Lap difisil pou yon moun ap evolye Potoprens pou l pa gen yon pwovens li soti swa sou bò manman, swa sou bò papa. Sa vle di, kit li te gran komèsan, politisyen, pwofesè...li gen yon orijin provens.
Nou raple n lè tranblmanntè a te pase 12 janvye 2010 la? Tout moun te chache wout kay yo andeyò ki te vin lakoz legliz ak lekol yo te plen moun. Gen moun ki te oblije pati ak Zanmi, menaj, vwazinay e menm moun yo pat konnen.
Se te okazyon tou pou yo te dekouvri pwovens yo ki pat gen danje menm jan ak lavil: ensekirite, fatra, lavi chè, pou n site sa yo sèlman. Se vre pa gen kouran nan pi fò zòn andeyò yo, manke lwazi, sèvis leta men lèw vin refijye w yon note, se pa sa l genyen an ki enpòtan men se lapè ak sekirite a.
Daprè analiz anpil moun te fè, yo te panse leta tap tou pwofite wè enpòtans desantralizasyon an. Malerezman, se pat sa ki te fèt. Ebyen, kapital la vin gen plis moun, plis fatra. Vrèmanvre, nou pap pran pyès leson nan men lanati.
Pou n rechita sou lide inisyal la, nap wè se nèg andeyò kal devlope lavil, pandan lakay yo nan mizè nwa. Poutan lè gen lanmò, maryaj, fèt fen lane, fèt chanpèt, eleksyon, yo tounen la. Gad yon fyète!
Antouka, chanjman an posib si sèlman nou pran konsyans de eta nou e deside travay nan tèt kole pou n solisyone vrè pwoblèm yo.
JDE
Aucun commentaire:
Publier un commentaire