vendredi 30 décembre 2016

Kritik Sterluz sou maladi Jvans la


Timamoun te sou bouch 98% ayisyen. Jvans te fè yon gwo hit avèk mizik saa. Konbyen kòb hit saa te rantre l? Konbyen fanatik kite ht mizik saa?

Jvans nan koma depi mwa sept, paran li ap kouri sou dèt an dèt. Konbyen moun ki ede l'? Konbyen atis ki ale ba li love la? Konbyen fanatik ki fè yon mouvman pou sove vi misye? Ayisyen renmen atis pandan li sou 2 pye li avèk lè li mouri. Kou misye pa la ankò, m gen pou mwen wè konbyen RIP lap genyen. Konbyen atis ki pral di ke li tap fè yon gwo travay nan mizik la. Konbyen ladan yo ki pral di: m pap janm bliyew pandan yo gen tan bliye misye nan vivan li.

Sosyete nou an two opokrit. Ayisyen pa bay love vre, ayisyen FAKE. Yo swetew siksè pandan andan kè yo se echèk yap swetew. TIMAMOUN fè hit li. Ann sipote atis la pandan li pako mouri an. Ann pa tann lè li ale pou nou tout ap mache di RIP pandan ke nou te ka sove lavi li.

NB: Tout atis kap evolye, mwen swete nou mete sa nan tèt nou. Kou ekleraj yo femen, kou bal la fini, toujou sonje ke se yon sèl moun kap tann ou aprè se FANMIW, Alò fè fanmiw yon priyorite avan tou.

Bonne fin de semaine.

SterluzDePayen

Aucun commentaire:

Publier un commentaire