mercredi 15 mars 2017

Yon bann bon pratik ki mal pratike



Gen anpil bon bagay, bon aksyon ak bon pawòl ki pèdi sans yo nan legliz la akoz moun ki pran yo pou blofe moun. Nou gen
1) al legliz 
2) lapriyè 
3) ofrann 
4) batize 
5) lasèn 
6) evanjelizasyon sou tout fòm (misyon, kwazad) e
7) jèn.



Tout bagay sa yo toujou fèt men lè nou gade bò kote nou, nan lavi nou, nan legliz la, ki rezilta yo bay pwiske nou toujou ap plenyen menm pwoblèm yo e nou pa sispann divize, voye pwen youn sou lòt?

Anndan legliz la, nou fè tout aktivite ki pwograme yo : sèvis priyè, etid biblik, repetisyon koral, kilt dimanch, reyinyon lajenès, reyinyon dafè, elatrye men nou meprize sa ki pi enpòtan yo ki se: RENMEN!

Nou tout ap chante menm kantik, pote menm bib e li menm vèsè. Nou tout chita nan yon sèl legliz, nap tande menm prèch e nou priye menm Bondye, men nou youn pa renmen lòt. Nou plis renmen aktivite legliz la ke n renmen frè nou ak sè nou. Sinon, poukisa nou toujou prè poun kotize, depanse pou fè legliz la bèl, fè fèt poun gaspiye lamanjay ak bweson pandan gen moun kap soufri swa nan legliz la swa nan katye a? Wi, tout sa ki pou fè wè, se yo nou pratike paske Jezi te di sa men dwat bay men goch pa bezwen konnen l ( Matye 6.3). 

Yon doktè lalwa poze Jezi kesyon sa: ki kòmandman ki pi gran ? Jezi reponn li: Ou dwe renmen Bondye ak tout kèw, tout nanm e tout pansew. Se premye e pi gran kòmandman an. Men dezyèm nan ki menm jan ak premye a: Renmen pwochen w menm jan w renmen pwòp tèt ou. (Matye 22.36-39)

Mezanmi, se pat aktivite non Jezi te di kap fè konnen vrè legliz la. Li te di: - Je vous donne un commandement nouveau: Aimez-vous les uns les autres; comme je vous ai aimés, vous aussi, aimez-vous les uns les autres. A ceci tous connaîtront que vous êtes mes disciples, si vous avez de l`amour les uns pour les autres. (Jean, 13:34-35).

Tout moun ap konnen nou se kretyen frè ak sè, vrè legliz la, si nou youn renmen lòt. Elas, nou youn bezwen dechire lòt, nou youn ap pale lòt mal, nou youn pè lòt, nou youn pa okipe lòt. Men sa pa anpeche, ipokrit anpil nan nou ye, nou adore ansanm, nou pran repa a ansanm, nou al nan misyon ansanm, nou swiv seminè ansanm, nou al evanjelize ansanm, nou lapriyè ansanm, nou jene ansanm, nal nan kan ansanm. Poutan, o podyab, kè nou pa ansanm.

Mesaj sa a se pou mwen avè w kap li l. Se moman poun pran konsyans poun sispann blofe moun nan pratike yon bann aktivite pandan kè nou pa ini. Nou konnen byen pwòp nou pa ka blofe Bondye paske l konn panse nou e yon jou lap devwale nou. Nou pi pè sosyete a ke nou krenn Bondye. Se sa ki fè nou plis viv jan sosyete a vle ke jan Bondye vle. Nou adopte prèske tout sa ki parèt pandan kòmandman ki nan Bib la egziste depi plis pase 2mil lane, men nou pa okipe yo. Nou pito deranje Bondye poun aranje lòm.

Mwen toujou panse e mwen vin kwèl, si tout kretyen te viv jan Bondye vle, anpil chanjman tap fèt an Ayiti paske kretyen yo anpil, e bon kou nan yo nan bwat leta, men ki krentif yo gen pou Bondye? Eske yo deranje lòm, patwon an, ak kòlèg yo?

Ann sispann blofe tèt nou nan lapriyè san n pa gen okenn relasyon ak Bondye. Sa pap tiye nou sin fè yon lane pa pran repa Senyè a poun aranje nou, rekonsilye, pran konsyans paske si nou fè tout vi nou ap pranl nan move kondisyon, se kòve.

Aktivite legliz yo bon men si nou youn pa renmen lòt yo pa gen valè. Jezi pap vin pran aktivis ni konfòmis men se moun ki tap sèvi l tout bon, sila ki te renmen l ak pwochen l yo.
Maranata!

