vendredi 2 juin 2017

Grandi nan lespri ak Waldens!


Nou pa gen twòp tan pou n okipe ti detay k ap fin detwi lavi nou. Nou pito pase tan nou ap kalkile gwo lavi poutan zenglen lespwa te ka konstwi vrè vi nou bezwen an. Yo toujou di mache chache pa dòmi san soupe, men pou dat n ap chache nou pa twouve, ta sanble pa gen anyen sou chimen nou. Poutan si nou te byen tranpe nanm nou nan medite sou ti pawòl gwo zotobre pa janm pran tan diskite, nou t ap wè kòman solèy lavi t ap klere kè nou.


Nou fèt, nou chita, nou rale, nou kanpe, nou mache e nou pale. Se sis nan etap ki fè n konnen kòman n grandi. Gen nan nou ki grandi nan mizè, lòt ki grandi nan richès e lòt ankò ki grandi nan restavèk. Gen biznis ki grandi, lekòl ki grandi e legliz ki grandi. E atout n ap grandi, gen nan nou ki toujou rete timoun. Timoun nan lespri, timoun nan ekri rèv ak kreyon, timoun nan dekri zèv chak sezon. Nou vin wo, nou gra, nou chanje, nou fè eksperyans ki montre vrè figi lavi. 

Bouch ki oze di l renmen w, se li ki madichonnen w. Men ki lonje pou retire w nan labou se li ki pouse w nan dife. Nou pale, nou sou. Nou pale, nou dou. Nou pale, nou ranse tou. Nou di sa k fè zizye nou plezi pandan kè n pa sispann kondane nou. Sou tablo legzistans, pwofesè ap ekri moso pawòl, ti pawòl ki ekri ak gran karaktè pou nouri lespri k ap nyènyè dèyè lèt pèpè.

Se nan lide pou ede n grandi, Waldens Constant, k ap grandi, te kite lespri l tande bri silans. Bon son, bon mizik, bèl amoni, bèl djaz pou fè lespri danse. Pase paj, karese fèy nan yon mond kote chak mo, chak fraz pote bon vitamin pou revitalize tèt kap bouske libète. Si w gen nawè, w ap wè avan l fè klè.

JDE

Avan gou

~1~
Nap inyore moun ki renmen nou yo men nou renmen moun kap inyore nou yo. Nou blese moun ki renmen nou yo men nou renmen moun kap blese nou yo.
~2~
Dèfwa MADANM ou konn ap baw move jan. Se paske li nan kont ak MENAJ li.
~3~
Ase souvan, se sèlman 10segond aprè nou fin remèt fèy egzamen an ke nou rann nou kont de erè nou fè a alòske egzamen an te gen 3h d tan nan men nou.
~4~
Lè yon moun jalou, se pa sa l wè a kap fèl soufri. Se sa l panse a, sa l imajine a.
~ 5 ~
Pa tris AKOZ de yon moun ki abandone w. Tris POU moun nan pito paske li abandone yon moun ki pa tap janm abandonel.
~ 6 ~
Si yon moun deside montrew VRÈ KOULÈ li, ou menm pa al eseye repentire l.
~7~
SIKSÈ fè mal tou lè w pa gen yon moun ou renmen ki bò kotew pou felisitew e ECHÈK sanble bèl tou lè w gen yon moun ou renmen kap sipòte w.
~8~
Dèfwa pito w fè sanblan Kèw kontan paske si w kite lèzòm konn pwoblèm ou, yap chèche mete sou li toujou pou yo ka gen plis bagay pou yo ri.
~9~
Lè w nan yon relasyon, sèl moun ou gen pou w pwouve yon bagay se moun ou avèl la. Ou pa dwe pèsonn lòt moun eksplikasyon.
~10~
RESPEKTE sila yo ki jwenn tan pou ou malgre orè yo chaje, men RENMEN sila yo ki pa janm nan gade orè yo lè ou bezwen yo.


Sadaina et Katicha à coeur ouvert!

L’écriture en soi est une conquête de la noblesse, une quête du plaisir tout comme la lecture. Elle est désir faite chair dans une danse frénétique des doigts sur des pages muettes devenant par là même expressives.

