vendredi 2 juin 2017

KI KOTE EDIKASYON SEKSYÈL LA DWE FÈT ?



Edikasyon seksyèl la dwe fèt kat kote sa yo :

1.    Nan fwaye yo
2.    Nan lekòl yo
3.    Nan legliz yo
4.    Nan medya yo

Chak kote sa yo gen dwa pa wè seksyalite a menm jan, men sa pap anpeche li fèt paske yo chak gen yon bagay pou di sou li kap enpòtan pou konnen.

1.    Nan fwaye yo

Paran yo dwe fè edikasyon seksyèl timoun yo depi nan laj piti avan yo defòme vrè sans sèks la. Pa gen moun ki pi byen plase ke yo pou pale ak timoun yo avèk afeksyon gras ak relasyon sere kole yo genyen nan kay la. Daprè yon etid  ameriken ki te fèt bò kote timoun 13 a 16 lane, yo te jwenn majorite manman yo e prèske tout papa yo pat byen kominike ak pitit fi yo. Manman yo pi alèz ak tifi yo e papa yo alèz ak pitit gason yo. Men gen paran ki santi yo pa gen ase kouraj pou fè edikasyon seksyèl pitit yo parapò ak sa k ap di nan medya yo ki sanble plis enfliyanse timoun yo. Sitou, nan zafè televizyon, yo pase tout kalite fim gran lajounen. Rezo sosyal yo menm, se pa pale. Nou pa ka bliye machin ak moto k ap pase mizik imoral pandan se timoun yap mennen lekòl. Kilès ki rele aba!?

Si paran an pa pale ak pitit li, se lòt zanmi kap fè sa, e lè sa a, pitit la pap gen konfyans nan li ankò. Dèfwa, paran an prefere joure li olye li fè moral li e konseye li. Li pa dakò pitit fi li pale ak ti gason, poutan li pa janm eksplike l rezon an. Lè sa pase konsa, pitit la p ap janm rapòte li sa zanmi l yo te di, e li ka fasil pou li fè sa yo di l fè. Edikasyon seksyèl nan fanmi an fè pitit la vin bon zanmi paran li. Li p ap kenbe li sekrè sou moun k ap frekante li.

2.    Nan lekòl yo

Lekòl yo gen misyon pou fè edikasyon seksyèl elèv yo paske se enstitisyon ki la pou prepare jèn yo pou yon vi seksyèl responsab nan sosyete a. Se la timoun yo pase plis tan, se la yo youn rankontre lòt e se la tou anpil jèn kòmanse fè eksperyans nan renmen. Si edikasyon seksyèl yo pa fèt, yo ka menm rive pèdi etid yo nan mitan ane a akoz gwosès twò bonè. Nou pa ka konte konbyen pwofesyonèl nou pèdi deja nan sitiyasyon sa a. Se pa sèlman kou chimi, matematik ak syans sosyal pou yo fè. Se moun y ap prepare pou demen yon peyi, yo bezwen bon jan fòmasyon sou fason yo pral mennen lavi yo lè yo renmen e marye. Edikasyon seksyèl nan lekòl la ka sove yon timoun ki pa jwenn bon enstriksyon lakay li. Li pase plis tan lakay li nan fè lòt aktivite men li pase plis tan ap aprann nan lekòl la. Timoun ki ale lekòl renmen tande twa kalite moun : paran, pwofesè ak pastè. Si edikasyon seksyèl la pa fèt nan fwaye a, lekòl la ka sove l, e si lekòl la pa fè li, legliz la ka sove l.