JDE

Eske w se yon kretyen tout bon vre?


Mwen gen yon zanmi m ki te pase 4 lane ap etidye yon syans. Li te pase anpil mizè, nan peye kòb machin, manje, achte liv e fè kopi. Li rive peye gradyasyon byen chè, poutan aprè, li pa janm travay sou sa li aprann nan, men li pote non syans la.
Levanjil pa yon syans nou etidye nan Inivèsite pou n sove, men nou ka pran sam sot di a pou egzanp. Gen anpil moun ki pase plizyè lane legliz, swa aprè yo fin konvèti, batize oswa sèvi antanke djyak, prezidan jenès, pastè, pou m site sa yo sèlman. Men jan yap viv pa pwouve yo te menm fè yon semèn.
Eske yon kretyen se yon moun ki konvèti, batize epi kap mache legliz? Si se sa, gen anpil kretyen. E si malgre m fin konvèti, batize e mache legliz chak dimanch, mwen pa viv selon sa map tande yo, eske m se kretyen? Si non, pa gen anpil kretyen. Antouka, se mwen menm avèk ou kap li tèks sa a ki konnen si nou se kretyen paske konsyans nou se premye jij nou. Se li ki kondane oswa padone nou lè n fin fè yon zak.
Anpil nan nou panse, byen ke nou konnen se pa vre, konvèti, batize, peye ladim, al nan jèn, patisipe nan tout aktivite legliz se yon garanti pou sali nou. An reyalite, li ta dwe sa paske se pa vye aksyon yo ye men eske salut a rezime nan aksyon sa yo sèlman? Eske yon sèl move aksyon pa ka kraze tout bèl jès sa yo? Pa egzanp, mwen fè tout sa yo, pandan map pratike dezòd lachè (an kachèt). Ou panse bèl jès mwen yo ap fè Bondye sove m?
Nan 1 Korent 6.9-10, Galat 5.19-21, apot Pòl fè konnen moun kap pratike oswa viv nan dezòd lachè, pap antre nan wayòm Bondye a. Kisa ki dezòd lachè a menm?
Dezòd lachè a se yon ekspresyon kreyòl ki tradwi "impudicité" yon mo fransè ki vle di: absence de retenue, défaut provocateur de la réserve qui préserve le secret. Se tout sa ki se "immoral, obscénité, inconvenance, impudeur, grossièreté". Se yon seri pratik ki fè n ap devlope, montre, pratike sa n te dwe kite pou nou, swa ak madanm/mari nou oswa Bondye. Kretyen pa bèt ni wobo, li gen santiman, li gen anvi tou e li ka fè sa ki pa bon men li reziste pou anvi sa yo pa domine l.
Kòman w santi w lè fin pran sentsèn, tande yon prèch, li yon vèsè, priye epi se ou ankò ki pral fè sa ki pa dwat la? Eske sa pa montre w se yon kretyen fè wè pwiske sa w di se pa sa w pa fè, saw tande se pa sa w kwè?
Yon kretyen pa kretyen sèlman lè l nan yon pozisyon tout moun ka wè, tankou sou chè, nan mikwo (legliz, radyo, televizyon, kwazad, plenè), nan sèvis evanjelizasyon, sou rezo sosyo yo...Si se sa ki pou ta fè moun kretyen, chaje kretyen. Men yon kretyen se dabò, yon moun ki repanti de vye zak li. Answit, yon pitit Bondye ki konnen je Bondye sou li tout kote, jan sa ekri nan Ebre 4.13: Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li. Nou tout gen pou rann li kont.
Sou pawòl sa a, nou ka di kretyen an se moun kap chache viv pou fè Bondye plezi (Efezyen 5.11). Menmsi moun pa wè l, li konnen je Bondye ap gade l. Nap viv nan yon epòk kote moun sou blòf. Gras ak foto telefòn bay tout moun aksè, vin jwenn Facebook ak Whatsapp kap fè piblisite gratis pou sa, nou ta di genlè moun ki pa gen telefòn pa kretyen. Sinon, eskew panse poste vèsè, imaj, videyo, pataje mesaj ak tout zanmiw sifi pou fè w kretyen. Si se sa, chaje kretyen.
Mwen pa ekri tèks sa a pou m jijew mal (1 korent 5.12-13), men pou deranje w si w te santi w konfòtab nan pratike dezòd lachè. Deranje w nan wout ou ye a pou w konnen Kris ka retounen sanzatann e jwenn ou nan move eta pap nan avantaj ou. Poukisa mwen menm avèk ou oblije ap gaspiye tan nou, enèji nou, kòb nou, entèlijans nou, rad nou, talan nou, relasyon nou nan di nou se kretyen alòske anndan kè nou, nou konnen se pa vre?
Map fini ak ti koze sa a. Lè yo kenbe yon vòlè yap kale l, li pran kou nan men moun serye ak vòlè parèy li tou, swa paske l kreten swa pou vòlè ki bat li a ka fè yo wè l se moun serye. Men jou ale, jou vini, sil pa kite, yap kenbe l.
Ann pratike levanjil la pou n fè Bondye plezi nan bon kou nan move tan, lè yo wè nou lè yo pa wè nou paske se Bondye kap jije nou, e li wè tout sa nou fè.