L’écriture, complètement confondue dans la poésie, est source délibérative des pulsions maintes fois refoulées par des « surnoi » de tout genre. Elle est l’accomplissement d’une volonté de puissance qui se veut unique et tout à la fois, qui se distingue de l’Autre et qui s’approprie de son « moi » également. La poésie, c’est une expérience qui élève l’âme et la porte aux portes du sublime. La poésie, dans ses multiples formes et expressions, est faite pour transcender l’âme humaine.

C’est cette expérience de grandeur et de noblesse que partagent ces deux jeunes liancourtoises qui n’ont pas beaucoup d’expérience, mais à qui le talent et la muse ne font pas défaut. Elles veulent intégrer ce cercle en mouvement qu’est la poésie pour y laisser leur trace. Elles ont beaucoup de chemins à parcourir, mais le talent est là. Elles n’ont qu’à creuser comme on creuse les mines d’argent, pour en trouver la puissance et la fluidité. Elles veulent porter la voix de tout un ensemble de vérités et de réalités. Elles ont besoin de beaucoup d’encadrement et de soutien pour arriver à leur but.

Trop de jeunes sont fauchés par le temps, par l’indifférence de leurs semblables, et par le mépris des autres. Quand la braise du progrès tend vers une émancipation explosive pour épouser une flamme ardente, il lui faut de la brise et même de la splendide et sublime tempête de l’encourageement pour continuer à éclairer les autres.

Lire pour écrire et écrire pour décrire la vie et ses couleurs, c’est le rêve et le choix de ces deux jeunes filles qui attendent le support de tout un chacun dans l’accomplissement de leur idéal. Enfin, la littérature est le choix que font les autres pour nous aider à faire les nôtres, à les sonder, a les apprécier et à les rendre meilleurs. C’est ce choix, ce noble choix que font ces deux jeunes que je vous invite à découvrir, à connaître, à apprécier, à critiquer et surtout à aider.

Bonne lecture !


Jethro Antoine

Extrait

Paysage

J’aime contempler la rosée tombée
Comme les maillons d’un collier
Sur l’herbe verte de mon jardin
Dans l’élégance des matins

J’aime admirer le ciel sans nuage
J’aime aussi entendre l’orage
Qui me ramène les pieds sur terre
Dans l’extase de cet univers

J’aime voir tomber la pluie
De son refrain, je me réjouis
J’aime contempler les fleurs s’épanouir
Et aussi les arbres grandir

J’aime l’odeur de la terre mouillée
Beaucoup plus que celle du café
Par dessus tous les chants des oiseaux
Et le vent frôlant ma peau

Edgard Sadaina

Ma vie

Ma vie n’est pas fille du hasard
Ma vie, œuvre de Dieu !
Elle est une grande histoire
Qui trace ses pas
Dans les pages d’un grand livre
Ma vie est cette merveille qui reflète Dieu
Elle est complexe, ma vie,
dans sa simplicité
Elle est unique,
Elle est ce miracle qui ne s’opère qu’une seule fois.

Katicha Luberisse 


Pran randevou ak lavi menm jan ak Katicha

Avan w pran randevou ak lavi, manvi chante de twa ti pawòl nan zòrèy ou, marande ak yon kantik wosiyòl pou m esplike w tout ralemennen vini Luberisse Katicha te fè pou l akouche rèv sila.
Tan ap pase, lapli ap tonbe, demwazèl la refize kanpe, li bwave danje e mete bòt desanlye li pou l franchi gwo boulva literati a...Se pa yon bagay ki fasil men li menm, li deside pran randevou ak lavi !
Randevou ak lavi, se yon ti rekèy wòdpòt, kote powetès la rasanble tout kalite powematik li pou l mete gou dous sou lang nou chak.


" Solèy midi tenyen nan midi lavi m
Bajou kase san je m pa fèmen
M bliye lepli, ni lesèk
Tèlman pwoblèm makonnen m "

Katicha trase nan liv la yon reyalite ke nou viv chak jou swa nan antouraj bò lakay nou, swa nan pwòp eksperyans pa nou. Li dekri tou yon pakèt bagay ke l wè nan sosyete a epi tante pwopoze nou solisyon tou. Katicha se zanmi liv, li fè li ak ekri tounen chwal batay li. Plim ni make revòlt, revòlt kont povrete, revòlt pou mounite a respte sou tout fòm. Achak fwa nou kwaze yon travay konsa, nou blijo bat bravo lakontantman...

