Lavi a se yon lekòl, tout moun se direktè, pwofesè e elèv. Sa depan de sikonstans ou ye a.
Pou w viv anpè, li enpòtan pou w aprann idantifye chak sikonstans pou w ka konnen kòmanw dwe reyaji paske si w se elèv, w ap pran pòz pwofesèw, yap pimpew deyò lekòl la.
Pèsonn pa janm mèt pou tout tan. Lèw te fèt, yo te kenbe w, ba w tete e montre w tout sa w te bezwen aprann. Jodi a, sa w ka fè sou entènèt petèt manmanw pa ka oze l fè l. La a, ou se pwofesè e manman w se elèv.
Men pa bliye gen yon tan kap vini, wap tounen bb ankò paske w pral chita e kouche tout jounen lèw gran moun_si Bondye fèw gras!
Yon gason mèt te pi gwo milyadè nan lemond, devan pòt kay yon fanm li damou, li tankou yon timoun pòv kap mande nan lari.
Lè yo bare w nan vye zak, moun ou pat menm konsidere ka tounen pi gwo konseye pou ou. Lè sa a ou se elèv e se yon kou w te rate lekòl la ki fè w ka tonbe nan nivo sa.
Lavi a se yon lekòl san fen, san vakans, chaje klas e chak jou w gen leson pou w etidye, devwa pou w fè ak prensip pou w respekte. Souvan pwofesè pa ekselans la bòw egzamen san l pat diw prepare.
JDE
#Chanjman_an_depann_de_mwen
Aucun commentaire:
Publier un commentaire