lundi 2 janvier 2017
Eske nou se Moun?(Oris Edrige)
Se avek yon ke boure ak Lapenn mwen ap swete jwayez fet lendepandans ak tout konpatriyot ayisyen mwen yo.
Zanset yo te batay pou ba nou libete nan yon konteks preske enposib kote yo rive mete do lame Napoléon Bonaparte a te. Chak premye janvye nou santi nou fye, apre sa nou bliye tout bagay.
Nou semante pou nou pa respekte la lwa,
Nou met ansanm avek etranje pou fin vole tout riches peyi a,
Nou we tet nou selman, chak koukou ap klere pou je yo,
Nou di piti pap vin anba gwo,
Nou di nou se krab,
Bondye bay tout moun entelijans pou pran inisyativ,
Bondye bay tout moun sevo pou reflechi epi chèche solisyon poblem yo ap konfwonte,
Aloske nou rete ap gade san fe anyen pou retire peyi nou nan sitiyasyon lagrabay li ye la a,
Eske nou se moun?
Oris Edrige
S'abonner à :
Publier des commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Publier un commentaire