Ton nwèl
M pa nan plas pou m fèw lalwa
Men m ka eksplike w sa m vle genyen
Ou konnen byen kretyen ki marye
Paka divòse
Menm si marye se pou bon ak move
Men gen kout manchèt ki touche zo
M pa ka mande w chanje mari m
Men mwen ka eksplike w pou m degaje konsyans mwen
Mwen pa vle yon mari kap dòmi dèyè do m
Men lespri l anchennen kay plizyè lot fanm
M pa vle yon mouche gason
Pou m gen enpòtans selman nan kè l
Men nan aksyon se zewo tèt mare
M pa vle mare pye yon nonm
Lè minwi rive l paka fè piwèt
Pou l pran siwèt kalimèt
Pou l mete nan gagann mwen
Mwen vle yon mari ki pou konprann mwen
Mpa mande lanmou
Paske m gen ase pou nou 2
Se vre kri kè pam
Ka diferan de tout moun
Men mpa vle nan ipokrizi
Sa ka ede m pase yon pi bèl nwèl
@KATH
Landerson
RépondreEffacerPafèt
RépondreEffacer