Eske distans ka kraze yon relasyon?
Mwen sonje yon fwa pandan m tap gade yon seri, mwen te vin
renmen yon pèsonaj, yon fi wi silvouplè! Pandan tout tan m tap gade seri a,
mwen tap imajine l jis mwen revel. Poutan, lè m vin rann mwen kont de lane seri
a te soti, madmwazèl ta dwe gen doub laj mwen. Santiman an ale byen lwen menm
lè se nan imajinasyon.
Se poum diw rapid ke distans pa ka kraze yon vrè relasyon kit
santimantal kit amikal. Pi gwo pwoblèm anpil nan nou lè nap renmen nou pa reflechi ak sa ki ka rive. Dèfwa, nou renmen pou plezi, pou yo ka wè
nou gen menaj. Epoutan, sa fini souvan mal. Lè konsa, olye nou blame tèt nou,
nou di vrè lanmou pa egziste. Men èske w te fè yon vrè renmen? Kisa ki yon vrè
renmen? Koman yo konstwi yon vrè renmen?
Mwen panse kesyon sa yo ka ede n pran
konsyans sou fason nou konsevwa don sa a ke Bondye mete poun pataje. Distans
menaj ou ka ede w plis ke l te prè w, men map pale ak moun ki renmen, se pa
moun ki marye. Sa pa nan sijè nou pou jodi a. Banm baw kèk avantaj renmen long
distans ka baw:
1. Tan pouw
etidye
2. Tan pouw egzamine relasyon an
3. Ou ka evite tonbe ansent
4. Tan pouw prepare avniw
5. Tan pouw valorize dyalòg
2. Tan pouw egzamine relasyon an
3. Ou ka evite tonbe ansent
4. Tan pouw prepare avniw
5. Tan pouw valorize dyalòg
Men malgre tout konsèy sa yo, si moun ki
deplase a pa fidèl, ou ka pran desepsyon. Wap sezi tande l marye, gen pitit e
menm baw vag.
Yon moun ki ta nan sitiyasyon sa a pa dwe
regrèt ni li pa dwe kondane menaj li paske lavi a se yon lekòl. Tout sa w wè ki
rive se pou yon rezon. Pa blame tèt ou siw pa responsab. Pa rayi yon moun ki
blesew siw toujou vivan. Se petèt mwayen sa a Bondye chwazi poul montrew vrè
chemen an.
Ou menm ki gen menaj ki ret nan lòt peyi,
reli tèks sa a epi gade pouw wè si w pa responsab sa kap rive nan relasyon w
nan. Pa gen gwo ponyèt nan renmen. Se moun ki saj, dou, konpreyansif, pasyan ki
ka fè yon relasyon dire.
Lavi a trè senp! Pa kite pretèks, ògèy ak
rankin konplike l.
JDE
Aucun commentaire:
Publier un commentaire