" Nou gen lontan n ap batay
Depi sou Tikonmkonm ak Berejèn
Nou toujou itilize menm estrateji yo
E nou toujou echwe nan prèske tout pakou yo "

Si nou pa pran randevou ak lavi, Katicha pa responsab ! Paske li pwopoze nou yon latriye plòt tèks pou diyite nou pa mouri nan pasaj. Deja m ap di nou pran desten nou anmen pou n ka kenbe demen nou nan de men.

Jean-Baptiste Guten Rachad
 Pwofesè, Ekriven..




Avan gou

M bezwen yon plim

M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa lavi m
M p ap rann li pi fasil
Men m ap ogmante sou fòs mwen
Pou m konbat tout move moman

M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa Tisentaniz
M p ap chanje wòl yo
Men m ap met ekilib nan mitan pèsonaj yo
Pou m kreye mond mwen bezwen an

M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa peyi m
M t ap vwayaje nan tan ki pase
Pou retire dominasyon kolon
Epi met konpasyon pou esklav 

M bezwen yon plim
Pou m reekri listwa mond lan
M pa t ap retire lide lagè
Men m t ap itilize mo pou preche lapè
Konsa tout listwa t ap sous kè kontan  

Kilès Guten Rachad Jean Baptiste ye?

Biyografi


Tan ap pase, moun yo prale, moun ap fèt tout kote sou latè beni. Konsa tou nan vil Vèrèt ki tabli kò li nan depatman Latibonit, nan gran Nò peyi Dayiti, yon tchovi griyen dan l bay lekzistans. Li kale nan mitan mwa jiyè, kididonk 15 pou plis presizyon, nan ane 1988.

Yo rele l Guten Rachad, yo tanpe l JEAN-BAPTISTE, kididonk Guten Rachad JEAN-BAPTISTE.

Manman l ak papa l pa t vle kite l grandi tankou gwo soulye, yo te touse pye kanson ak jipon yo pou yo voye l lekòl pou resevwa moso ledikasyon nan menm vil sa kote lonbrit li te pouri. Li fè klas primè li nan lekòl la pwovidans, klas segondè li nan lise Jak Estefèn Aleksi.

Apre, pou Guten te ka kontinye etidye, li te pran wout pou Pòtoprens nan kapital peyi a. Se konsa kòm li te gen anpil santiman ak lanmou pou viv ak moun, li te rantre nan UNAP (Université Autonome de Port-au-Prince) li fè etid nan kominikasyon ak lang vivant. Mouche Guten di li p ap pote JEAN-BAPTISTE la pou bèl non, aprè li fin fè tout etid sa yo ki te ede l konprann moun pi byen epi mete l an kontak dirèk ak yo, sa te pouse l retounen nan Vèrèt pou vin sèvi tout yon kominote. Li patisipe nan anpil aktivite sosyal nan komin Vèrèt la ki ede l marande reyalite pa l ak moun yo pi plis chak jou. Se nan menm sans sa tou ki te fè l mete sou pye Fondation ALED (Fondation des Amis de l’Environnement et du Développement)

Li se komedyen, li kolabore ak plizyè twoup teyatral tankou IRACH (Initiative de Renforcement des Arts de Calibre Haitien), Ribanbèl, elatriye…Li jwe nan plizyè pyesèt ak pyès teyat tankou URGENCE, Foukifoura ak yon pakèt lòt ankò. Li se powèt, dizè, pwofesè lekòl. Depi nan ane 2010 jouk jounen jodi a l ap anseye fransè (etid tèks) nan plizyè kolèj ak espanyòl nan lekòl nasyonal Levèk nan komin Vèrèt la.


Li fè li ak ekri tounen chimen jaden li. Li te kòmanse ekri nan ane 2003, lè sa li te nan klas 9èm ane yo konsa, li pibliye anpil zèv tankou:
-          Tim-tim, (compilation de textes choisis) an septanm 2011.
-          Mandoline de Mi-nuit, (Pwezi) premyè piblikasyon, me 2012, dezyèm piblikasyon, out 2016, edisyon (Edilivre, Bookelis) nan peyi la Frans, (France).
-          La kreyòl, (Pwezi), desanm 2012.
-          Dans ren fanm, (Pwezi), me 2014, edisyon (Miroir, Port-au-Prince, Haïti).
-          Serenad, (Lodyans), mas 2015.
-          Mandoline du silence, (Poésie) premyè piblikasyon mars 2017
-          Moso pawòl, (Pwezi) me 2017 «Jeunesse et lecture»    Guten pibliye zèv li (yo) nan edisyon an Ayiti tankou aletranje e yo disponib sou Amazòn, chapitre.com ak yon pakèt boutik oubyen libreri ak platfòm sou entènèt…li ekri nan tou de (2) lang peyi Dayiti yo: kreyòl ak fransè.

Kisa nou ta vle pou m ta di nou de nonm sa ankò ?

Si m pa ta di nou Guten se yon nèg k ap bay lavi dwèt pou liv li yo ka fè latè wè klè, konnen m t ap antò…
Volma Paul
Alyas Kandelon
Vietnam, 17 jiyè 2016

Komedyen, kominikatè, dramatològ, ekriven…

Guten Rachad nan "MOSO PAWOL"


Nan kòmansman te gen moso pawòl ki te itilize pou kreye, chatye ak preche. Pi douvan, gwo batay pral mennen pou libète lapawòl te ka respekte paske bouch fèt pou pale, di koze ki soti nan fon kè pou pentire lanati.

Ekriven yo, tankou Rachad, pran responsablite yo pou marye lank ak moso papye k ap ede yo akouche pitit ki pote non moso pawòl pou yo ka jwenn dwa di sa yo vle san bòday.

Lapawòl se kle pou louvri e klete pòt. Li ka touche kè san chiriji, pèse zo san glèv, vwayaje nan tout lòt peyi san monte kamyon ni avyon. Li ka blese e geri an menm tan. Li ka bay manti pou yon pati e bay gwo verite pou yon lòt pati. Li chase dezespwa, pouse bourèt chanjman, netwaye kannal panse pou devlopman.

Se nan lide sa a, Jean-Baptiste Guten Rachad te pran tout san fwa li pou chwazi kèk moso pawòl pou simaye sa l panse ak yon ti kout dlo cho, yon ti kout dlo frèt, yon moso ladrès, yon ti kout plezantri, yon godèt soufrans, yon asyèt rejwisans, yon basen lajwa, yon ti kras fache.

Mwen envite w pran ti chèz ba w pou koute vwa yon pitit Vèrèt k ap klewonnen nouvèl libète nan lakou Ayiti Toma.


Lubérisse Katicha


Avan gou

Bagèt legede

Apre midi a
Lakansyèl la fad
Li pèdi tout koulè l yo
Devan je solèy

Si lalin pa t griyen dan l
Pou m te wè l djòl kalili
Mwen t ap rele l gwo chèlbèdèk

Se nan viwonndede zetwal
Mwen arive wè payèt janmdebwa

Si cheve lanati tresayi
Konnen pèp Ayisyen
Kanpe an bagèt legede


 Remak

Lanmou kounye a
Se fotokopi
Original la sere
Nan òdinatè
L ap tann kouran
Pou l dawonnlod
A san pou san


 Anvi mizik

Nan fant fenèt la
Yon ti mizik vin karese zòrèy mwen
Yon ti mizik ralemennenvini
Ki dous
Ki fè m panse ak paradi

Se nan miwa solèy
Mwen te konn wè lonbraj
Bèl senfoni sila

Anverite pito anvi mouri te pran m
Olye m touche syèl
Sou latè beni
Oubyen pito m te mizik
Mwen ta pase nan fenèt
Pou m karese zòrèy vwazin nan
Chak maten


 Guten Rachad Jean Baptiste

Rezon ki fè mwen ekri



M pa ekri pou m di betiz
Men pou m dekri moun k ap di betiz

M pa ekri pou fè pèsonn plezi
Men tout moun ka pran plezi
Nan sa m ekri

M pa ekri pou m montre m pi bon
Men m toujou eseye di sa ki bon
Sa tout moun ka li e pran sa ki bon

M pa ekri pou foli
Men tout moun ki gen foli
Ka geri nan li sa m ekri

M pa ekri pou m bay manti
Men si w konn bay manti
W ap di sa m ekri se manti

M pa ekri pou fè wè
Men depi w gen je pou w wè
W ap wè m dekri sa w pa t ka wè

M pa ekri paske m konn ekri
Men paske ekri
Se mwayen pou m dekri

Dekri sa m konnen
Dekri sa m santi
Dekri sa m wè
Dekri sa m ta renmen

M fè k tanmen ekri

JDE