3.    Nan legliz yo

Legliz la se dènye kote yon moun ka aprann anpil bagay, menmsi li pa ta frekante lekòl oswa inivèsite. Se la tout kalite moun pale san egzije lajan. Doktè, avoka, enjenyè ak plizyè lòt kad konn bay konferans la. Aprè lakay, lekòl, legliz la okipe pi gran plas nan lavi yon moun k ap aprann paske moun pa janm fin konnen. Menmsi ou te fin lekòl klasik, ou pase nan gwo pòs leta, depi ou se kretyen oubyen ou konn ale legliz, w ap vin chita la pou w tande moun ap pale e ou p ap janm fin satisfè. Se sa ki fè, menmsi yon moun te pase yon vye jenès, li ka reprann vrè sans lavi li legliz. Si legliz la pa entèrese ak edikasyon seksyèl, se jèn yo koulye a ki pral fè efò pou yo kenbe tèt yo. Se pa fasil ditou pou youn rive kenbe tèt li devan anvi fè sèks si li pa t jwenn paran li, yon pwofesè oswa yon pastè pale li sou byenfè ak danje ki gen nan sa. Li posib pou l jwenn yon zanmi, men se difisil, sitou nan ka yon fi. Youn nan bèl diferans ki genyen ant legliz ak lekòl se nan dire aprantisaj yo. Depi w fini lekòl, ou pa bezwen tounen ankò tandike w te mèt fè tout gwo etid (teolojik), w ap toujou bezwen tounen legliz la. Sa fè si responsab legliz yo fè edikasyon seksyèl, yon moun ki pat janm konnen enpòtans li ka rive konprann e sove omwen yon vi.

4.    Nan medya yo

Medya yo ( radyo, televizyon e jounal)  gen responsablite yo nan edikasyon seksyèl jèn yo.  Malerezman, anpil nan yo plis konplis nan konsekans mank edikasyon seksyèl la. Yo pase tout kalite fim gwo midi, plizyè estasyon radyo yo pase mizik imoral k ap defòme tikras konesans jèn yo te resevwa. Sa ki pa fè l yo tèlman piti ke yo pa ka fè gwo enpak. Medya yo gen gwo enfliyans sou moun k ap tande enfòmasyon ak opinyon. Yon enfòmasyon k ap sikile nan tout medya yo entèrese tout moun. Konsa, si animatè yo, prezantè oubyen jounalis yo te sipòte edikasyon seksyèl la, jenès la pa t ap fin deprave konsa. Nou tout ka dakò ak sa ki sot di la yo men si pèsonn pa fè anyen, jenès la ap toujou nan pale bèl koze men p ap gen pwogrè. Premye moun ki dwe kòmanse a se ou menm.
Eske w se yon jèn? Mete konsèy yo an aplikasyon. Ou se yon paran? Pran responsablite w. Eske w se yon pwofesè oswa yon direktè ? Kòmanse mete men pou chanje sa. Ou se yon pastè, yon prezidan jenès legliz ? Kòmanse sansiblize jèn yo jodi a sou enpòtans edikasyon seksyèl la. 

Jerome Dorsonne Emerson

Yon ti koze sou edikasyon seksyel

Konesans chita nan liv. Sa fè nou pa oblije vwayaje pou nou aprann e konprann kòman lemond ap bouje. La a, sou yon ti chèz, lakay ou, nan bibliyotèk la, sou do kay la, sou plas la, nenpòt kote ki pa gen bri, ou ka ouvè yon liv pou w li.

Liv se yon zanmi ki pa janm entèwonp ou lè w ap pale avè l. Ou ka mache ak li kote w vle. Ou ka pote l nan valiz ou, nan pòch pantalon ou oubyen nan pòch chemiz ou. Si w depoze li nan plas li sou etajè a, li p ap janm deplase pou tèlman li respekte w. Depi se bon zanmi l ou ye, w ap konnen fasil lè yo pran l menmsi l pa pale.

Gras ak liv, ou ka di sa ou vle san pale. Pawòl ou rive kote w p ap janm konnen, li tonbe anba je moun ki p ap janm pran tan pou koute w k ap pale. Liv ka met lajwa nan tristès ou, bonè nan malè ou, lespwa nan dezespwa ou, e li ka klere chemen ou. Li se yon zouti pou kominike, edike, transfòme yon sosyete ki kwè nan bon jan prensip ak disiplin pou devlope mantal.

