lundi 9 janvier 2017
Ajanda Atelye Ribanbèl nan Vèrèt pou semèn 12 janvye 2017 la
Nan lide pou rann omaj ak tout bizawèl nou yo ki te mouri 12 janvye 2010 pase a, atelye Ribanbèl ap envite tout moun Ba-Latibinit nan yon kokennchenn aktivite kiltirèl k ap tanmen sòti 11 pou rive 13 janvye 2017 anba tèm sa a " Transformons-nous avec les mots".
Inisyativ sa a ap fèt nan objektif pou n salye memwa tout moun ki te mouri nan gwo tranblemanntè 12 janvye 2010 la epi tansfòme sosyete a ak filyè " MO" yo .
Men kouman sa ap ye pou twa jou sa yo:
A) 11 janvye 2017
5è nan apremidi : Konferans ak pwojeksyon foto nan Vèrèt
B) 12 janvye 2017
4trè nan apremidi: Mach senbolik nan memwa viktim yo. Mach sa ap sòti devan Sal Wayòm Temwen Jewova a pou al bout devan gran simityè Vèrèt.
Pou fini jounen an, ap gen yon bèl espektak k ap fèt a 6 zè nan apremidi nan CLAC Vèrèt la pou 250 goud.
C) 13 janvye 2017
10 zè nan maten: Teyat lari nan lakou Dechapèl.
Nan sans sa a, Ribanbèl envite tout moun alawonnadè, timoun jèn ak granmoun, pou vin patisipe nan bèl inisyativ sa a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte responsab yo nan 3162-8935.
Laboussole Artibonite
S'abonner à :
Publier des commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Publier un commentaire