Jodi a, ekri oubyen rele moun ou renmen
anpil la pouw fè l konn sa oswa pou w raple l de sa, paske aprè lanmò ou pap
kapab.
Mete rad ou santi ki fèw pi fre a, bagay
pye kap fèw pi chèlbè a, paske nan sèkèy la, ou pral ak yon sèl.
Fè oswa achte manje ou pi renmen an, bwè ji
ki pi gou nan bouch ou a paske chaje maladi ki bay bouch gou anmè.
Lonje men bay sila ki nan nesesite yo
pandan w gen kòb la, pa kite sa pou demen paske gen byen w fè ki ka epanye kèk
malè.
Chak jou ka espesyal pou ou
Sa depan de dispozisyon kèw
Sa depan de dispozisyon kèw
Aucun commentaire:
Publier un commentaire