Nou, Jeunesse et Lecture, gen plis pase 6 lane depi n ap travay pou sa, goumen pou sa. Nou kwè nan sa e nou konnen yon jou n ap viv sa, paske menmsi tout moun ta fè silans, liv p ap janm sispann pale.
Jérôme Dorsonne Emerson

14 me 2016, Lyankou

Avan gou: http://laboussoleartibonite.blogspot.com/2017/06/ki-kote-edikasyon-seksyel-la-dwe-fet.html


Lis liv (livrets) Jerome Dorsonne Emerson ekri deja, depi 2003


1.    Zèl nanm (2017)
2.    18 me nan Mowo Dwèt (2017)
3.    Eske fònikasyon ka anpeche m sove (2017)
4.    Yon ti koze sou evanjelizasyon 
5.    Yon ti koze sou edikasyon seksyèl (2016)
6.    Les causes et les conséquences de l’adultère (2017)
7.    Ce qu’il faut savoir avant de se marier (2016)
8.    Les causes et les conséquences de la fornication (2016)
9.    Les causes et les conséquences du mariage précoce (2015)
10.  Pastè a tonbe damou (2015)
11.  Radyografi evanjelizasyon an
12.  Evanjelize pou kont ou….
13.  Konesans pou grandi nan lafwa (2014)
14.  Bon konsèy sou renmen
15.  Ann al chache nanm pou Kris, # 2
16.  Ann al chache nanm pou Kris, #1
17.  25 Kesyon/Repons sou renmen (2012)
18.  10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen
19.  Revè lanmou (2012)
20.  Les dangers des rapports sexuels avant le mariage(2012)
21.  Seigneur, j’ai besoin d’un/e homme/femme
22.  Alphabet du vrai amour (2012)
23.  Papa’m pa vle’m renmen(2012)
24.  Si m te ka rekòmanse, #3
25.  Sim te ka rekòmanse, #2 (2012)
26.  Si manman m te konnen (2012)
27.  Sim te ka rekòmanse, #1 (2011)
28.  Pastè, mwen ansent!(2010)
29.  Au coeur d’une femme (2009)
30.  Belle Liancourtoise (2007)
31.  Je t’aime fanm Kreyòl (2007)
32.  Pages de mon coeur (2006)
33.  La Passion du Poète (2005)

34.  Kote Flè Pouse (2003)


Radyografi evanjelizasyon an

Radyografi evanjelizasyon an se yon analiz, yon deskripsyon egzat de evanjelizasyon an (kisa li ye?). Li se yon etid sistematik sou rezon evanjelizasyon an (poukisa?), sou moun kretyen an (kiyès?), sou moun ki bezwen tande levanjil la (kiyès ki bezwen tande levanjil la?), sou kote pou kretyen an evanjelize (ki kote?), sou fason pou kretyen an evanjelize (kòman?) e sou tan kretyen an genyen pou l evanjelize (kilè?).


Konsa, radyografi evanjelizasyon an baze sou 7 kesyon sa yo :

1.      Kisa evanjelizasyon an ye ?
2.      Poukisa kretyen an dwe evanjelize ?
3.      Kiyès ki ka evanjelize ?
4.      Kiyès pou kretyen an evanjelize ?
5.      Ki kote pou kretyen an evanjelize ?
6.      Kòman pou kretyen an evanjelize ?
7.      Kilè pou kretyen an evanjelize ?

Yon vrè kretyen, yon sèvitè responsab pa ka refize evanjelize lè li fin konprann etid sa sou radyografi evanjelizasyon an.

JDE

 Avan gou

I.                  Poukisa kretyen an dwe EVANJELIZE?
                                                                                                                                                            
Se sèten si ou pa konn valè yon bagay, li pap gen enpòtans pou ou. Premye rezon ki ta dwe fè yon vrè kretyen evanjelize, se paske se gras ak li li te konvèti. Gen lòt rezon ankò si nou byen reflechi sou yo, nap dekouvri koz ki fè evanjelizasyon an neglije konsa, e nap gen plis anvi chak jou pou n fè l.