Jérôme Dorsonne Emerson

mercredi 15 février 2017

Nous sommes tous importants


L'homme que tu trouves sot, imbécile et nul parce qu'il n'est jamais allé à l'école est plus intelligent que toi lorsqu'il s'agit de te transporter en bus à une distance de dizaines de kilomètres. Tu dors, tu ris, tu blagues sans jamais penser à l'accident. Ta vie intellectuelle est entre les mains d'un imbécile.
La femme que tu n'as pas voulu épouser est maintenant ta cuisinière. Ses repas sont tellement succulents que tu ne veux pas la renvoyer. Elle prend soin de tes enfants quand tu n'es pas là. Elle repasse tes habits et fait ton lit à la place de ton épouse.
Tu aimes presque tout ce que tu ne peux pas faire: le riz, la patate, la pomme, la cerise. A quelle université le gérant qui tient les clés de ta jolie maison a-t-il étudié? Elle t'a coûté une fortune mais tu la confies à un homme pauvre.
L'homme qui a réparé ton pneu crevé est-il un mécanicien? Non, mais sans lui qui est exposé sous le soleil, tu raterais ce rendez-vous si important pour ton entreprise.
Tu as passé toute ta vie à jouir de tes richesses. Tu as même oublié si la mort existait. Tu voyageais en avion, en bateau et dans tes voitures luxueuses. Tu visitais plusieurs pays et rencontrais des personnalités de marque mais le jour de tes funérailles, tu te trouves seul entre quatre planches.
Mon frère, ma sœur, mon ami(e), nous sommes tous importants. Vivons la vie dans sa simplicité!
JDE


Réponse de Madame Martine Moïse a Mme Michèle Bennett Duvalier

Je publie ci-après la réponse de la Première Dame de la République, Madame Martine Moïse, a ma lettre du 8 Février dernier.
---------------------------------------------
Mme Martine Moïse
Première Dame de la République d’Haïti-.
Palais National, Port-au-Prince, Haïti
À
Mme Michèle Bennett Duvalier
Ancienne Première Dame de la République d’Haïti-.
Chère Michèle,
Je suis particulièrement touchée par vos lignes et vos conseils. Certainement, comme vous l’avez souligné il n’y a pas d’école d’apprentissage de la fonction de Première Dame. Nous devenons des apprenants au moment même où nos maris accèdent à la magistrature suprême de l’État.
J’apprécie vos sincères remarques sur ma physionomie et mon apparence le jour de l’investiture du Président de la République. Je tiens à vous rassurer que par l’idéologie qui anime le Président Jovenel Moïse et moi, je serai la Première Dame de tous nos frères et sœurs haïtiens sans distinction. Je continuerai sans relâche, comme je l’ai fait depuis plus de 20ans et surtout au cours des 22 mois écoulés, à être le support indéfectible de notre Président Jovenel Moïse dans toutes les circonstances.

