--------Refleksyon sou lavi kretyen an, nan dènye tan yo----------
Setyèm pati: dimanch 19 mas 2017
Sa wap fè antanke kretyen moun pa bezwen konbyen
Sèvi Bondye depann de 2 relasyon:
1. Relasyon vètikal= sèvis wap rann Bondye sèlman (adorasyon, lapriyè, louwanj)
2. Relasyon orizontal= sèvis wap rann lòt moun (edifikasyon, evanjelizasyon, bay, entèsesyon, ankourajman. ..)
2. Relasyon orizontal= sèvis wap rann lòt moun (edifikasyon, evanjelizasyon, bay, entèsesyon, ankourajman. ..)
Egzanp, si w toujou lapriyè, ou gen jou pou w jene, ou konn ede moun, ou pa bezwen fè piblisite pou sa ni atire rega sou ou pou yo ka wè ou se bon kretyen. Mache di ou konn priye anpil, ou jene anpil pa gade pèsonn sinon ou menm ak Bondye, paske se li ou priye. Pakont, ou ka ankouraje yon moun priye, jene men ou pa bezwen dil sa pou l pa chache fè konkirans avè w ni ak pèsonn. Lapriyè ak jèn pa konkirans, se mwayen poun kominike ak Bondye.
Koute sa Jezi te di: Matthieu, 6:6 - Mais quand tu pries, entre dans ta chambre, ferme ta porte, et prie ton Père qui est là dans le lieu secret; et ton Père, qui voit dans le secret, te le rendra. Sa w fè an sekrè moun pa bezwen konnen l. Se Bondye kap egzose priyè w, se pa lòm men lè priyè w egzose tout moun ap konnen.
Yon frè w te blese w, li vin mandew padon, ou padone l, pa mache di moun sa. Okontrè, di Bondye mèsi paske w pa anyen. Yon sè te vin mandew asistans, kit ou ede l kit ou pa ede l, pa mache fè moun konn sa paske antanke kretyen, ou dwe l sa. Siw pa genyen, Bondye wè. Siw ba li, lap wè tou.
Gen yon sèvitè ki gen yon pwoblèm kap trakase l, li vin mandew èd lapriyè, pa gade l mal, pa fè lari pou li, priye ak tout kè w pou w sipòte l, se sa lanmou Kris la mande: pi fò a dwe sipòte pi fèb la. Colossiens, 3:13 - Supportez-vous les uns les autres, et, si l`un a sujet de se plaindre de l`autre, pardonnez-vous réciproquement. De même que Christ vous a pardonné, pardonnez-vous aussi.
Ou te fè yon byen, se byen, Bondye wè l, epi sa fini. Ou ka fè 2zèd tan ap priye, 8tèd tan ap jene se byen men sa rete la. Mwen menm avèk bezwen sispann fè wè pou glwa Bondye ka manifeste. Annou efase nou, ann sispann montre se nou kap fè sesi sela, paske se zouti Bondye nou ye.
Li itilize nou pou l beni lòt moun, anseye lòt moun, konseye lòt moun, men nou pa fè anyen. Jan kantik la di, map travay pou Jezi nan vwayaj mwen, nap travay nenpòt kòman mwen ye. Ann travay pou Mèt nou san lespri fè wè, san ipokrizi. Ann bay selon kè nou, e kite sa pou nou ak Bondye.
Pa bliye sa:"Pa gen gwo ak ti travay nan levanjil, men Bondye itilize nou chak daprè kapasite nou."
Bondye beniw! !!!
Jérôme Dorsonne Emerson
Klike sou lyen sa a pouw li premye pati yo ak lòt tèks Jerome Dorsonne Emerson ekri yo: www.laboussoleartibonite.blogspot.com
Aucun commentaire:
Publier un commentaire