1.      Evanjelize se yon lòd 

Si ou konprann kisa dezòd ye, w ap konprann kisa yon lòd ye pi byen.  Jezi pa t jis bay disip yo lòd pou evanjelize, li te fè yo konnen rezon an (Mak 16.16). Gen yon jou li gen pou jije tout moun ki te mouri e ki pat kwè nan Li. Anplis de sa, Jezi te bay disip yo otorite (Mak 16.17) e li te pwomèt yo prezans li   jiskaske tout bagay fini (Matye 28.20b). Angwo, nou wè Lòd, Otorite, Pwoteksyon oswa akonpayman. Sa fè nou konprann kretyen ki pa vle evanjelize a pa sèlman meprize lòd Jezi, men li pa kwè nan otorite li resevwa – sil ta resevwa l deja – ak pwoteksyon Jezi.

Pa evanjelize se dezobeyisans – sitou si kretyen gen kapasite pou fè sa – e tout dezobeyisans se peche (1 Jan 3.4). Evanjelizasyon an se yon lòd, tout kretyen dwe fèl.  Jak di: « Moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè peche » (Jak 4.17). Souvan nou plis kritike moun kap fè sa ki pa bon, men nou pa wè peche nap fè tou. Si evanjelizasyon an la pou sove moun ki pa kwè nan Bondye, se yon byen li ye.  Bib la pa manke ankouraje nou fè sa ki byen.


2.      Evanjelize se yon privilèj

Evanjelize se yon privilèj paske antanke pechè, ou pa ta dwe ap travay pou yon Bondye ki Sen. Bondye gen pouvwa pou li fè travay li san èd moun. Dayè, li pat mande lòm pyès konsèy pou li te fè syèl ak tè a. Anplis, lòm pat ko menm egziste lè Bondye tap kreye tout bagay. Lòm vin jwenn tout bagay nan plas yo (Jenèz 1-2). Nan Jenèz 2.26, Bib la di : « Ann fè moun ». Se jis aprè Bondye te fin kreye tout bagay ke li te di sa. Li te voye pwòp Pitit li vin mouri pou lòm. Malgre sa, Pitit la te di : « Papa, padone yo. Yo pa konnen sa y’ap fè » (Lik 23.34) Se vre yo pat konprann paske pi devan anpil ladan yo ta pral rekonèt peche yo (Travay 2.36).

Evanjelize se yon privilèj, paske Bondye chwazi nou malgre peche nou. Refize evanjelize, se meprize yon si gran privilèj. Eske w pa tap kontan si yon prezidan oswa yon nonm rich ta pran w kòm delege pou rekonsilye li ak ènmi li yo ? Menm jan an, fòk ou kontan tou dèske ou se delege nan rekonsilyasyon Bondye ak lemond (Women 5.11;11.15).


3.      Evanjelizasyon an enpòtan 

Evanjelizasyon an enpòtan paske se yon mwayen ke Bondye itilize pou revele plan li ak tout moun (Travay 2.14-3). Li se youn nan prèv ke Bondye renmen lòm anpil. Li te ka chwazi kite nou viv jan nou vle san avize nou de sa ki pral rive aprè lanmò. Lè sa a, nou te ka wè l mal. Men li fè nou konnen sa ki pral rive nan dènye tan yo (Matye 24), yon fason pou nou pa di nou pat konnen. Jezi te di : « Mwen di nou sa davans » (Matye 24.25). Si premye disip yo te dezobeyi, nou pa tap sove jodi a. Ebyen, se sa ki rive tou lè nou pa vle ale nan tout ti kwen kote moun pa rive fasil yo pou n simen pawòl la. Evanjelizasyon an enpòtan paske lap fè pechè a delivre anba pouvwa peche, e konsa, lap evite lanfè. Yon zanmi Doktè Lyman Beecher te mande li yon jou : « Doktè, ki pi bèl bagay ki genyen nan lemond?” Li reponn: “Se pa teoloji, ni se pa diskisyon san sans, men se chache nanm pou Kris ». Deklarasyon sa pa diferan de sa Jezi di : « Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemond antye si’l pèdi lavi li ? » (Matye 16.26). Se donk enpòtan.


