Si lavi a pat gen eprèv
Ki valè siksè tap genyen?
Si lavi a pat gen echèk
Ki valè detèminasyon t ap genyen?
Si lavi a pat gen sipriz
Ki valè kado tap genyen?
Si lavi a pat gen layèn
Ki valè lanmou tap genyen?
Si lavi a pat gen fè nwa
Ki valè lajounen tap genyen?
Se poutèt sa, mwen konseye w
Ret konfyan nan eprèv yo
Toujou detèmine apre echèk yo
Pran pasyans paske Kris gen sipriz pou ou
Toujou renmen pouw konbat layèn
Lè l pi fè nwa, konnen solèy la pral leve.
#Lavi_a_senp
#Ann_viv_li
JDE
Aucun commentaire:
Publier un commentaire