Chère Michèle,
Cela me chagrine beaucoup que vous ayez à subir ce comportement indigne de certains secteurs de notre société au moment où vous deveniez Première Dame. En ce qui me concerne, je suis une personne qui croit en ces valeurs morales et éthiques qui constituent les racines de la société Haïtienne. Lesquelles valeurs qui font de nous des personnes responsables, animées d’un désir profond d’aider à l'épanouissement de nos citoyens et citoyennes. Parallèlement, on ne peut parler d’une société parfaite et équilibrée. La responsabilité nous incombe donc de renforcer les structures étatiques existantes, ce qui nous permettra d’empêcher l'effritement des valeurs humaines; désherber ces techniques de destruction de caractère de la personne afin que quiconque, n’en soit plus victime. Le devoir a fait appel à moi en tant que première Dame de la République. Soyez en rassurée Mme Duvalier que, de concert avec le Président de la République, en toute transparence, le pays arrivera à bon port grâce au respect des lois et les principes républicaines.
Chère Michèle, mon mari et moi avons pour devoir de prêter une oreille attentive à la population pour agir en fonction de leur besoin afin d’améliorer leur condition de vie. Notre mission c'est de nous assurer qu'il n'existe aucune barrière entre nos compatriotes qu’ils soient de la capitale ou de nos villes de province. Pour ce faire, le Président de la République ne tolèrera aucune injustice, il aura pour boussole la constitution et les lois de la République.
Madame Duvalier, encore une fois, je vous remercie pour vos bons conseils et votre franc parler. Je vous promets, qu’au cours des cinq (5) prochaines années, il y aura une nette amélioration en ce qui a trait aux différents problèmes que confronte la population haïtienne. Mon mari et moi, allons travailler de façon à soigner davantage l’image du pays. Nous allons mener également des combats socio-économiques afin de remettre notre chère Haïti sur les rails du développement durable au nom de la démocratie instaurée depuis plus de trente ans en Haïti.
Que Dieu vous Bénisse!!!
Que Dieu bénisse Haïti!!!
Martine Moïse
Première Dame de la République d'Haïti.
Le 14 Février 2017

lundi 13 février 2017

La plus grande revolution, selon Antoine Jethro

Se défaire de toute une vie est la plus grande révolution qui puisse exister, à mon avis bien sûr! Se révolter contre ses anciennes mœurs, ses anciennes pratiques et habitudes au regard d'une collectivité qui se fait juge, est parfois la plus grande et la plus dure des entreprises de l'homme. Pour ce faire, il fallait affronter les titans intérieurs, les orages de consciences rebelles et réticentes qui assombrissent l'arrivé de la nouvelle vie.

Il ne faut jamais avoir peur si on veut faire quelque chose pour soi-même dans la vie. On se transforme en fourvoyé aux regards moqueurs et égoïstes des autres. Il faut savoir déterminer ce qu'on veut réellement: rester soi-même en choisissant sa propre voie ou emprunter celle des autres par crainte d'être ridiculisé. Il faut apprendre à perdre ses amis pour tracer parfois sa propre voie; apprendre à déguster notre solitude quand tout le monde cherche un toison d'or qui n'est pas sur la carte de nos priorités.

La vie est trop courte, trop précaire, trop précieuse pour ne pas la vivre pour soi-même ou pour la regarder échouer comme une vieille barque en ne la vivant que pour les autres. Ce n'est pas de l'individualisme, mais de l'individualité, de l'affirmation et du surgissement de l'individu au sein d'une collectivité étouffante et exigeante. On doit vivre en communauté sans jamais perdre sa personnalité. Sinon, l'homme n'est qu'un grain de sable égaré au milieu de l'océan.

Moi, je veux assumer mon individualité sans jamais avoir honte et peur de l'opinion commune. Cette dernière qui parfois est une couronne de plomb sur la tête de l'oiseau, lui empêchant de prendre son envol pour visiter d'autres horizons. Et vous?

Antoine Jethro

Eske jalouzi se prèv yon vrè renmen?


Yo toujou di depi yon moun renmen w tout bon vre, lap fè jalouzi pou ou. Konsa, jalouzi ta sanble yon prèv ke menaj ou renmen w. Eske se vre?
Dabò, kisa jalouzi a ye? Gen de fason yo defini jalouzi.
1. Santiman ki fè yon moun regrèt sa yon lòt posede, tankou richès, siksè, laglwa. ..
2. Santiman ki fè yon moun pè pou moun li renmen an pa prefere yon lòt moun, oswa twonpe l ak moun sa.
Sijè nou an chita sou dezyèm nan.
Yon vrè renmen se rezilta konfyans. 
Konfyans se rezilta konesans. 
Konesans se rezilta dyalòg. 
Dapre François La Rochefoucauld (1613-1680) : La jalousie se nourrit dans les doutes et elle devient fureur, ou elle finit, sitôt qu'on passe du doute à la certitude.
Trè souvan, se mank konfyans ki fè yon moun fè jalouzi. Li toujou panse menaj li ka twonpe l. Se sak fè gen moun ki pa dakò menaj li soti san l pa konnen oswa al viv lwen. Kay nèg ki jalou se prizon pou madanm li. Li ta prefere met lemond anndan an poul pa soti.
Konsa tou, gen jalouzi ki byen fonde. Pa egzanp, eskew gade fim Proposition indécente lan, kote yon nèg rich lwe yon fanm nan men mari l pou 1 milyon dola. Misye te fin dakò men apre l te vle mouri. Dèfwa, gason an fè jalouzi lè l konnen zanmi menaj li se jilèt. Fi a ka fè l tou, lè l konnen fi ki anfas menaj li a ka pran l.
Gen anviwon 5 fason yon jalouzi ka manifeste:
1. Nan silans
Moun sa a jalou men li pap diw sa. Gen plizyè danje ak tip de jalouzi sa a. Premyeman, silans la konn fèl soufri jis li vin malad, lap megri e sil pa kapab ankò, li ka kraze relasyon an oswa fè mechanste. Pou evite dega sa yo, ou dwe chache konnen rezon silans sa a. Sinon, ou ka viktim lèw pa kwè.
2. Nan fè zen
Bon, lè yon fi kabrouya, tèktèk, cholin, epi l jalou, se tèt chaje. Zen ka met pye fasil. Se pa tout gason kap fè zen men li pi fasil pou fi a kite gason ki renmen zen ke gason an kite fi ki renmen zen. Rezon an senp: fi pa renmen gason kap fè jalou sòt. Gen gason tou ki pè fi zenyèz, yo lage cha depi jalouzi mete pye. Marcel Proust(1871-1922) te di: On trouve innocent de désirer et atroce que l'autre désire. Siw jalou paske yon lòt moun ap koutize menaj ou, gad pouw wè siw pa konn fèl tou. Pase m tap pase....
3. Kite detanzantan
Chak fwa gen yon sèn jalouzi, gen fache e fache souvan mennen kite. Men depi gen bon renmen, ap gen rekonsilyasyon. Konsa tou, sa konn serye epi relasyon kraze nèt.
4. Li ka rann resipwosite
Gen moun ki konn fè menaj li fè jalouzi pou l remèt kou, men se pa janm yon bon lide. Imajinew moun ou sèvi a te renmen w e menaj ou a te sispèk li avèw. Ebyen w tou montre sa l te panse a se verite. Answit, gen posiblite pou moun sa a pwofite fè w bagay ou ka regrèt aprè, sitou siw te fè yon jalouzi san rezon. Siw oblije remèt yon moun kou jalouzi, konnen w pi pa reflechi paske tout moun pa reyaji menm jan. Li tap pi bon pou w mete l atè tou dousman.
5. Nan mechanste
Wiliam Shakespeare, yon powèt e dramatij anglè (1564-1616) ki se otè youn nan pi gran èv literati inivèsèl, te di sou jalouzi: C'est un monstre engendré de lui-même, né de lui-même. Vrèman, jalouzi se yon santiman ki ka rann yon moun mechan paske menm jan gen moun kap tiye lòt pou sa l posede, gen menaj ki ka fè krim pou moun li renmen, men sa toujou fini mal paske nan oken ka, ou pa dwe tiye.
Dapre tout sa nou sot di la yo, èske jalouzi se prèv yon vrè renmen? Wi, paske souvan, moun ki jalou a pa ta renmen pèdi menaj li. Nan yon sans, jalouzi konn pwoteje relasyon an, si gen dyalòg.
Non, jalouzi pa yon prèv renmen si moun ki jalou a enfidèl. Pawòl la di: Pa fè moun saw pa ta renmen yo fèw.
Men kèk remèd pou moun ki jalou
1. Pa chache konnen siw vle viv anpè, 
2.
Siw konnen, olyew fè zen ak mechanste, kite moun lan anrepo. Sil chanje, retounen. 
3. Pa diskite sou plas lè menaj ou fè w fè jalouzi.
Tann yon okazyon byen chwazi pou w ka esplike l saw pa renmen 
4.
Renmen ak moun ou konnen, chache konnen moun ou renmen.
Pawòl yo anpil, men lavi à senp!

JDE

Chak jou ka espesyal


Jodi a, ekri oubyen rele moun ou renmen anpil la pouw fè l konn sa oswa pou w raple l de sa, paske aprè lanmò ou pap kapab.
Mete rad ou santi ki fèw pi fre a, bagay pye kap fèw pi chèlbè a, paske nan sèkèy la, ou pral ak yon sèl.
Fè oswa achte manje ou pi renmen an, bwè ji ki pi gou nan bouch ou a paske chaje maladi ki bay bouch gou anmè.
Lonje men bay sila ki nan nesesite yo pandan w gen kòb la, pa kite sa pou demen paske gen byen w fè ki ka epanye kèk malè.

Chak jou ka espesyal pou ou
Sa depan de dispozisyon kèw