samedi 31 décembre 2016

Jezi, zanmi ki pap janm lagew la (Emerson)

Pye w ap fe wout avew lap fèw mal apre yon distans

Moto ka kouri plis pase bekàn men nan wout jaden tankou nan Makay, se bekàn ki ka mennenw.

Machin lan se fini men li pa kouri sou dlo ni anlè, se sa k fè w bezwen bato, avyon, soumaren ak djèt. Poutan youn pa ka kouri sou latè.

Nou pa bezwen pale de tren, sa rapid men se yon sèl wout li ka fè .

Se sèl Jezi ki ka fè wout avèw tout kote e li menm fè wout kote ki pa gen wout.

Si zanmi pa vle bòw woulib oubyen imilyew paske w sou de pyew, pa bliye Jezi se zanmi ki pap janm lagew la.

Konte sou li, aji ak lafwa, mache dwat, mwen garanti w li pap fèw wont. E pa bliye ke se sèl moun ki ka mennen w nan Wayom Bondye a. Okenn aparèy, te mèt fize, navèt, youn pa ka mennenw w nan peyi kote vrè kay ou ye a.

Pa rayi pèsonn pou sa l posede sou latè ni pa sakrifye nanm ou pouw posede byen pandan w ap neglije nanm ou zanmim.

Lavi a senp
Lavi a kout
Lavi a ka bèl

Ann viv li chak jou paske demen pa pou pèsonn.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire