lundi 20 mars 2017

N ap tann zel kat la (JDE)

Lamizè ap trase kata douvan pòt militan pandan lamanjay ap banbile nan lakou lidè. Fin redi gòje w rele viv, demen se ou ki aba, tèt anba, ou mouri san mouda.
Nou kole tèt pou n sonnen klòch delivrans nan syèl la pou lapli tonbe. Devèn pou nou, se nan sezon lesèk nou jwenn semans. Ala nou gen chans papa ak lamizè.
Nou te vann nwit, pwonmennen jouk bajou kase nan chache sous dlo Manwèl nan tè wòch. Yo bay kouraj nou yon palavire, detounen lespri nou nan bwè dlo klè chaje mikwòb pou n te ka konprann Kanaan anba je nou. Poutan, dezè nou te fenk tanmen.
Adje wi dan, nou lespwa, nou poto mitan, nou zetwal ki tap klere bèl sapat, nou sòlda ki tap bay sekirite, gad nan ki koulè gode yo bannou bwè dlo.
Lamizè ap trase kata douvan pòt militan pandan lamanjay ap banbile nan lakou lidè. Men gen yon zèl kat ki poko file, nou poko ka di nou pran donè.
JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire