dimanche 25 décembre 2016

Mwen grandi

Mwen grandi

Kounya mwen konprann
Mak dlo sou vizaj gen anpil enpòtans
Soufrans moral se pete fyèl
Ale wè soufrans fizik

Kounya m aprann
Eksperyans bay matirite
Lespwa kenbe moun vivan
Entelijans ede moun diminye pwoblèm

Kounya mwen kwè
Reyisit se pou sa ki gen pasyans
Paradi se pou sa ki kwè nan kris
Chanjman se pou sa ki devwe

Kounya mwen pap inyore
Pyès moun ki pa eklere
Petèt se limyè li pa jwenn sou chantye l
Oubyen li pat jwenn gid pou oryante l

Kounya mwen dakò
Viv byen
Se fè lapè ak tèt ou
San ou pa espere twòp de moun

Kounya Mwen admèt
Ou se pi move tèks m te ka ekri
Men ki pa sifi
Pou mete fen nan karyè m

Luberisse Katicha

Aucun commentaire:

Publier un commentaire