Konesans chita nan liv. Sa fè nou pa oblije vwayaje pou nou
aprann e konprann kòman lemond ap bouje. La a, sou yon ti
chèz, lakay ou, nan bibliyotèk la, sou do kay la, sou plas la, nenpòt kote ki pa
gen bri, ou ka ouvè yon liv pou w li.
Liv se yon zanmi ki
pa janm entèwonp ou lè w ap pale avè l. Ou ka mache ak li kote w vle. Ou ka
pote l nan valiz ou, nan pòch pantalon ou oubyen nan pòch chemiz ou. Si w
depoze li nan plas li sou etajè a, li p ap janm deplase pou tèlman li respekte
w. Depi se bon zanmi l ou ye, w ap konnen fasil lè yo pran l menmsi l pa pale.
Gras ak liv, ou ka
di sa ou vle san pale. Pawòl ou rive kote w p ap janm konnen, li tonbe anba je
moun ki p ap janm pran tan pou koute w k ap pale. Liv ka met lajwa nan tristès
ou, bonè nan malè ou, lespwa nan dezespwa ou, e li ka klere chemen ou. Li se
yon zouti pou kominike, edike, transfòme yon sosyete ki kwè nan bon jan prensip
ak disiplin pou devlope mantal.
Nou, Jeunesse et
Lecture, gen plis pase 6 lane depi n ap travay pou sa, goumen pou sa. Nou
kwè nan sa e nou konnen yon jou n ap viv sa, paske menmsi tout moun ta fè
silans, liv p ap janm sispann pale.
Jérôme Dorsonne Emerson
14
me 2016, Lyankou
Avan gou: http://laboussoleartibonite.blogspot.com/2017/06/ki-kote-edikasyon-seksyel-la-dwe-fet.html
Aucun commentaire:
Publier un commentaire