lundi 13 février 2017

Kisa yon "masochiste" ak yon" sadique" ye?


Edikasyon seksyèl, Twazyèm tèks
"La Pédagogie de l'Amour" ke Père Jean Robin Gédéon, (Salésiens de Don Bosco) ekri, se youn nan ra liv ke mwen li swa nan lane 2003-2004 yo e ki ret kòm yon trezò nan bibliyotèk mwen. Tit liv la enteresan men sa ki ekri ladan yo pi enteresan toujou.
Nou plis konnen mo" pédagogie" nan domèn edikasyon, men sin fè yon tikout je sou definisyon mo a, nap konprann lide jeneral otè a travèsè nan liv sa.
"La Pédagogie est la manière de transmettre des connaissances à des élèves. C'est aussi la science qui étudie les méthodes de l'éducation et de la transmission du savoir".
Se kalite yon moun genyen poul transmèt konesans yon fason klè e efikas nan yon domèn kelkonk. Konsa, gen pedagoji ansyen, gen pedagoji modèn. Gen anpil reyalite nan lavi seksyèl ke moun pap janm konprann poutan yap viv li. Inyorans sa yo fè n viktim e menm pitit nou kontinye viktim. Ebyen, masochisme ak sadisme se de reyalite seksyèl ki enpotan pou tout moun ki aktif seksyèlman konnen.
Masochisme ak sadisme se de fason moun renmen ki pa nòmal.
Nan domèn epsikyat, mazochis la se yon moun ki bezwen pou yo maltrete l moralman oubyen fizikman pou l ka satisfè lè lap fè sèks. Nou plis wè sa nan fim pònografik yo kote fi a santil rejwi lè gason an ap britalize l e joure l. Père Jean Robin rapòte nan liv li a pawòl Pierre Daco ki di: le masochisme obtient la satisfaction sexuelle par la souffrance, les coups, la torture, les fouets, etc. Ou bien par les tortures mentales, comme les humiliations, le mépris, les injures, l'esclavage, etc."(Les prodigieuses victoires de la psychologie moderne, p399).
Vrè renmen an, selon Jean Robin, chase tout lide move tretman, paske move tretman an diminye diyite moun nan e devalorize relasyon seksyèl konjwen yo. Mazochis la ap chache moun ki ka fèl soufri menm, se sal bezwen. Wa imajine yon fanm mazochis ki marye ak yon gason ki pa sadik, se tèt chaje. Fanm sa renmen pou yo bat li, joure l, meprize l pou l ka satisfè nan fè lanmou. Gen koze! !!!!
Sadik la li menm, kontrèman ak mazochis la, pran plezi l nan fè moun lap viv avèl la soufri moralman oswa fizikman. Ebyen, anpil vyòl fèt paske gason an se yon sadik. Sa konn menm rive nan maryaj, madanm nan pa ka sipòte ak seksyèl la paske mari l brital. Gen mari tou ki nan gwo pwoblèm paske yo pa ka satisfè madanm yo ki mazochis.
Yon solisyon??????
Mwen pa gen yon konsèy jiskaprezan pou yon moun ki ta nan sitiyasyon sa a. Men gen sa ki rele "couple sado-masochiste" kote swa madanm nan se mazochis epi mesye a se yon sadik. De moun sa yo ap viv byen paske madanm nan antanke mazochis bezwen pou yo fèl soufri pandanke se tout plezi mari a antanke sadik poul fè madanm li soufri. Malerezman, ou pa ka marye sou baz seksyèl pou m ta diw chache konnen si moun ou renmen an mazo ou sado. Sa tap mandew al fè eksperyans alòske ka gen ansent, maladi e avòtman.
Petèt, konsèy sa yo ka itil pou ou evite sa e geri tèt ou: 
1. Pa gade fim pònografik paske li pa gen twòp leson lap aprann ou ke devalorize seksyalite a e enfliyanse vyolans seksyèl. 
2. Evite moun ki twò renmen fè sèks ak vyolans 
3. Achte liv ak dokimantè ki ka edew aprann kèk prensip natirèl pou gen yon bon vi seksyèl (kama sutra) men fòw marye avanw fè sa.
Inyorans se pwazon
Tèt di se krim
Vi a senp sin chache viv li jan Bondye mandel la.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire