerans nan politik, nan relijyon, nan inivèsite, nan lekòl, nan travay, nan mizik, nan diskisyon sou foutbòl paske nou tout gen dwa poun pale e libète poun chwazi (Atik 24, 28, 28.1, 30, 30.1, 31, Constitution de la République d'Haïti). Se sèl lalwa ki la pou jije men si n kite konsyans nou dirije panse nou, se sèten lajistis pap konn kote nou rete.
Robert Debré te di: Nos enfants, c'est notre éternité.
Politisyen jodi yo te timoun nan yon tan. Alèkile, antanke lidè, yap dirije. Kisa yo fè pou timoun jodi? E kisa nou ka espere nan 30 lane ankò lè timoun sa yo va gen pou dirije?

Kou di Alfred de Musset, "Où le père a passé, passera bien l'enfant" . Kidonk, se pa ni mirak ni vyolans kap chanje Ayiti. Ann pran responsablite nou anvè timoun yo, "parce que les mêmes causes produisent les mêmes effets".
Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire