Ou wè frè w posede yon machin. Nan menm moman an, ou ta renmen gen yon machin tou. Ou priye Bondye pou l ba ou li, epi wap tann. Se pa lafwa, se tantasyon. ( Jak 1.13-15)
Egzamen yo rive, Kèk jou avan, ou pa vle etidye paske w kwè Bondye ap fèw reyisi. Se pa lafwa, se neglijans. (Galat 6.7)
Ou konnen ou dwe priye chak swa avan ou dòmi, men ou di Bondye ap pwotejew kanmenm. Se pa la fwa, se parès (1 Tesalonisyen 5.17)
Yo moun fè w yon bagay ki mal. Wap li Som epi wap priye pou malè rive li. Se pa lafwa, se vanjans. (Women 12.19).
Yon predikatè pwomèt ou ke Bondye ap beniw siw bay yon gwo ofrann. San ezite, ou obeyi. Se pa lafwa, se boukante. (Matye 6.8)
Lafwa depann de Bondye menmsi se esperans ou ak asirans ou(Ebre 11.1). Lafwa ou dwe chita sou pawòl Bondye (Women 12.6) e li dwe soumèt anba volonte li (Jak 4.15)
Aucun commentaire:
Publier un commentaire