mercredi 31 mai 2017

Sipòte « Jeunesse et Lecture » !


Se nan dat 18 desanm 2010, Jérôme Dorsonne Emerson, yon jèn ekriven, te kreye asosasyon « Jeunesse et Lecture » nan Lyankou (Latibonit) ak objektif pou fè pwomosyon pou aktivite ki konsène jèn ak liv. Avan sa, te gen plizyè gwoup ki te kòmanse travay sa a tankou CLUFOJEC / UJENHA / JFF nan tèt kole ak Bibliothèque Flanm Lespwa.

Se CLUFOJEC (Club des Formateurs des Jeunes Chrétiens) Jérôme t ap dirije ki te fonde revi LA BOUSSOLE nan mwa oktòb 2009. Jeunesse et Lecture pral pibliye l nan me 2015 (Volume II). Gen plizyè inisyativ Jeunesse et Lecture pran pou fè pwomosyon pou lekti deja, tankou piblikasyon Amour Plus, Guide Pratique de la Vie Chrétienne (pou legliz), Le Gagneur d’âmes (pou legliz). Nan mwa jiyè 2016 la, komite a te lanse CLAFIL (Club des Amis Fidèles de la Lecture) nan CLAC Vèrèt la pou ankouraje elèv lekòl yo li nan vakans.


Nan menm ane 2016 la, li te lanse yon atelye pou dekouvri ak ankadre jèn ki renmen ekri. Se atelye sa ki pral pèmèt plizyè tiliv soti : Eclosion du cœur (Edgard Sadaïna et Lubérisse Katicha) 29 oktòb 2016; Yon lòt Ayiti posib (18 elèv lekòl nan Dabalor) 18 novanm 2016, Ti koze pou grandi nan lespri (Constant Waldens) 1 me 2016, [Randevou ak lavi (Lubérisse Katicha) 8 jen 2016 ak Découvrir le potentiel d’une femme (Lubérisse Katicha), 15 jen 2016, Livres en folie.


Gen anpil lòt tiliv Jérôme Dorsonne Emerson ekri deja ak lòt ki nan preparasyon. Jeunesse et Lecture nan wout pou l vin yon edisyon kap gen pou objektif dekouvri e ankadre tout jèn k ap ekri, sitou nan lang kreyòl la. Tout jèn ki ta renmen pibliye nan Jeunesse et Lecture ka kontakte direksyon an nan (509) 3639-6642 / 39151619 oswa sou Facebook nan adrès La Boussole Artibonite.



Depi byen lontan, direksyon an te pran inisyativ pou vin pi prè jèn yo nan zòn pou pote tiliv yo ba yo nan ba pri. Nan dat 8 ak 9 jen 2016, se pral sizyèm edisyon  pwogram JEUNESSE ET LECTURE EXPO 6 nan komin Vèrèt. Pwogram sa a gen pou fèt nan plizyè zòn an Ayiti, kòmanse nan Latibonit.


Ou ka sipòte inisyativ sa nan kontribye pou jèn yo ka achte tiliv yo pi ba pri toujou. Pou plis enfòmasyon, kontakte direksyon an nan (509) 3639-6642 / 39151619 oswa sou Facebook nan adrès La Boussole Artibonite.
 Sa fè lontan, y ap di jèn yo pa renmen li, Jeunesse et Lecture dekouvri plizyè rezon ki lakoz sa. Ou ka li atik la ki pa twò long sou paj LES PUBLICATIONS DE JEUNESSE ET LECTURE.
Mèsi paske w kwè nan vizyon Jeunesse et Lecture a pou fè pwomosyon lang kreyòl la ak talan jèn ekriven yo.
Pou komite a :


Jérôme Dorsonne Emerson, Prezidan
Sénatus Louis James, Vis Prezidan
Lubérisse Katicha, Pòt Pawòl
Destinvil Medjina, Sekretè

Aucun commentaire:

Publier un commentaire