4.      Evanjelizasyon an se yon ijans

Evanjelizasyon an pa sèlman enpòtan, men  li mande prese prese paske pyès moun pap ka repanti aprè lanmò (Revelasyon 20.12-15), tandike tout moun gen pou mouri (Women 6.23). Pou sa, evanjelize se yon ijans. Neglije fè li, se bay Satan avantaj pou l gen plis moun. Ijans evanjelizasyon an dwe fè nou reflechi e aji rapid pou li pa twò ta pou enkredil yo.

5.      Rekòt la anpil

Rekòt la nan Matye 9.37 la se foul moun yo. Nan tan pa nou koulye a, se tout moun yo ki deyò a, tankou : moun nan bann rara, nan kanaval, nan regenay ; moun kap sèvi dyab,  vann kò yo e pran tout kalite plezi. Chak lè ou remake yon foul moun kap rejwi nan plezi mond sa a, konnen ke ou dwe aji paske ou la pou ramase rekòt la pou Kris.

6.      Manke travayè

Travayè yo nan rekòt la se disip Kris yo. An reyalite, lè Jezi te di sa a, pat ko gen anpil disip (Matye 9.38). Men depi nan Fèt Pannkot la, rekòt la te kòmanse. Apot yo te rekòlte 3mil nanm pou Kris. Jodi a, nap mande èske se paske moun ki Legliz yo pa disip Kris ki fè yo pa vle evanjelize. Avan Jezi te voye disip yo, li te chwazi yo (Jan 15.16) e fòme yo (Matye 4.19). Malgre anpil kretyen konnen ke se Bondye ki te chwazi yo, yo pa sispann refize evanjelize. Eske se paske yo poko gen fòmasyon pou sa ? Si wi, poukisa yo pa jwenn e kilès ki la pou fè sa? Sinon, twazyèm lòd nan misyon an pa respekte : « Montre yo pou yo obsève tout sa mwen te ban nou lòd fè » (Matye 28.20a).

Lè yon moun fin konvèti, li batize, li pa fin kretyen pou sa. De premye lòd yo pèsonèl paske se moun lan ki pou deside kwè, epi resevwa batèm. Men kanta pou anseye a, se devwa disip-anseyan yo ki pou fèl. Se sa ki fè, lè yon moun ki fin konvèti e batize, li pa fè anyen nan Legliz la, se yon pwoblèm.  Kòman yon moun fè angaje l pou swiv Kris e pou l pa gen oswa jwenn anyen pou fè? Sa plis sanble li pa angaje vre paske pa gen kwaze bra nan Legliz Kris la, tout manm yo se sèvitè, fòk yo sèvi Bondye.

Gen 3 dimansyon nan sèvis kretyen an:
1.      Sèvi Bondye (adorasyon)
2.      Sèvi manm Legliz la (edifikasyon)
3.      Sèvi lemond (evanjelizasyon)

Yon kretyen ki pap travay pa gen plas nan fanmi Kris la. Li tankou yon ti moun san papa oswa yon etranje.










Yon lot Ayit posib!

Ekri se yon melanj pasyon, emosyon, santiman, panse ki chita sou bout papye ki bay lespwa. Ekri ka ede moun chanje vi yo. Sa pèmèt anpil moun enspire pou ekri istwa pa yo, pou poze wòch pa yo nan fondasyon chanjman tèt yo, chanjman kominote yo, pou n pa di chanjman mond lan. Tout enpòtans ekri se nan lekti. Gen moun ki renmen ekri, gen lòt ki renmen fè lekti.

“Yon lòt Ayiti posib” se sa anpil ayisyen toujou ap repete, vrè patriyòt yo toujou kwè menm pitit pitit yo ap gen chans viv gran jou sa a. Anpil fwa nou panse sa men nou pa fè sa nou panse yo tounen angrè pou fè branch lespwa pouse, e grenn revolisyon mantal nou jèmen.

Nou di timoun jodi granmoun demen, men kisa n fè pou n ede yo? Si pa gen ankadreman, demen sa p ap janm miyò. Se nan lide sa a “Jeunesse et Lecture”, nan tèt kole ak direksyon Institution Mixte Pédagogique Léonard (Ecole Dabalor), te panche pou yo ankadre jèn elèv sa yo ki vle fè tande vwa yo paske yo kwè “Yon lòt Ayiti posib”.

Si timoun sa yo ki pa gen twòp eksperyans mete tout devouman pou yo chache konnen e reflechi sou pwoblèm sosyete a ap konfwonte, alewè pou moun k ap sibi reyalite a. Kidonk, se yon chans nou jwenn pou n tande yo e aplike sa yo di.

Si yo menm ki piti, yo chwazi fè gwo pa sa, nou menm ki devanse yo, fòk nou wè nesesite pou n fè plis toujou. Sa rete ak nou pou n ede yo, eseye analize sa yo ekri, antre nan panse yo epi aplike sa ki posib yo.

« Yon lòt Ayiti posib » si nou fè tout sa ki posib pou nou kenbe jenès la nan sa ki pozitif. Tout sa nou panse ka tounen reyalite. Si nou panse l, nou reve l, nou ka fè l.

Annou ede jèn yo wè Ayiti yo reve a posib !
Wi, yon lòt Ayiti posib !

Lubérisse Katicha
Powetès
Bibliyografi

Ko-otè rekèy Eclosion du Cœur 
Randevou ak lavi
Decouvrir le potentiel d'une femme


Avan gou


YON TI KONSYANS

Poukisa Ayiti pa ka grandi?
Eske se paske nou twò piti
Oubyen se pwoblèm peyi ?

Moun k ap travay pa janm satisfè
Ti malere ap redi pot chay nan mache anfè
Poutan se pou ogmante mizè

Leta di l ap mande èd nan peyi etranje
Poutan se zafè yo y ap regle
Peyi a pa janm vanse

Nou di nou gen endepandans
Epi lè n ap gade nou wè n sou depandans
Ayisyen, annou pran konsyans !

Li lè li tan pou n viv nan diyite
Pou lòt peyi sispann pase n anba pye
Se pou n respekte deviz nou ki baze sou linite


 Désulmé Ronaldinia, 8e A.F

PRAN DESTEN NOU AN MEN

Ayiti se yon peyi solèy
Kote ki gen anpil mèvèy
Yo vle kraze l tankou boutèy
Paske anpil nan nou gen gwo lògèy

Nou menm ayisyen
Pouki nou toujou ap goumen ?
Sa fè nou pa janm ka byen
Nou kite peyi a fin dechennen

Peyi nou bezwen chanjman
Tipa tipa, nou ka chanje chak depatman
Ayisyen, li lè li tan
Pou n ap mache sou wout devlopman


 Estiverne Rodberson, Segondè 1

EDIKASYON

Yon timoun ki pa jwenn bon edikasyon
Se kòmsi li fè maladi opresyon
An Ayiti, nou gen anpil tan n ap goumen
Nou pa jwenn moun pou lonje n lanmen

Elèv yo ap fè efò pou yo rive
Men anpil nan yo echwe
Edikasyon an Ayiti pa gen onètete
Se sa k fè anpil elèv ap viv nan egare

An nou bay edikasyon respè
Se li ki ka fè n viv nan lapè
Edikasyon bay timoun valè
E li ka fè n gen yon demen meyè


 Thélius Wetsmender, 7e A. F

AYITI KA CHANJE

Ayiti ka chanje
Paske se pa konsa l te ye
Sa pou nou chache
Se viv nan linite

Inite ka fè anpil bagay
Li ka ede n sot nan soufrans
Li ka met atè anpil gwo chay
Li ka fè n evite maltretans

Ayiti ka chanje si nou pran konsyans
Si moun k ap dirije l yo gen bon sans
Ann pa kite lòt peyi maltrete nou
Annou viv nan lanmou


 Joseph Mitchelson, 9e A.F